Dènye
Kominike laprès
30 novanm 2022
An n travay ansanm pou tout moun gen menm dwa pou n ka fini ak maladi SIDA nan peyi d Ayiti
Jwenn plis enfòmasyon
Istwa
28 novanm 2022
Geri Ayiti kont volim vyolans seksyèl yo
Jwenn plis enfòmasyon
Istwa
20 novanm 2022
Moun An Premye: Sove lavi epi anpeche kolera simaye nan peyi D Ayiti
Jwenn plis enfòmasyon
Dènye
Objektif devlopman dirab yo nan AYITI
Objektif devlopman dirab (ODD) yo, ki se objektif global, se yon envitasyon inivèsèl pou mennen aksyon pou elimine lamizè, pwoteje planèt la epi garanti tout pèp sou latè ap viv nan lapè ak nan pwosperite. Se menm objektif sa a Nasyonzini genyen an Ayiti tou.
Piblikasyon
20 avril 2023
Cadre de Coopération des Nations Unies pour le Développement Durable 2023-2027
Le Cadre de Coopération des Nations Unies pour le Développement Durable représente l’engagement collectif de l’ONU en Haïti afin d’accompagner les efforts du pays dans la réalisation de l’Agenda 2030 pour le développement durable et assurer une mise en œuvre du Programme Commun des Nations Unies ainsi que le Nouvel Agenda pour la Paix.
Le Cadre de Coopération des Nations Unies pour le Développement Durable est aligné sur les priorités du Plan Stratégique de Développement d’Haïti (PSDH) et sur la vision du Gouvernement visant à faire d’Haïti un pays émergent. Élaboré sur la base des principes de la réforme du Système des Nations Unies, ce Cadre de Coopération marque un nouvel élan dans le partenariat entre l’ONU et le Gouvernement pour la période 2023-2027. Il repose sur une vision partagée des défis et des opportunités du pays. Il s’aligne aussi sur les recommandations issues de l’Examen périodique universel (EPU) d’Haïti de 2022 et fait écho aux valeurs de justice, de liberté et de dignité portées par la Déclaration universelle des droits de l’homme.
1 of 5

Istwa
25 jiyè 2022
Konstwi yon avni pi rezilyan aprè tranblemann tè a an Ayiti
Yon ane apre gwo tranblemanntè ki te frape Ayiti a, kominote yo kontinye rebati lavi yo epi pi byen prepare yo pou katastwòf k ap vini yo.
Yon liy fanm pote wòch nan men yo ak sou tèt yo pandan y ap desann nan yon ravin, bò yon ti mòn nan sid peyi d Ayiti. Yo pote wòch yo pou kominote a ka bati baryè ki pral ralanti dlo lè lap desann nan plenn nan epi anpeche tè a ale, sa ki enpòtan pou kominote andeyò sa a.
Se yon ekip fanm ak gason ki soti nan kominote ki plis nan bezwen nan youn nan twa depatman nan sid peyi a kote gwo tranblemanntè ki te gen mayitid 7.2 nan dat 14 dawout 2021 an te fè plis dega. Plis pase 2,200 moun te mouri nan dezas la ak plis pase 137,000 kay te detwi oswa domaje, ak tou lopital, lekòl ak enfrastrikti transpò esansyèl, ki gen ladan yo wout ak pon.
Jis anba vale a, yon lòt ekip ki gen 36 moun ap travay di pou yo trase yon wout nan yon pwogram reyabilitasyon. Yo peye yo 500 goud ayisyen (apeprè $ 5 dola ameriken) pou yon jounen 4-5 èdtan travay, y ap gen pou pase 20 jou ap travay pou amelyore kominote yo.
Tesse Medgune esplike "Lajan mwen touche a ede m peye manje, lekòl ak lòt bezwen nan kay la". "Anpil fanmi pèdi mwayen yo te konn degaje yo akòz tranbleman tè a, kidonk li ede nou siviv."
Pwogram Alimantè Mondyal sipòte travay reyabilitasyon sou bò wout mòn ak vale yo ki fè pati efò gouvènman ayisyen an ap fè pou amelyore rezilyans moun katastwòf natirèl yo ka plis touche. Anpil nan moun sa yo resevwa sipò tou pou amelyore aktivite pwodiksyon manje ak lamanjay.
Gen 16 ekip menm jan nan lòt zòn tou pre yo ak anpil lòt nan tout blòk sid peyi d Ayiti, kote tranbleman tè a te lakòz plis domaj.
"Lajan moun yo touche a enpòtan pou kounya a, li pèmèt yo pase peryòd difisil aprè tranblemann tè a," Sophia Toussaint ki ap travay nan PAM esplike, "men li enpòtan tou pou demen yo, pou avni yo.
Li ajoute ‘’Mi ki monte pou pwoteksyon yo ap kenbe tè a, lè fòs dlo vle pote l ale, sa vle di kiltivatè yo gen mwens chans pèdi rekòt yo nan yon katastwòf natirèl; Yon bon wout pèmèt yo pote pwodui yo pi fasil al nan mache. "Sa vle di tou, yo ka pote asistans ak yo lè yo nan bezwen pi rapid , pi fasil epi moun kapab ale lopital si gen yon lòt tranbleman tè."
Jerry Chandler se Direktè Egzekitif Ajans Pwoteksyon Sivil an Ayiti. Li rakonte "Nou te travay men nan men ak patnè entènasyonal nou yo, ki gen ladann Nasyonzini, pou nou asire nou jan nou reponn lè katasywòf yo te pote fwi. Nan fason sa a, nou ap prepare nou pou posibilite pou yon lòt katastwòf, men nou ap travay tou pou nou bese enpak yo ka genyen."
Yon lane aprè tranblemann tè a, Nasyonzini kontinye sipòte kominote nan twa depatman ki te plis touche yo, Grandans, Nip ak Sid. Prèske 26,200 moun te kouri kite kay yo ki te kraze epi majorite ladan yo te rete nan 85 sit deplase ki te la pou yon ti tan yo.
Gen yon majorite moun ki retounen lakay yo kounye a, pami yo Roslaine Jeantine ak twa pitit gason l yo. Mi ki nan do kay li a nan komin Lauran, yon ti kras deyò vil Okay, te tonbe nan tranblemann tè a, kote janm pi gran pitit gason l lan te blese. Li te vle retounen lakay li gras ak yon twous konstriksyon do kay Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM) te distribiye nan zòn li an.
"Mwen te vann kabrit mwen an pou peye bòs chapant pou enstale nouvo do kay mwen an," Roslaine Jeantine rakonte nou. "Mwen toujou santi mwen panike lè mwen tande yon gwo bri, m panse li ta ka yon lòt tranblemann tè, men mwen konnen do kay sa a byen fèt, li pral pwoteje m ak fanmi m lè gen move tan an."
OIM te distribye plizoumwen 100 twous nan Lauran, ki gen ladann tout bagay yon fanmi bezwen pou enstale yon do kay; bwa, fèy eten, klou ak plis ankò. An gwo, yo te distribye anviwon 500 kit bay fanmi ki plis nan bezwen yo nan tout zòn tranbleman tè a te pase.
Jean Gardy Saint Juste ki ap travay nan OIM di nou "Do kay sa yo enpòtan pa sèlman paske yo bay abri, men tou, paske yo pèmèt fanmi yo pran pwòp desizyon yo sou kòman yo ap repare kay yo, sa vle di rebati lavi yo. Nan sans sa a, yo ap kreye pwòp rezilyans yo pou pare pou katastwòf k ap vini gras ak yon ti sipò nan men OIM."
Pandan kay yo te rebati do kay pa do kay, wout yo te repare wòch pa wòch, ajans Nasyonzini yo toujou ap travay nan tout twa depatman yo, nan bay sèvis endispansab, men tou nan kreye espas pou kominote yo pran desizyon sou ki jan ak ki pi bon fason pou yo pwoteje tèt yo sizanka ta gen yon lòt tranblemann tè.
Pou lane 2022 a, pwogram rezilyans PAM an Ayiti yo jwenn sipò peyi Laswis, Kanada, Koredisid (KOICA) ak Ajans Etazini pou Devlopman Entènasyonal (USAID/BHA).
In 2022, WFP Haiti’s resilience programmes are supported by Switzerland, Canada, South Korea (KOICA) and the US Agency for International Development (USAID/BHA).
1 of 5

Istwa
22 oktòb 2021
Figi Redrèsman: Pou dirije, bay ekzanp
Tranbleman tè a andomaje kay Wadlet Merant nan Pestèl, men kòm sekretè Klib U-Report (yon gwoup kominotè jenn), li te detèmine fòk li al ede lòt moun siviv efè anraje katastwòf sila.
“Panik pranm nèt al kole. Se te yon bagay terib. Sete tankou lafen di monn. Manm Klib U-report yo te ansanm atè a ap ede rale moun soti anba dekonm.
Jounen jodi a, travay U-reporter yo ap rapouswiv. Sa bay ankourajman lè’w gade ou wè tout jenn yo ap ede youn lòt pandan yo ap ede kominote yo a. Mwen se yon temwen dirèk chanjman. Moun yo, sitou jenn yo, kòmanse gen yon lòt konpòtman apre sa ki pase a, yo ap ede youn lòt yon jan ki pi konsistan.
Anvan tranbleman tè a, U-reporter yo te bay ekzanmp, nan netwaye espas piblik. Koulye a, lòt jenn ap ede nou netwaye lari a, elimine debri. Tout kominote Pestèl la ap ede netwaye vil la. Mwen pa t ap tann sa, se yon kout siprann. Se yon jès ki vreman enpòtan”.
Ou ka li pi plis sou U-Reporters yo la a
1 of 5

Istwa
16 awout 2022
Temwanyaj: Pran lanmè pou pote èd an Ayiti
Kapitèn Madeleine Habib, ki soti Ostrali, te pale de eksperyans li nan okazyon Jounen mondyal èd imanitè a, ki fèt chak ane nan dat 19 dawout, kote tèm pou ane sa a se "Se tout moun ki pou met men".
"Mwen se responsab transpò maritim pou Pwogram alimantè mondyal an Ayiti. Se mwen k ap jere sèvis transpò pa bato a nan lide pou tranzit byen imanitè ki esansyèl yo, ki prale nan nò ak nan sid peyi a, ka fèt an sekirite", se sa li esplike.
Li nesesè pou gen yon altènativ maritim paske gang yo kontinye ap gen plis kontwòl sou wout pou w pase yo lè w ap kite kapital la. Sitiyasyon sa a anpeche popilasyon ayisyen an ak aktè imanitè yo gen libète mouvman yo ni nan kapital la ni lè yo pa nan kapital la.
Sitiyasyon sa a gen gwo konsekans sou revni popilasyon an ak sou aplikasyon pwojè imanitè ak pwojè devlopman ki ta dwe soutni kominote a.
Sa a espesyalman vre sitou pou popilasyon ki nan gran sid la ki kontinye ap soufri akoz enpak mwa dayou out 2021 an.
Yon ane apre katastwòf la, mwen itilize vwa m pou plizyè milye moun ki toujou ap lite pou yo leve kanpe epi ki pa ka rekonstwi lavi yo paske ensekirite k ap grandi nan Pòtoprens la kraze tout previzyon ekonomik yo.
Kiltivatè yo ki nan zòn andeyò nan sid la pa ka al vann pwodui yo nan mache yo epi sa aji sou mwayen yo genyen pou yo viv.
Se tout moun nan kominote a ki pou met men epi lojistik la sipoze yon pati esansyèl nan kominote sa a. Nou gendwa pa devan, men rezo kamyon, bato ak avyon nou an pèmèt nou fè èd imanitè ki esansyèl yo rive jwenn benefisyè nou yo.
Nou dwe kontinye transpòte èd imanitè bay popilasyon vilnerab sa yo.
1 of 5

Istwa
28 oktòb 2021
Figi redrèsman: Lespwa nan yon “lavi miyò”
Marie Myrlène Théolien se yon enfimyè nan lopital LESPWA ki ap resevwa èd LONI nan Jeremi, nan Grandans. Li di li gen espwa tranbleman tè a, ki lakòz anpil dega nan kote li te fèt la, ap bay moun motivasyon pou yo kreye yon “lavi miyò”.
“Trambleman tè 14 dawout la lakòz anpil dega nan sid peyi a; pwòp kay pa m la andomaje grav. Tankou anpil lòt moun isit la, mwen detèmine pou m rekonstwi epi redemare apre dezas sila a. Fòk nou asire nou nou pare pi byen pou mwens moun mouri si kalte evenman sa yo ta rive ankò demen. Fòk nou asire nou tou pèp nou a an sante, se pou sa nou bezwen plis èd.
Kidonk, mwen ap kontinye travay enfimyè mwen a, e m ap konsantre sou ankouraje moun pran vaksen kont KOVID-19: m’ap esplike moun yo poukisa li sitèlman enpòtan pou nou pwoteje. Malerezman, anpil nan yo pa vle kwè viris la ekziste tout bon.
Nou pèdi anpil bagay nan tranbleman tè a; men mwen gen espwa pèt sa yo va ede nou vanse pou nou reyalize pi bèl bagay toujou. Mwen kwè nan yon demen miyò, men pou sa nou bezwen èd”.
1 of 5

Istwa
18 oktòb 2022
Geri Ayiti kont volim vyolans seksyèl yo
Claudine* kanpe sou yon tèt mòn anlè nan tèt kapital Pòtoprens ap gade pa anba. Pil pye bwa yo, bon ti van fre ak nyaj yo ki parèt byen ba, tout sa yo pa gen anyen pou wè ak wout Petyonvil yo ki plen ak pousyè, chalè, ki fè w prèske toufe; pi ba nan vil lan, se la a sa gen 4 lane, li te viktim yon yon kadejak ki ta pral chanje tout lavi l.
Li deklare "nan epòk sa a mwen te fenk gen 16 zan epi mwen t ap viv ak kouzin mwen ansanm ak mari l. Se mwen ki te konn siveye timoun yo pou yo kòmsi yo te pwòp pitit mwen." Claudine te sipoze lekòl nan moman sa yo, men depi lè manman l ak grann li fin mouri, li pa t gen onkenn lòt opsyon ke al viv ak kouzin li an epi fè travay pou li nan kay la. Se la a mari kouzin li an te mete men sou li epi vyole li.
"M pa t konn sa pou m te fè, men yon zanmi te rapòte bagay la bay lapolis men pa t gen anyen ki te fèt pou yo te met men sou mesye a." Yon lane aprè li vin akouche yon pitit fi, konsa yo vin pran l epi mennen l nan yon refij ki la pou timoun ki sibi abi, timoun sa yo, anpi l ladan yo gen tibebe y ap okipe tou. Nan refij li ap viv depi 3 lane a, se yon òganizasyon ki rele Rapha House ki ap jere l, objektif òganizasyon sa a, se pou mete fen ak trafik ak tout lòt eksplwatasyon sou timoun.
Nahomy Augustin se kòdonatris pwojè nan ONG entènasyonal sa an Ayiti. "Anpil nan jèn tifi ki la yo se viktim lamizè ak ensekirite, akoz yo pa gen aksè a sèvis ak opòtinite de baz yo, sa rann yo plis nan bezwen, li vin pi fasil pou yo viktim abi," selon Claudine.
Refij la byen kache nan yon lakou ki pa atire twòp atansyon, nan yon zòn byen trankil sou tèt Pòtoprens, kote y ap sipòte medam yo pou yo reprann yo apre move eksperyans twomatik sa yo. Madam Nahomy Augustin fè konnen, "nou gen yon apwòch ki pran tout bagay an chaj, se sak fè nou bay yon seri sèvis ki tou gen ladan yo swen medikal ak api sikolojik, nou ba yo kote pou yo rete, konsèy jiridik epi nou fè medyasyon ant yo ak fanmi yo."
Objektif lan se pou ede jèn fanm sa yo retounen lakay yo nan espas yon lane depi kote a pa reprezante yon danje pou yo, men gen anpil ladan yo ki rete pi plis tankou Claudine. Aktyèlman refij la ka resevwa 24 jèn fanm ansanm ak tout pitit yo, men gen yon nouvo sant k ap konstwi ki ap ka resevwa jiska 80 moun.
Yo estime 30% jèn fanm ayisyen ki ant 15 a 30 lane te viktim vyolans oswa abi seksyèl. Inisyativ Spotlight, se yon inisyativ Nasyonzini mete sou pye nan tèt kole ak Inyon Ewopeyèn pou yo elimine tout fòm vyolans sou fanm ak tifi, inisyativ sa ap travay pou li transfòme lavi fanm ayisyèn pou de bon.
Inisyativ la an patenarya ak Fon Nasyonzini pou Timoun (UNICEF) ap sipòte Rapha House ansanm ak lòt refij pou fanm nan peyi a.
Geraldine Alferis ki se yon ekspè kont vyolans ki fèt sou fanm ak tifi nan UNICEF deklare, "Dènye moman sa yo, Ayiti, espesyalman kapital Pòtoprens lan, ap fè fas ak yon monte vyolans nan men gang yo. Gen plizyè milye tifi ak fanm ki deplase, sa lakoz yo vin pi vilnerab epi pi fasil pou yo sibi abi."
Nan mwa jiyè ki sot pase la, Nasyonzini deklare "gang nan katye Site Solèy nan Pòtoprens ap itilize vyòl kont tifi ak fanm kòm yon revanj ak mwayen pou koresponn youn kont lòt."
"Kadejakl kote plizyè moun pase sou yon fanm oswa yon jèn fi se yon sitiyasyon ki trajik anpil, kidonk nou ap travay pou nou asire nou viktim ak sivivan yo jwenn swen yo bezwen," se sa Geraldine Alferis di.
Inisyativ Spotlight an Ayiti mete fokis sou strateji pou mete fen ak vyolans fanm ak tifi ap sibi, vyòl, moun ki kouche ak menm manm nan fanmi l, vyolans fizik ak vyolans sikolojik, ansanm ak lòt restriksyon sou libète ak dwa fanm ak tifi yo. Li gen misyon tou pou li bay yon swen ki konplè ak fanm ak tifi ki siviv vyolans sa yo.
Nan yon vizit nan refij la, Kowòdonatris Rezidan ak Imanitè Nasyonzini an, Ulrika Richardson, di konsa "li difisil anpil pou w ap tande listwa fanm ak jèn tifi sa yo," li kontinye pou li ajoute "men mwen santi tou yon lespwa e mwen rekonèt enpòtans sèvis sa yo ke yo gen aksè ak yo a."
"Mwen fyè de Inisyativ Spotlight la ansanm ak repons de baz li ap bay nan tèt kole ak patnè lokal nou yo, men sa mwen tande pandan moman vizit sa se yon rapèl an ijans ki montre nou konbyen li enpòtan pou nou atake veritab koz vyolans seksyèl sa yo."
Nan refij sa a ki sitiye l sou tèt Pòtoprens lan, sivivan tankou Claudine yo gen posibilite pou yo etidye, ratrape plizyè kou lekòl ke anpil nan yo pa t suiv pandan yo te pi jèn. Yo kapab pran kou pwofesyonèl tou pou yo ka gen nouvo konpetans nan kouti ak fè savon, sa ki ka pèmèt yo rantre kèk ti lajan, ki ka reprezante premye pa pou yo vin mèt tèt yo.
"Al lekòl, enpòtan anpil," selon Claudine. "Si w ap travay pou w konstwi yon fanmi tankou mwen, li pa sèlman enpòtan pou w jis resevwa manje ak yon kote pou w dòmi. Ou sipoze jwenn opòtinite pou w etidye epi trase yon chimen pou tèt ou."
1 of 5

Istwa
17 novanm 2022
Moun An Premye: Sove lavi epi anpeche kolera simaye nan peyi D Ayiti
Maladi kolera a se yon maladi ki mòtèl, men li kapab trete tou, dènye tan sa yo, li rekòmanse pwopaje nan peyi a, selon dènye chif gouvènman an pibliye nan dat 19 Novanm, gen anviwon 8,800 moun ki te entène lopital epi plis pase 184 ladan yo mouri.
Ajan Esterline Dumezil te resevwa fòmasyon nan Ministè Sante Piblik ak Popilasyon Peyi D Ayiti ak Òganizasyon Panamerikèn Sante Nasyonzini an (OPS/OMS).
"Depi 2014 m ap travay nan komin Site Solèy nan Pòtoprens, pandan dènye uit lane sa yo sitiyasyon yo vin pi detèryore, sa vle di lavi a vin pi di pou moun k ap viv nan zòn sa a. Yo pale mwens de pwoblèm sante yo genyen, men plis sou pwoblèm ekonomik ak sitiyasyon ensekirite a k ap ba yo anpil tèt chaje. Yo vrèman pè akoz maladi kolera a ki retounen an.
Djòb mwen se pou m pale avè yo epi sansibilize yo. Mwen ba yo anpil enfòmayson konsènan sante piblik, kounya pandan moman kolera a tounen an, mwen oblije fè pòt an pòt pou m vizite chak fanmi lakay yo. Mwen sansibilize yo sou enpòtans pou yo bwè dlo ki trete, kijan pou yo fè manje, lave men yo ak lòt mezi yo ka pran pou yo anpeche maladi kolera a simaye plis.
Moun nan zòn nan gen anpil preyokipasyon, yo vle rakonte m sa y ap konfwonte ansanm ak pwoblèm yo genyen. Mwen asire yo, epi mwen raple yo kolera pa ta sipoze dwe yon bagay ki fatal, se yon maladi yo ka trete. Si règ ijyèn debaz yo respekte, yo kapab konbat maladi a.
Lè m jwenn yon moun ki gen sentom tankou dyare, kit son w gwo oswa yon ti dyare, mwen refere l a yonn nan lopital ki nan kominote a, lopital sa yo te resevwa ekipman pou yo ka fè fas ak maladi a; kidonk mwen konnen y ap jwenn bon tretman.
Li enpòtan anpil pou mwen pou m kontwole ka ki sispèk yo epi pou m pran nòt sou sa moun ki nan zòn nan pataje ansanm avè m yo. Enfòmasyon sa yo mwen rapòte yo bay siperyè mwen yo nan Ministè a, sa ede epidemyolojis nou yo pou yo pi byen konprann jan kolera a ap afekte epi simaye nan peyi a.
Ede sila yo ki plis pa kapab yo
Nou toujou sou teren an, malgre difikilte sitiyasyon aktyèl peyi a. Ajan sante kominotè yo pa p chome, yo fòme nou pou nou ede sila ki pi pa kapab yo. Se yon devwa, e se yon fyète pou nou, pou nou kontribiye nan efò sa.
Pèsonèlman, mwen gen yon filozofi kote chak moun ka bay kontribisyon l pou li amelyore lavi nan kominote nou yo. Se rezon sa ki fè mwen te vle vin yon ajan sante kominotè, paske mwen pran plezi nan ede moun epi fè pati solisyon pou chanjman an. Anplis de sa, se yon djòb ki enpòtan tou ki ka sove lavi. Rankontre moun epi ede yo se sa ki met plis lajwa nan kè m nan travay sa. Mwen santi m byen lè m ap rantre de pòt an pòt, epi m santi m konfòtab nan zòn nan, malgre ensekirite gwoup gang yo lakoz la, paske moun yo konnen m epi yo gen konfyans nan mwen. Mwen pa janm regrèt karyè sa mwen te chwazi a. Mwen renmen rankontre moun lakay yo, e se lè sa mwen santi m plis an jwa.
Yon seri ajans Nasyonzini ki gen ladan l OIM, UNAIDS, UNFPA, UNICEF ak WFP ak Sèvis Ayeryen Imanitè Nasyonzini an, UNHAS, ap sipòte tou repons Nasyonzini an pou kolera.
Ajan kominotè yo, ki genyen sig yo an fransè ki se ASCP, jwe yon gwo wòl nan Estrateji Sante Kominotè Ministè Sante ak OPS/OMS mete sou pye. Yo konn zòn kote y ap travay la byen epi yo gen aksè avè l, sa vin fè yo jwe yon premye wòl nan entèvansyon kont kolera a sitou nan zòn tankou Site solèy kote li difisil pou moun ale kounya a. Jiska prezan gen 300 ajan ki te resevwa fòmasyon epi ki deplwaye sou teren an pou mennen aktivite sansibilizasyon ak angajman kominotè tankou pwogram WASH la, siveyans ak referans lè gen ka kolera. Nou ap modelize fason travay sa epi nou ap replike l nan lòt pati nan kapital la ak pi lwen toujou. An Fransè: ASCP - Agent de Santé Communautaire Polyvalent.
1 of 5

Istwa
26 oktòb 2022
Kesyon ak repons sou kolera
Kisa kolera ye?
Kolera se yon enfeksyon ki grav. Se yon bakteri ki gen fòm alonje yo rele Vibrio Cholerae ki bay maladi sa a. Moun trape l nan dlo ak manje ki pa trete ki rantre nan bouch yo.
Nan pifò ka yo, enfeksyon an bay moun nan yon ti dyare oswa li pa gen sentom ditou. Men, nan 5 à 10 % ka yo, pasyan yo gen yon gwo dyare ak vomisman ki grav anpil soti premye rive nan senkyèm jou aprè moun lan te ekspoze ak bakteri a. Nan ka sa a, moun nan ka pèdi anpil likid nan kò l, sa ka lakoz li dezidrate byen rapid nan yon pwen ki grav. Si pa gen tretman rapid, moun nan ka mouri byen rapid.
Kijan kolera pwopaje?
Yon moun ka enfekte nan bwè dlo oswa nan manje, bakteri ki bay kolera a kontamine. Nan manje, plis kote moun yo trape maladi a se lè yo manje manje ki sot nan lanmè, tankou pwason, krab, kribich, elatriye ki kri oswa ki mal kuit osnon nan fwi ak legim ki kri ak lòt manje tou ki kontamine pandan y ap prepare oswa estoke yo.
Bakteri ki prezan nan matyè fekal yon moun ki enfekte se prensipal sous kontaminasyon maladi kolera a. Bakteri a ka viv nan anviwònman ki gen dlo lapli, rivyè oswa dlo moun fin sèvi melanje ak dlo lanmè, li ka viv tou nan dlo akote lanmè a. Kidonk maladi a ka pwopaje fasilman nan zòn kote dlo moun yo fin sèvi yo ak dlo pou moun bwè yo pa trete kòmsadwa.
Kòman pou pwoteje tèt ou kont kolera?
Moun k ap viv nan zòn ki gen gwo risk yo ka pwoteje tèt yo lè yo swiv bon règ ijyèn ki senp.
Men kèk prensip ki ap itil:
Byen lave men w, sitou anvan w prepare oswa kòmanse manje
Byen kuit manje yo epi manje yo cho (Asire w manje w achte nan men machann nan lari yo byen kuit devan w epi yo pa gen anyen ki kri ladan yo.)
Bouyi oswa trete dlo pou bwè yo (evite bwè glas, sof si w konnen se yon dlo trete ki fè l.)
Itilize enstalasyon sanitè yo.
Anvan tout bagay, fè anpil atansyon ak manje ak dlo, ansanm ak glas, epi sonje ti règ senp sa : bouyi l, kuit li, kale l, oubyen ba l vag
Ki tretman ki disponib?
Tretman ki pi enpòtan se reyidratasyon an, li fèt lè w ranplase byen rapid dlo ak sèl moun nan pèdi pandan dyare ak vomisman an. Yon reyidratasyon alavans ka sove lavi prèske tout pasyan ki gen kolera yo.
Si ou menm oswa yon manm nan fanmi w santi yon sentom vant pase ki sanble a kolera, tretman an se menm kalte reyidratasyon yo plis antibyotik. Yo dwe pran sewòm oral touswit. Men, si yo pa disponib, OPS/OMS rekòmande yon fòmil ki ka ranplanse l ki se 6 ti kiyè sik, plis yon kiyè sèl nan yon lit dlo trete, li gen menm pwopòsyon ak sewòm oral la (yon ti kiyè gen yon volim 5 mililit). Men kòman pou pran l:
• Timoun ki gen mwens pase 2 lane : 50 a 100 ml (1/4 tas a 1/2 tas) melanj sewòm oral; aprè chak twalèt dyare jiska anviwon 1/2 lit pa jou
• Timoun ki gen ant 2 a 9 lane : 100 a 200 ml pa jou apre chak twalèt dyare jiska anviwon 1 lit pa jou
• Pasyan a pati 10 lane otan sa nesesè; jiska anviwon 2 lit pa jou
Pou pasyan ki dezidrate anpil yo, li rekòmande pou pran sewòm nan ponyèt yo.
Èske vaksen an pwoteje moun kont kolera ?
Vaksen kont kolera yo pran nan bouch la ofri yon bon pwoteksyon jiska 3 lane kont maladi kolera. Men, kòm vaksen sa yo pa ofri yon pwoteksyon a 100%, nou dwe toujou pran prekosyon ijyèn debaz yo tankou lave men nou ak sa n ap manje ak dlo pwòp.
1 of 5

Istwa
19 oktòb 2022
Yon maten nan yon sant tretman kolera
Antre a bay sou yon gwo sal, kote gen yon santèn ti kabann ak chèz. Tout gen moun sou yo. Sant tretman gwo dyare (Centre de Traitement de Diarrhées Aigües, CTDA) ki nan Gheskio (Groupe Haïtien d’Étude du Sarcome de Kaposi et des Infections Opportunistes) ki anba lavil la, resevwa yon dizèn gason, fanm ak timoun pa jou depi apre li relouvri pòt li, sa gen apèn yon mwa.
"Sant sa a te fèmen depi nan fen dènye epidemi kolera an Ayiti a. Pou kounye a, nou apèn relouvri l pou n ka fè fas ak kriz sa a" se sa Marie Marcelle Deschamps, Direktris adjwen Gheskio a di.
2 oktòb ki sot pase a, gouvènman ayisyen an te deklare nouvo aparisyon kolera a an Ayiti apre twa lane san yo pa t sinyale okenn ka, sa ki menase byennèt ak sante 1,2 milyon timoun k ap viv nan vil Pòtoprens, kapital peyi D Ayiti. Epidemi an te premye parèt nan Site Solèy, youn nan katye ki plis nan bezwen an Ayiti, pandan peyi a ap fè fas ak gwo afwontman ant gang ak zam ak gwo manifestasyon kont lavi chè, depi nan mitan mwa septanm nan.
Nan dat 15 Novanm la, Ministè Sante ak Popilasyon an (MSPP) te siyale 807 ka pozitif ki konfime, 9317 ka yo sispèk ak 57 ka lanmò nan etablisman sante yo. Yo rapòte ka sa yo nan plizyè komin nan depatman Lwès la tankou Pòtoprens, Site Solèy, Dèlma, Petyonvil ak Kwadèboukè epi nan Mibalè nan depatman Sant lan.
Kolera plis mete lavi timoun ki mal nouri yo an danje
Doktè Deschamps ap prezante defi sant lan bay Bruno Maes, Reprezantan UNICEF an Ayiti, pandan y ap mache nan koulwa yo pou yo pale ak pasyan yo. Yon mo rekonfò ak yon ti mo dous pasi pala pou yo pa abandone. Anpil manman kontinye ap debake nan gwo sal la, pitit yo sou lestomak yo. Sant lan twouve l pa twò lwen plizyè katye defavorize tankou Matisan, Kafou Fèy ak Site Solèy, kote afwontman ant gang ak zam fin ravaje epi kote lamizè ak malnitrisyon ap taye banda. Maes fè nou remake "Pifò pasyan yo se timoun epi yo tout malnouri. Si yo gen dyare epi si y ap vomi akoz kolera a, lavi yo an danje”. Plis pase mwatye nan moun ki devlope sentom kolera yo gen mwens pase 14 lane, epi timoun ki gen ant youn ak kat lane yo se yo ki pi grav.
Dapre dènye done ki disponib sou malnitrisyon nan vil Site Solèy, ki anrejistre premye ka kolera nan peyi a, yon timoun sou senk ki pa ko gen senk lane soufri malnitrisyon grav oswa modere. Akoz mank sèvis debaz yo nan katye defavorize sa yo, nou pè pou anpil timoun pa mouri nan vag kolera sa a.
UNICEF te sipòte Gheskio ak medikaman ak materyèl medikal epi ak ekipman pwoteksyon pèsonèl tankou gan, blouz ak mask. Gheskio gen kapasite pou l pwodui 300 lit dlo ki trete ak klò pa jou. Men, defi yo ap pèsiste epi gen anpil chans pou yo fè ladènye sou sant la nan jou kap vini yo. “Nou gen gwo pwoblèm pou nou jwenn gaz ak pou nou rekrite nouvo ajan. Pou tout kantite moun n ap resevwa chak jou, nou gen sèlman uit ajan. Nou debòbe. "Dam sa pase nwit la isit la epi li tou kontinye pase jounen an", se konsa Doktè Deschamps ap esplike, pandan l ap lonje dwèt sou yon enfimyè ki gen yon blouz ble, kote tout fatig yon nwit san dòmi make aklè nan figi l.
Kolera ka gaye tankou dife nan kann
Nan lakou a, nan antre batiman an, yo te fè yon reyinyon kowòdinasyon byen rapid pou yo te kapab rezoud pwoblèm gaz la. "Taz, nou bezwen 3 000 galon gaz nan Gheskio," se sa Maes te di Chèf Sèvis Ijans lan Dorica Tasuzgika Phiri nan telefòn. "Li t ap pi bon pou yo vin ba nou gaz la dirèkteman," se sa li te ajoute, paske gaz la toujou difisil pou jwenn depi lè gwoup gang ak zam te bloke aksè pou ale nan pò prensipal kapital peyi a. Taz ak Doktè Deschamps kontinye pale sou fason ki pi an sekirite pou bay gaz la.
Gheskio planifye tou pou l bay plizyè ajan sante kominotè travay ki kapab ale kay fanmi yo epi aprann yo kijan pou yo prepare sewòm oral pou yo bay pasyan yo depi nan premye èdtan yo. Anpil pasyan rive nan sant la tou dezidrate epi yo riske mouri si yo pa trete yo an ijans. "Kolera ka gaye tankou dife nan kann byen fasil nan tout peyi a si moun yo kontinye pa gen aksè oswa gen yon aksè limite pou yo jwenn sèvis sante, dlo ak sèvis ijyèn debaz yo akoz ensekirite a." , se sa Maes di. "Pou redui risk pou gen yon gwo epidemi, enkyetid ki pi ijan nou genyen an se pa sèlman achte epi distribye dlo potab, klò ak savon, men se jwenn mwayen pou nou rive jwenn fanmi ki pi pòv ki nan zòn gang yo kontwole yo".
UNICEF te bay patnè li Médecins du Monde (MDM) Ajantin, Centre Hospitalier Fontaine, Médecins San Frontières (MSF), Depatman Sante Lwès (DSO) ak Gheskio, divès kalite pwovizyon ki gen ladann: senk tank ki kapab sere 40,000 lit dlo pou bwè, 2,500 woulo papye twalèt, 13,000 savon lesiv ak savon twalèt, 1,700 galon plastik, 2,800 sèvyèt sanitè, 20 pake pou teste klò ak 4,700 pake ki gen yo chak 50 tablèt pou pirifye dlo.
Nan fen ane 2021, UNICEF te lanse yon apèl $97 milyon dola ameriken pou rive sèvi 950,000 moun, ladan yo 520,000 timoun an Ayiti ak asistans imanitè. Jiska dat, UNICEF te resevwa sèlman yon tyè nan fon sa yo.
1 of 5

Istwa
18 oktòb 2022
Jèn yo rankontre pou pale sou spò ak atizana
Plizyè jèn ki soti nan katye kote vyolans gang ap ravaje nan kapital la te rankontre youn ak lòt pou pataje eksperyans yo, epi angaje yo nan aktivite espòtif
Anviwon 1500 jèn te reyini nan aktivite pwojè Semans Lapè (Grenn Lapè) Nasyonzini te sipòte a travè Fon Nasyonzini pou Konstwi lapè, anvan Jounen Entènasyonal lapè a rive, yon jounen yo selebre chak 21 septanm.
Rosemonde* (23 years old)
"Mwen rete nan Site Solèy ki anba kontwòl gang yo. Gen yon sèl wout ki soti nan katye lakay mwen an. Wout sa a souvan anba dlo aprè lapli fin tonbe oswa li plen fatra, kidonk li difisil pou m patisipe nan aktivite deyò. Mwen pa alèz kote mwen rete a. Manman mwen pa lakay mwen kounya a. Mwen gen 6 frè ak sè. Se mwen ki pi gran, kidonk mwen fè sa mwen kapab pou pran swen tèt mwen ak fanmi mwen. Mwen fè atizana, tankou zanno. Lè mwen rive patisipe nan aktivite nan gwo rasanbleman sa yo, mwen ka pale ak moun, mwen ka viv ak aji nòmalman. Mwen vin isit la pou jwi lavi m.
Mwen swete katye mwen an te tankou sa a, mwen swete li te gen lapè."
Samentha (22)
"Mwen se yon antreprenè. Mwen fè konfiti ak manba ak lòt pwodwi lakay mwen nan zòn Sen Maten. Mwen te aprann fè sa nan yon fòmasyon mwen te swiv. Mwen ta renmen vann nan boutik lokal yo, men pou fè sa mwen bezwen plis envestisman. Pou kounya a, mwen vann lakay mwen. Jèn an Ayiti vle avanse men li difisil pou jwenn èd, sitou lè pa gen yon sistèm sipò sosyal k ap fonksyone. Jèn yo strese anpil, donk mwen panse se yon bon bagay pou nou tout kontre jodi a, paske sa ap ede nou wè nou pa tèlman diferan ak moun k ap viv nan lòt katye yo.
Sitiyasyon an ap deteryore depi plizyè mwa, men malgre sa mwen panse mwen ka enspire lòt jèn yo pou yo avanse jan yo kapab. Mwen kwè nan tèt mwen anpil. Mwen se yon lidè pou fanmi mwen."
Evens (19)
"Anpil jèn, menm jan ak twa sè m yo ki fini lekòl, yo pase pifò tan yo chita lakay yo san yo pa gen anyen pou yo fè. Aktivite sa yo, ki gen ladann fòmasyon enpòtan anpil paske yo ede nou gade pi lwen. Natirèlman, li bon pou pase tan ak lòt jèn. Mwen renmen fè espò. Menm lè m te piti, mwen te fò epi renmen konpetisyon, sa ankouraje m toujou jodi a pou m kontinye amelyore m. Rèv mwen pou lòt jèn yo se pou yo wè avni yo, menm jan mwen wè lavi mwen.
Sa vle di pou yo konsantre plis sou travay yo, sou sa yo bezwen aprann. Mwen toujou ankouraje yo pou yo eseye. Youn nan rèv mwen se, lè mwen fini lekòl, mwen vle vwayaje, dekouvri lòt peyi, men kounye a li pa posib."
Joseph (21)
"Lavi nan peyi D Ayiti tèlman pi difisil kounya a, akòz ensekirite, enstabilite politik la, mete sou kriz gaz la. Daprè granpapa mwen, lavi a pa t janm konsa lontan. Li vin pi difisil ane aprè ane pou viv nan peyi a. Yon aktivite tankou sa a trè enpòtan, paske li ede jèn yo rankontre ak lòt epi wè vrè valè yo. Peyi a bezwen plis aktivite lwazi sen pou jenès la. Pwojè Semans Lapè a te ban mwen fòmasyon, kounya a mwen se yon antreprenè. Mwen se yon etidyan tou. Mwen t ap vann chokola byenavan pwojè a, men kounya a gras ak nouvo konesans mwen genyen, pwodui m yo pi byen prezante. Biznis mwen an rele Happy Choco.
Mwen se yon antreprenè, men lekòl ap toujou pi enpòtan pou mwen.
Mirlande (19)
"Sitiyasyon lakay mwen nan Site Limyè tèlman difisil. Chaje vyolans, men tou, lè lapli tonbe, nou anba dlo. Zòn lan inonde. Lavi pa t janm fasil, men li pa t janm te move konsa. Li difisil pou zanmi m, vin lakay mwen. Anpil moun jije nou paske nou soti nan zòn sa a nan kapital la.
Bagay yo dwe chanje, pou nou pa viv nan yon sosyete kote gen moun anwo ak moun anba. Tout moun dwe gen yon bon lavi. Pifò moun ki sibi vyolans yo pa merite sa. Aktivite sa a pèmèt nou fè ti pale epi ede nou pran nouvèl zanmi nou. Sa vrèman enpòtan pou mwen. Mwen renmen danse, m panse si aktivite sa yo te kapab fèt pi souvan, jè n tankou m te ka pran yon souf. Rèv mwen se ale nan inivèsite pou m vin yon kontab epi kontinye danse nan nivo pwofesyonèl.
Men, li difisil paske nou pa gen mwayen pou nou kontinye ak menm lekòl klasik nan moman sa yo. Se youn nan pwoblèm pi fò jèn bò isit la genyen. Anpil nan nou gen talan ak entèlijans, men nou pa ka eksplwate li nan avantaj nou. Aktivite jodi a ka kontribye nan chanje atitid tout moun sou jèn ki soti nan katye defavorize yo.”
* Tout non patisipan yo chanje pou pwoteje idantite yo.
PBF, se Fon Nasyonzini pou Konstwi lapè. Aktivite sa a rive fèt men nan men ak Concern, Òganizasyon Nasyonal Lakou Lapè ak SAKALA nan kad pwojè Semans Lapè.
1 of 5

Kominike laprès
30 novanm 2022
An n travay ansanm pou tout moun gen menm dwa pou n ka fini ak maladi SIDA nan peyi d Ayiti
Ulrika Richardson, ki se Kòdonatris Rezidan ak Imanitè Nasyonzini nan peyi d Ayiti, te di anvan Jounen Mondyal SIDA 2022 a, yo selebre nan tout peyi nan mond lan chak premye desanm : “ Nou ka fè fas kare ak inegalite ki pèmèt pandemi SIDA a kontinye a; An reyalite, fen maladi SIDA a ka sèlman vin reyalite si nou atake enjistis sosyal ak ekonomik.”
Jounen Mondyal SIDA a se yon okazyon pou moun reyini ansanm pou montre solidarite ak moun k ap viv ak moun k ap soufri ak VIH, ki se viris ki mennen nan SIDA a, epi sonje moun ki pèdi lavi yo akoz maladi sa a.
Tèm selebrasyon ane sa a se "An n travay ansanm pou tou moun gen menm dwa", se yon apèl pou kenbe epi jwenn sipò lajan pou ede kwape viris la epi bay priyorite sante ak byennèt pou tout moun, sitou popilasyon ki plis nan bezwen yo, ki pa jwi menm dwa ak tou moun nan sa ki konsène VIH la.
Analiz ki prezante nan dènye rapò ONUSIDA a, "Inegalite ki danje", montre zafè pa gen menm dwa pou tout moun lan ap anpeche pwogrè nan direksyon pou atenn objektif mondyal yo ki te dakò pou fini ak SIDA.
Nan peyi d Aayiti, se Ministè Sante Piblik ak Popilasyon ki dirije selebrasyon premye Desanm nan epi ONUSIDA ak patnè nasyonal ak entènasyonal yo bay sipò. Evènman an konsantre sou nesesite pou adapte repons nasyonal yo ak bezwen popilasyon ki sible yo yo ki pa satisfè, sitou kominote LGBTQI, nan elimine zafè lonje dwèt sou moun nan ki se estigmatizasyon ak zafè mete moun a kote a ki se diskriminasyon.
Zafè moun pa gen menm dwa selon sèks yo kontribye anpil nan maladi SIDA an Ayiti. Genyen plis fanm ak tifi kap viv ak VIH (2.2 pousan) konpare ak gason (1.4 pousan). Nou dwe prese prese panche sou zak vyolans seksyèl gang nan kapital Pòtoprens yo itilize kòm fason pou yo opere ane sa a, ki mete lavi ak byennèt fanm ak tifi plis an danje.
“Diminye risk ak enpak VIH yo ap toujou bezwen efò tout moun nan kominote a, fanm ak tifi, gason ak ti gason, nan tout divèsite yo, ki pratike prensip ki bay tout moun menm dwa kèlkeswa sèks yo pou travay pou mete fen nan vyolans ki baze sou sèks... An n pouse pou tout moun gen menm dwa”, pawòl Doktè Christian Mouala, Direktè ONUSIDA nan peyi d Ayiti.
Nan tèt kole ak Pwogram Nasyonal pou VIH/SIDA (PNLS), Pwogram Konjwen Nasyonzini pou VIH/SIDA an Ayiti k ap sipòte repons nasyonal la, konpleman aktivite ki aplike atravè envestisman GFATM ak PEPFAR epi travay pou objektif entènasyonal tout moun te dakò yo ki makonnen nan Estrateji Global SIDA 2021-2026.
Pwogram Konjwen Nasyonzini pou VIH/SIDA se yon antrepriz fanmi Nasyonzini ki rasanble efò ak resous 11 òganizasyon sistèm Nasyonzini yo pou mete linyon nan mond lan kont SIDA. Òganizasyon k ap patisipe yo ki fòme ONUSIDA, yo rele tou kosponnò ONUSIDA, se : OIT, PNUD, UNESCO, UNFPA, UNHCR, UNICEF, UNODC, ONU Fanm, OMS, Bank Mondyal, ak Pwogram Alimantè Mondyal.
Pou plis enfòmasyon kontakte:
Daniel Dickinson, Biwo Kòdonatè Rezidan ak Imanitè dickinsond@un.org
Paola Solda, Biwo Peyi ONUSIDA Ayiti soldap@unaids.org
1 of 5
Kominike laprès
15 novanm 2022
Nasyonzini ak patnè l yo lanse yon apèl pou jwenn 145,6 milyon dola pou ede Ayiti reponn ak kolera ak lòt ijans imanitè
Gouvènman an, Nasyonzini ak patnè li yo lanse yon apèl jodi a pou chèche 145,6 milyon dola pou sipòte peyi a nan repons ijans kont nouvo vag kolera a epi pote èd ki nesesè bay 1,4 milyon moun k ap viv nan zòn ki pi touche yo.
Aprè plis pase twazan san yo pa rapòte okenn ka kolera an Ayiti, nan dat 2 oktòb 2022, otorite nasyonal yo te rapòte de nouvo ka konfime Vibrio cholerae nan zòn metwopolitèn lan, nan Pòtoprens. Depi 14 novanm, Ministè Sante Piblik ak Popilasyon rapòte 8,708 ka sispèk, 802 ka konfime ak 161 ka lanmò atravè peyi a. "Kolera se yon maladi ki ka prevni epi ki ka trete, chita sou eksperyans yo ak konesans yo, enstitisyon nasyonal yo te mete sou pye byen vit yon estrateji repons ak sipò ki efikas nan tèt kole ak kominote imanitè lokal ak entènasyonal la" selon Kòdonatris Rezidan Imanitè Nasyonzini an an Ayiti, Ulrika Richardson. Poutan,
ogmantasyon kantite ka yo nan dènye semèn yo ak pwopagasyon rapid maladi a nan peyi a bay kè sote. Daprè OPS/OMS, 500,000 moun riske trape maladi a. Kriz kolera a frape anpil moun nan kominote ki deja nan bezwen yo. Dènye analiz ki fèt sou sekirite alimantè a, gen 4.7 milyon moun, prèske mwatye nan popilasyon an, k ap fè fas ak yon gwo nivo ensekirite alimantè, mete sou 19,200 moun nan sitiyasyon dezas, se pou premye fwa sa rive nan istwa peyi Dayiti. Ayisyen ak Ayisyèn ap fè fas tou ak yon ogmantasyon vyolans akòz aktivite gang ki gen zam yo. Gang yo sèvi ak vyolans seksyèl an patikilye kòm zam pou teworize popilasyon an, epi konsa konkeri epi etabli kontwòl yo sou tout teritwa a. Prèske 100,000 moun deplase kounye a aprè yo te sove pou vyolans ki te anvayi peyi a depi jen 2021. Wout prensipal ki konekte kapital la ak rès peyi a twouve l anba kontwòl oswa enfliyans gang, ki limite oswa menm anpeche popilasyon an jwenn aksè jwenn ak sèvis debaz yo pandan plizyè mwa. Nan kontèks sa a k ap vin pi mal chak jou pi plis, aktè repons lan depann de mwayen transpò altènatif ki koute pi chè pou kontinye bay asistans sou tout teritwa a, repons kont epidemi kolera a rantre ladann tou. Nasyonzini ak patnè li yo ap mande finansman pou apèl sa a pou ede otorite nasyonal yo kwape pwopagasyon kolera a, atravè aktivite pou jwenn dlo potab, ijyèn ak asenisman ak swen sante, pandan y ap reponn ak bezwen ijan sekirite alimantè, nitrisyon ak pwoteksyon nan zòn ki pi afekte yo. Tout kominote imanitè a kanpe bò kote enstitisyon nasyonal yo pou fè fas ansanm ak defi kriz konplèks sa a Ayiti ap travèse.
Haïti 2022 Appel éclair Choléra (Novembre 2022) | ReliefWeb -FEN- Dekouvri kòman pou soutni apèl imanitè sa a: Ayiti 2022 Apèl imanitè pou kolera (Novanm 2022) | ReliefWeb Pou plis enfòmasyon, kontakte: Elsa Bedouk elsa.bedouk@un.org | +509.3702.5769 Public Information and Reporting Officer, UNOCHA in Haiti
Aprè plis pase twazan san yo pa rapòte okenn ka kolera an Ayiti, nan dat 2 oktòb 2022, otorite nasyonal yo te rapòte de nouvo ka konfime Vibrio cholerae nan zòn metwopolitèn lan, nan Pòtoprens. Depi 14 novanm, Ministè Sante Piblik ak Popilasyon rapòte 8,708 ka sispèk, 802 ka konfime ak 161 ka lanmò atravè peyi a. "Kolera se yon maladi ki ka prevni epi ki ka trete, chita sou eksperyans yo ak konesans yo, enstitisyon nasyonal yo te mete sou pye byen vit yon estrateji repons ak sipò ki efikas nan tèt kole ak kominote imanitè lokal ak entènasyonal la" selon Kòdonatris Rezidan Imanitè Nasyonzini an an Ayiti, Ulrika Richardson. Poutan,
ogmantasyon kantite ka yo nan dènye semèn yo ak pwopagasyon rapid maladi a nan peyi a bay kè sote. Daprè OPS/OMS, 500,000 moun riske trape maladi a. Kriz kolera a frape anpil moun nan kominote ki deja nan bezwen yo. Dènye analiz ki fèt sou sekirite alimantè a, gen 4.7 milyon moun, prèske mwatye nan popilasyon an, k ap fè fas ak yon gwo nivo ensekirite alimantè, mete sou 19,200 moun nan sitiyasyon dezas, se pou premye fwa sa rive nan istwa peyi Dayiti. Ayisyen ak Ayisyèn ap fè fas tou ak yon ogmantasyon vyolans akòz aktivite gang ki gen zam yo. Gang yo sèvi ak vyolans seksyèl an patikilye kòm zam pou teworize popilasyon an, epi konsa konkeri epi etabli kontwòl yo sou tout teritwa a. Prèske 100,000 moun deplase kounye a aprè yo te sove pou vyolans ki te anvayi peyi a depi jen 2021. Wout prensipal ki konekte kapital la ak rès peyi a twouve l anba kontwòl oswa enfliyans gang, ki limite oswa menm anpeche popilasyon an jwenn aksè jwenn ak sèvis debaz yo pandan plizyè mwa. Nan kontèks sa a k ap vin pi mal chak jou pi plis, aktè repons lan depann de mwayen transpò altènatif ki koute pi chè pou kontinye bay asistans sou tout teritwa a, repons kont epidemi kolera a rantre ladann tou. Nasyonzini ak patnè li yo ap mande finansman pou apèl sa a pou ede otorite nasyonal yo kwape pwopagasyon kolera a, atravè aktivite pou jwenn dlo potab, ijyèn ak asenisman ak swen sante, pandan y ap reponn ak bezwen ijan sekirite alimantè, nitrisyon ak pwoteksyon nan zòn ki pi afekte yo. Tout kominote imanitè a kanpe bò kote enstitisyon nasyonal yo pou fè fas ansanm ak defi kriz konplèks sa a Ayiti ap travèse.
Haïti 2022 Appel éclair Choléra (Novembre 2022) | ReliefWeb -FEN- Dekouvri kòman pou soutni apèl imanitè sa a: Ayiti 2022 Apèl imanitè pou kolera (Novanm 2022) | ReliefWeb Pou plis enfòmasyon, kontakte: Elsa Bedouk elsa.bedouk@un.org | +509.3702.5769 Public Information and Reporting Officer, UNOCHA in Haiti
1 of 5
Kominike laprès
24 oktòb 2022
Preyokipasyon pèp ayisyen an se fokis sit entènèt an Kreyòl Nasyonzini an
Se pou lapremyè fwa Ekip Nasyonzini nan peyi D Ayiti, ki gen ladann ajans devlopman ak imanitè yo pibliye yon sit entènèt an Kreyòl ayisyen [https://haiti.un.org/ht].
Madam Richardson deklare: "Mwen fyè pou mwen lanse sit entènèt Nasyonzini an an Kreyòl. Mwen panse sit sa ap pèmèt Ayisyen ak Ayisyèn gen plis aksè ak travay Nasyonzini ap fè. “Li enpòtan anpil nan moman kriz yo pou tout moun konprann aklè wòl epi kisa Nasyonzini ap regle”
Sit entènèt la ki disponib tou an fransè epi an anglè, mete fokis sou defi peyi a ap fè fas, men li montre tou gwo potansyèl peyi a genyen epi kòman Nasyonzini ap kolabore ak leta ayisyen pou jwenn solisyon k ap ede Ayiti pran wout pwogrè ak devlopman k ap dire.
Madam Richardson fè konnen gen "atik ki fokis sou listwa ak lavi moun k ap rakonte istwa fanm, gason ak timoun nan tout peyi a. Yo pran yon plas enpòtan sou sit entènèt la."
Pou akeyi lansman sit entènèt la, Renauld Govain ki se Dwayen Fakilte Lengwistik Aplike nan Inivèsite Leta D Ayiti di sa demontre « Nasyonzini kòmanse konprann wòl didaktik li sipoze jwe nan fòmasyon ak transfòmasyon sosyal kominote yo nan bay enfòmasyon."
Sit entènèt la lanse ak plizyè istwa ki bay enfòmasyon enpòtan sou maladi kolera ki retounen nan Pòtoprens. Sou sit la, gen achiv listwa ki soti nan seri « Figi Redrèsman » ki mete limyè sou kòman moun ki te viktim nan tranblemanntè ki te pase nan mwa dawout 2021 an, nan zòn gran sid nan peyi a ap rekonstwi lavi yo pou yon demen miyò.
Madam Richardson fè remake "N ap kontinye angaje nou, nan tèt kole ak tout Ayisyen ak Ayisyèn. N ap kontan si yo pataje ak nou sa yo panse nan lide pou nou amelyore sit la, yon fason pou nou ka pi byen sèvi pèp ayisyen an nan ba yo enfòmasyon yo bezwen sou aktivite Nasyonzini an Ayiti".
Yo selebre jounen Nasyonzini an chak 24 Oktòb pou make kreyasyon òganizasyon an nan dat 24 Oktòb 1945.
---FEN---
1 of 5
Kominike laprès
2 oktòb 2022
Nasyonzini ap souti jefò gouvènman an nan epidemi kolera a an Ayiti
Nasyonzini ap soutni jefò gouvènman ayisyen an pou frennen epidemi kolera a epi pran mezi prese prese pou sove lavi moun ki trape l yo, jan sa konfime ke gen yon ka pozitif epi plizyè lòt ka yo sispèk, nan rejyon kapital Pòtoprens la.
Ka sa a te rive idantifye gras a mekanis pou siveye kolera otorite ayisyen yo te mete kanpe avèk sipò Nasyonzini. Laboratwa Nasyonal Sante Piblik, jodi dimanch 2 oktòb la, konfime ka kolera pozitif sa a. Gen rechèh k ap fèt nan moman an la a sou lòt ka ki sispèk yo nan rejyon metwopolitèn nan.
Nasyonzini ap siveye sitiyasyon an san pran souf e l ap travay ak gouvènman an, pou yo gentan pote yon repons touswit, anvan yon epidemi ta vin tabli kò l la a. Yon repons k ap non sèlman gen pou l bare pou maladi a pa rive blayi kò l, men tou pou enfòme popilasyon an sou kijan yo ka fè, san pèdi tan depi lakay, pou sove lavi malad yo. Anplis de sa, ap genyen yon siveyans pi laj tou, moun yo ap gen pou jwenn plis dlo ak plis asenisman nan zòn yo, ap gen Sant pou trete kolera k ap louvri epi prizanchay ka kolera yo ap ranfòse tou.
Gen ekip entèvansyon ijans espesyalize ki pare pou al soutni kominote ki gen ka yo. Men, nan jan sitiyasyon sosyopolitik la ye la a, fòk ekip sa yo gen garanti ke yo ka mete pye yo san kè kase nan zòn kote ki gen kolera ki konfime oubyen ki sispèk yo, se nan konsa n ap ka ede bese danje ki genyen devan yon gwo epidemi.
Nasyonzini mande tout sitwayen ayisyen rete vijilan epi pran mezi davans pou anpeche ka kolera yo pwopaje nan kominote a. Men mezi yo :
Bouyi dlo pou nou bwè oubyen pou nou fè manje
Toujou lave men nou avèk savon ak dlo potab/trete (dlo bouyi oubyen dlo ki gen klowòks)
Pa kite vye bèt tankou rat, ensèk, jwenn ak manje nou yo
Fè bezwen nou nan latrin
Depi yon moun ta gen dyare san rete ak vomisman, li dwe konsilte san pèdi tan yon doktè epi li dwe reyidrate l nan bwè anpil dlo ki gen sèl reyidratasyon ke yo ka prepare lakay yo menm. Solisyon reyidratasyon sa ka fèt avèk: yon lit dlo pwòp, sis ti kiyè sik ak ½ ti kiyè sèl. Ti bebe nan tete yo dwe bwè pou pi piti ½ lit solisyon reyidratasyon pajou, ti moun piti yo dwe bwè yon lit. Granmoun yo ta dwe bwè twa lit pajou.
Nasyonzini angaje l pou l rete bò kote pèp ayisyen an ak otorite ayisyen yo pandan y ap goumen pou frennen epidemi sa a.
Pou plis enfòmasyon:
Jonathan Boulet-Groulx
UN Resident Coordinator Office in Haiti
jonathan.boulet-groulx@un.org | +509.3685.8610
1 of 5
Kominike laprès
6 septanm 2022
Rekonstriksyon nan zòn sid kote tranblemanntè a te ravaje a dwe akselere
Pandan l te pran lapawòl nan fen yon misyon ak lòt enstans Nasyonzini yo ki te dire de jou nan sid peyi a, Ulrika Richardson te rann omaj bay moun ki te pèdi lavi yo pandan l t ap ankouraje pou yo fè plis travay pou sipòte plan entegre pou rekonstriksyon ak redrèsman gouvènman an genyen pou zòn sid la, yo konnen sou non PRIPS, pou pèmèt tranzisyon èd imanitè ki nesesè pou rekonstriksyon ak redrèsman sa a fèt.
"Rekonstriksyon ak redrèsman gran sid Ayiti a dwe akselere pou pèmèt popilasyon an gen aksè total pou jwenn kay pou yo rete ak lòt sèvis sosyal epi pou revitalize ekonomi lokal la," se sa Madam Richardson te deklare. “Gouvènman an te bati yon plan senk lane pou rekonstriksyon ak redrèsman, PRIPS, nan mwa fevriye ane sa a. Kounye a yo dwe aplike plan sa a nan nivo lokal. Òganizasyon Nasyonzini an ap kontinye angaje l ak patnè teknik ak finansye yo pou sipòte efò sa yo. "
"Plan sa a ta dwe tou ranfòse rezilyans pou pwochen chòk yo ak pou ensekirite alimantè k ap grandi yo," se sa a li te ajoute "alòske sitiyasyon ekonomik lan ap kontinye detèryore epi menase mwayen popilasyon an ki prensipalman ap viv andeyò a genyen pou yo viv la. "
Madam Richardson te ajoute nan kad pwosesis redrèsman an, ouvèti wout kominikasyon ant kapital la, Pòtoprens, ak sid la, ki bloke kounye a akoz ensekirite a, se yon bagay esansyèl, pou "moun yo, materyèl yo ak komès yo ka sikile nan tou de sans yo, konsa y ap sipòte mwayen moun k ap viv nan sid la genyen pou yo viv pi devan epi sa ap sipòte pwosperite yo tou. "
Anviwon 2 250 moun te mouri epi anviwon 12 800 te blese nan tranblemanntè ki te frape gran sid peyi Dayiti a 14 dawout 2021 an. Plizyè milye kay, lekòl ak lopital, ansanm ak enfrastrikti kle tankou wout ak pon, te andomaje oswa detwi.
Nan 500 000 moun gouvènman an te vize yo gras ak sipò Òganizasyon Nasyonzini ak patnè lokal yo, omwen 484 000, swa apeprè 97%, te resevwa yon fòm asistans. Yon lane apre tranblemanntè a, laplipa nan 35 000 moun ki te deplase yo te al rete yon lòt kote oswa yo te retounen lakay yo epi majorite nan 340 000 timoun edikasyon yo te kanpe yo te retounen lekòl, menm si anpil nan yo p ap etidye nan bon kondisyon.
---FEN---
Pou plis enfòmasyon, tanpri kontake
Daniel Dickinson, Biwo Kowòdonatris imanitè a: dickinsond@un.org
1 of 5
Dènye resous
1 / 3
Resous
21 dsanm 2021
1 / 3