Objektif Devlopman Dirab
1

Pa gen lamizè

Kaba ak lamizè sou tout fòm tout kote

Objektif devlopman dirab yo nan Ayiti

Objektif devlopman dirab (ODD) yo, ki se objektif global, se yon envitasyon inivèsèl pou mennen aksyon pou elimine lamizè, pwoteje planèt la epi garanti tout pèp sou latè ap viv nan lapè ak nan pwosperite. Se menm objektif sa a Nasyonzini genyen an Ayiti tou.