Kominike laprès

Deklarasyon ki rezève pou pὸt pawol Sekretè Jeneral Nasyonzini

8 dsanm 2023

Stéphane Dujarric, Pὸt pawol Sekretè Jeneral Nasyonzini

New York, 07 Desanm 2023 - Sekretè Jeneral la preokipe sou pwogrè ki pa fèt ase nan kesyon dialog ant ayisyen yo nan lide pou yo jwenn yon solisyon politik ki regwoupe tout moun epi kap dire pou yo ka retabli tout enstitisyon demokratik nan peyi a.

Sekretè Jeneral la fè konnen li bay tout sipò li pou efò gwoup pèsonalite enpὸtan nan CARICOM lan ak BINUH ap fè pou fasilite solisyon dirab epi ki apwopriye ak aktè ayisyen yo nan kriz politik Ayiti a.

Lap tann ak enterè kijan preparatif yo ap pousuiv sou sityasyon deplwaman ijan an pou sipò sekiritè a polis nasyonal Ayiti a, atravè yon misyon miltinasyonal kap gen pou’l bay yon apui sekiritè, jan li otorize l' nan rezolisyon 2699 (2023).

Sekretè Jeneral la souliye enpὸtans aksyon ki dwe pran pou retabli enstitisyon demokratik yo - ki gen ladan eleksyon ki kredib, ki pèmèt patisipasyon ak ki enkli tout moun - pou rive nan yon eta dwa ak sekirite dirab. Li mande tout aktè politik yo ak tout lὸt pati prezan Ayiti yo pou yo reyini epi pou yo rive jwenn yon konsansis.

 

Antite LONI ki ap patisipe nan inisyativ sa a

LONI
Nasyonzini

Objektif nou ap sipòte ak inisyativ sa a