Biwo Kowòdonatè Rezidan an

Biwo Entegre Reprezantan Espesyal Adjwen an, Kowòdonatè Rezidan ak Kowòdonatè Imanitè a se estrikti operasyonèl ki soutni fonksyon kowòdonatè a ak kowòdinasyon ant Ekip Nasyonzini a nan peyi a ak BINUH a. Li sipòte travay Ministè Plan ak Kowoperasyon Ekstèn.

Se Kowòdonatè Rezidan an ki alatèt ekip kowòdinasyon Nasyonzini an (UNCT) a ki gen pou misyon kowòdone travay tout ekip yo epi fasilite repatisyon travay la selon misyon chak ajans. Biwo Kowòdonatè Rezidan an se prensipal estrikti sipò pou aktivite Kowòdonatè Rezidan an ak pa Ekip la nan peyi a, pou ranfòse aktivite Sistèm Nasyonzini a ap mennen ansanm an Ayiti.

Kowòdonatè Rezidan / DSRSG / HC an Ayiti

Ulrika Richardson

Ulrika Richardson

Reprezantan Espesyal Adjwen, Kowòdonatè Rezidan ak Kowòdonatè Imanitè