Ayiti : pandan gang yo pa sispann taye banda, otorite yo nan peyi a ap fè fas ak gwo defi
Mèkredi a, 2 responsab Nasyonzini aplodi dènye jefò ki fèt nan domèn politik ak sekirite.
2 responsab Nasyonzini aplodi dènye jefò ki fèt nan domèn politik ak sekirite pou fè fas ak gang yo ki kontinye ap taye banda pi plis nan peyi DAyiti, mete sou trafik dwòg ak blanchiman lajan.
Gang yo kontinye deplwaye zèl yo sou teritwa ayisyen an, se sa Direktris egzekitiv Ofis Nasyonzini kont dwòg ak krim (ONUDC), Ghada Waly, deklare nan moman li t ap patisipe nan yon reyinyon Konsèy Sekirite Nasyonzini t ap fè sou sitisyasyon peyi a.
Madan Waly fè konnen gang Viv Ansanm nan espesyalman pran kontwòl zòn estratejik anndan Pòtoprens ak lòt katye ki antoure l.
Dapre Direktris egzekitiv la, sitisyasyon sa se rezilta aksyon byen kalkile gang yo ki nan konfyolo ak moun ki nan sektè politik ak ekonomik k ap fè sa yo konnen pou pran kontwòl resous peyi a.
Li presize pou l di gang yo okipe anviwon 85% kapital la pou kounya, kote yo pwofite pou yo rantre byen fon nan trafik zam, trafik dwòg, kòripsyon ak blanchiman lajan.
Taktik gang yo vin plis vyolan
Dapre responsab ONUDC a, gang ayisyen yo vin plis vyolan nan taktik yo. Sa ki lakoz moun pèdi lavi yo nan afwontman yo genyen ak popilasyon an oswa ak fòs lòd yo.
Masak gang gran grif fè nan depatman Latibonit mwa oktòb pase a, kote 115 moun pèdi lavi yo; egzekisyon plis pase 200 moun nan katye Waf Jeremi nan Pòtoprens; ayewopò entènasyonal Pòtoprens ki fèmen apre gang yo te fè atak sou yon avyon komèsyal 11 novanm pase a, montre aklè nivo britalite ak vyolans gang yo.
Vyolans sa yo ki repete souvan nan kapital la fòse plis pase 41.000 moun kite kay yo.
Anmenmtan, gang yo pa gen okenn difikilte pou yo jwenn zam ak minisyon, malgre gen anbago sou materyèl sa yo.
Madan Waly mande tou pou ranfòse sistèm pou trase, anrejistre ak kontwole sikilasyon zam ak minisyon an Ayiti.
Yon kafou estratejik pou trafik dwòg
Nan deseni ki sot pase yo, Ayiti tounen yon kafou estratejik pou trafik dwòg. Se sa Direktris egzekitiv ONUDC a deklare tou.
Dapre li, yon ti gwoup moun ki gen ladan ansyen militè ayisyen, ajan fòs lòd yo, palmantè ak biznismann gen kontwòl trafik dwòg la depi lane 1980 yo. Moun sa yo ap fonksyone an Ayiti ak Etazini epi ta sanble yo itilize komès zangi pou blanchi lajan yo fè nan trafik dwòg la.
Responsab ONUDC a mande kominote entènasyonal la pou kolabore ak Ayiti pou kraze rezo sa a ki plante pikèt yo byen fon anndan peyi a.
Deplwaman fòk Kenya a
Nan kontèks kote vyolans lan pa kanpe, Reprezantant espesyal Sekretè jeneral la pou Ayiti, María Isabel Salvador bat bravo pou deplwaman 217 lòt polisye peyi Kenya voye nan kad Misyon miltinasyonal pou apiye sekirite a (MMAS) pou ranfòse plizyè lòt polisye ki te deja deplwaye sou teren an, ki soti Kenya ak nan plizyè lòt peyi tankou Gwatemala, Jamayik, Beliz, Bahamas, ak Salvadò.
Pandan tan sa a, gen 739 nouvo polisye ayisyen, pami yo 213 fanm ki fenk soti nan Akademi nasyonal polis la.
Madan Salvador ki se tou chèf Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH) kwè se yon pa pozitif ki fèt lè li konstate jefò Polis nasyonal Ayiti a (PNH), ak sipò MMAS pou fini ak vyolans gang yo. Dapre li menm, operasyon kont gang yo pi byen planifye, epi nominasyon nouvo Sekretè Deta sekirite piblik la voye yon siyal pozitif pou popilasyon an.
Men li di « PNH la gen gwo defi devan l toujou », epi li mande pou kominote entènasyonal kontinye fè plis jefò pou ede peyi a.
Pwen pozitif nan domèn politik
Madan Salvador aplodi nominasyon Alix Didier Fils-Aimé nan pòs Premye Minis, 11 novanm pase a.
Nominasyon sa a pèmèt yon pi bon kolaborasyon ant gouvènman an ak Konsèy prezidansyèl tranzisyon an. Sa ki anpeche gen blokaj sou kèk dosye nan gouvènans peyi a.
Li aplodi tou nominasyon 2 dènye manm nan Konsèy elektoral pwovizwa a.
Madan Salvador deklare : « 4 sou 9 manm yo se fanm, yon etap enpòtan pou favorize enklizyon nan pwosesis elektoral la »
Atik sa pibliye sou ONU Info