Istwa
17 oktòb 2025
Poukisa genyen 500,000 zam ilegal k ap sikile an Ayiti malgre desizyon Nasyonzini pran pou mete Ayiti sou anbago zam ?
Estatistik yo montre genyen anviwon 500,000 zam ilegal ki nan men gang yo an Ayiti, soti nan piti pou rive nan gwo zam lagè, pandan peyi a anba desizyon anbago sou zam, Nasyonzini te pran sa genyen twa lane. Ayiti ap viv yon grav kriz sekiritè; gang yo pa sispann fè lalwa pou eseye gen kontwòl kapital la, Pòtoprens, ak lòt zòn ki nan zanviwon yo, pandan yo kontinye ap simen latèrè, dechèpiye abitan yo, komèt zak vyòl, kidnapin ak touye moun. Akoz vyolans sa yo, Eta manm Nasyonzini yo te deside nan lane 2022, pou mete yon anbago pou zam pa rantre an Ayiti.Vandredi 17 oktòb la, manm Konsèy Sekirite a alawonnbadè te adopte rezolisyon ki renouvle pou yon lane anplis rejim sanksyon an Ayiti, ki gen ladan koze anbago sou zam yo, entèdiksyon vwayaj ak jèl byen ak aktif moun ki konsène pa sanksyon yo. Konsèy la te pwofite ajoute 2 lòt moun sou lis sanksyon rezolisyon 2022 a.Malgre jefò sa yo kominote entènasyonal la ap fè, kisa ki pa mache ki lakoz gen tout zam yo k ap sikile. ONU info reponn ak 5 kesyon pou pi byen konprann sitiyasyon an an Ayiti.Konbyen zam ki genyen an Ayiti ?Ayiti pa fabrike zam ak minisyon. Men dapre Biwo Dwa Moun Nasyonzini pibliye yo, estatistik yo ta fè kwè gen ant 270,000 a 500,000 zam ilegal k ap sikile nan peyi a.Zam sa yo pa sèlman nan men gwoup gang k ap touye moun yo. Genyen tou ki nan men divès kantite brigad otodefans k ap eseye pwoteje moun ak byen ki nan zòn ak katye ki anba menas chak jou nan Pòtoprens.Kantite zam sa yo k ap sikile nan rejyon metwopolitèn nan, kote gen anviwon 2,6 milyon moun k ap viv ladan, gen gwo konsekans. Pou lane 2024 la sèlman, se plis pase 5,600 moun ki mouri akoz zak gang yo dapre Nasyonzini. Pandan 5 jou nan mwa desanm 2024 la, te gen omwen 207 moun gang k ap kontwole Waf Jeremi, yon katye nan kapital la, te touye.Masak, anlèvman pou ranson, vyòl ak eksplwatasyon seksyèl, destriksyon byen ak difikilte pou moun jwenn sèvis débaz yo tankou sante ak edikasyon, se pami kantite vyolasyon ak abi dwa moun Nasyonzini rive dokimante. Ki kalite zam afe k ap sikile ?Li difisil pou di ak presizyon kantite zam afe ilegal ki nan men gang yo ak nan men gwoup otodefans yo, men kèk endis montre zam k ap itilize yo se yon pakèt zam sofistike, epi ki touye plis moun. Otorite yo an Ayiti pa gen twòp kontwòl sou yo, nan lide pou ta frennen trafik zam ki genyen an. Pandan tan sa a, gen yon kagezon zam ki te soti Miami, Ozetazini, otorite nan Repiblik Dominikèn te dekouvri epi entèsepte nan mwa fevriye 2025. Nan kagezon sa a, yo te jwenn yon fizi semi otomatik lou barèt M82, yon pakèt fizi presizyon, yon mitrayèt wouzi ak plis pase 36,000 katouch. Kisa desizyon sou anbago a di ? Nan mwa oktòb 2022, Konsèy Sekirite Nasyonzini an te otorize anbago sou zam yo, ansanm ak entèdiksyon vwayaj ak jele byen moun ki tonbe anba rejim sanksyon yo.Anbago a vize espesyalman gang yo ak moun konsidere yon menas pou lapè ak sekirite an Ayiti. Li mande tout Eta manm Nasyonzini yo pou entèdi founiti, vant oswa transfè tout kalite zam nan peyi a. Li entèdi tou asistans teknik, fòmasyon ak sipò finansye ki gen rapò ak aktivite militè, epi li rekonèt sitiyasyon k ap pase an Ayiti a reprezante yon menas pou lapè nan rejyon an. Kijan yo rive kontoune anbago a ?Trafikan yo itilize yon itinerè byen kalkile soti Etazini, espesyalman Miyami, men tou Nouyòk, pou yo tranzite machandiz entèdi yo pa Repiblik Dominikèn, anvan yo rive ak yo Ayiti. Sa rive akoz mank kontwòl ki genyen nan pò yo ak kòripsyon. Gen kèk nan kagezon sa yo otorite nan peyi Etazini konn rive entèsepte anvan menm yo rive Ayiti.Genyen prèv ki montre konn gen kagezon ki soti Venezyela ak nan lòt peyi Amerik Disid yo tou. Anpil fwa, zam sa yo kache nan mitan lòt machandiz ki melanje ak yo, oswa nan mitan kagezon yo deklare tankou kagezon imanitè oswa komèsyal yon fason pou yo chape anba kontwòl ladwann.Gen anpil enkyetid tou sou itilizasyon fizi lagè ki anrejistre sou non sosyete sekirite prive yo an Ayiti epi ki rive nan men manm gang kriminèl yo. Kisa ki dwe fèt pou fè respekte anbago a, epi kijan Nasyonzini bay sipò li ?Biwo Nasyonzini kont dwòg ak krim (ONUDC, sig fransè) ki gen manda pou travay sou kesyon trafik yo deklare li enpòtan pou adopte "yon apwòch global epi kowòdone nan nivo nasyonal, rejyonal ak entènasyonal", yon mannyè pou fè respekte anbago a. Biwo a fè konnen "batay kont kòripsyon ak krim finansye, se eleman esansyèl nan jefò pou fè respekte anbago a". Sa ki vle di li enpòtan pou otorite ladwann yo, pò ak sou fwontyè yo jwenn ekipman ak kapasite teknik nesesè pou dekouvri, entèsepte et ankete sou trafik zam yo. Pou moman n ap pale la, Ayiti pa genyen yon eskanè gran fòma ki ka pèmèt ajan nan pò yo ak ladwann idantifye ak presizyon sa kamyon ak kontenè yo pote.Kòm pi fò zam k ap rantre Ayiti se sou lanmè yo pase ak yo, li enpòtan pou otorite yo amelyore sekirite sou lanmè a ak nan pò yo, ranfòse enspeksyon yo epi travay ansanm ak otorite ki la pou fè respekte lwa yo nan peyi kote zam sa yo soti.Anplis, si gen plis resous ki disponib pou kontwole divès pwen pasaj sou fwontyè ak Repiblik Dominikèn nan, sa t ap ede mete fen nan trafik ilegal ki fèt nan pwen pasaj ki pa kontwole yo. Nasyonzini ede nan kowòdinasyon ant Ayiti ak lòt peyi nan rejyon an pou garanti respè anbago a, epi li bay yon asistans teknik pou ranfòse siveyans ak reperaj sou zam yo, kontwòl ladwann ak ankèt finansye.Ayiti pa pwodui zam, li pa pwodui bal. Si gen yon ola ki mete nan apwovizyònman bal yo, sa ap diminye kapasite gang yo pou yo fè afwontman epi anpeche yo simen latèrè nan mitan kominote yo.