Kominike laprès

Deklarasyon Pòtpawòl Sekretè Jeneral la sou kriz Ayiti a.

12 mas 2024

‎ 

Sekretè Jeneral la pran nòt akò pati konsène ayisyen yo jwenn yè pou yon antant sou yon gouvènans tranzisyon ki genyen ladann kreyasyon yon Konsèy Prezidansyèl, ak deziyasyon yon Premye Minis enterimè. Li note tou anons Premye Minis Ariel Henry fè  kote li di  li pral demisyone tousuit apre Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la fin tabli.

Sekretè Jeneral la voye yon kout chapo bay  CARICOM ansanm  ak lòt patnè entènasyonal yo paske yo fè wout pou  rezolisyon kriz politik  Ayiti ap travèse a. Li envite  tout Ayisyen konsène yo pou yo pran responsabilite yo  epi pran mezi ki nesesè pou aplikasyon akò a yon fason pou remete enstitisyon demokratik peyi a kanpe nan  eleksyon ki va dewoule kòmsadwa, kote tout moun ap genyen posibilite pou yo patisipe nan kè poze. Nasyonzini, atravè misyon li, ap kontinye sipòte Ayiti sou wout pou òganize eleksyon  sila yo.

Sekretè Jeneral la ap kontinye kanpe fèm ak pèp ayisyen an ki bezwen sekirite, kote pou li dòmi, manje,  laswenyay epi viv nan lonè ak respè.

Stéphane Dujarric, Pòtpawòl Sekretè Jeneral la.
la New York, 12 mas 2024

Antite LONI ki ap patisipe nan inisyativ sa a

LONI
Nasyonzini

Objektif nou ap sipòte ak inisyativ sa a