Nations Unies Haiti

Nasyonzini An Ayiti

En 1950, deux pavillons sont installés avec l'aide des Nations Unies lors de l'exposition internationale organisée par le gouvernement haïtien et commémorant le 200e anniversaire de la fondation de la capitale haïtienne.
Foto: © UN Photo

Ayiti se yon manm fondatè Òganizasyon Nasyonzini depi 1945. Nan lane 1948, Ayiti te jwe yon wòl enpòtan nan ekri Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun (DIDM) lan. Senatè Emile Saint-Lot te rapòtè Komite Redaksyon DIDM lan nan epòk sa a. Ayiti se youn nan premye peyi ki te rantre nan UNESCO depi 1946. Youn nan premye kolaborasyon Ayiti ak Nasyonzini te rive fèt nan lane 1947, pou pi presi ak UNESCO, nan kad yon inisyativ pou edikasyon nan kominote Mabyal ak Lafon nan Jakmèl. Aprè premye kolaborasyon sa a, vin genyen pi plis patenarya ant Nasyonzini ak Ayiti. An 2020, genyen 19 ajans, fon ak pwogram, ak Biwo Entegre Nasyonzini a an Ayiti (BINUH) ki fè pati fanmi Nasyonzini a nan peyi D Ayiti.

Gwo Reyalizasyon

Objektif devlopman dirab yo nan Ayiti

Objektif devlopman dirab (ODD) yo, ki se objektif global, se yon envitasyon inivèsèl pou mennen aksyon pou elimine lamizè, pwoteje planèt la epi garanti tout pèp sou latè ap viv nan lapè ak nan pwosperite. Se menm objektif sa a Nasyonzini genyen an Ayiti tou.