Lansman pwojè I-BE a
Malgre sitiyasyon aktyèl la difisil an Ayiti, akoz rebondisman vyolans gang ak zam ak kriz gaz la, FIDA kontinye travay avèk otorite lokal yo. Aprè siyati yon nouvo akò finansman nan kòmansman ane a, pwojè ekonomi ble enklizif la (I-BE) te lanse jou 14 desanm 2022 a nan yon evènman vityèl ki te asiste pa Minis Ekonomi ak Finans lan, Mesye Boisvert; Minis Agrikilti a, Mesye Charlot; Reprezantan Mesye Cadet ki se Minis anviwònman an ; Direktè Jeneral Ajans Nasyonal Zòn Pwoteje yo, Mesye Joseph; ak Direktè peyi FIDA pou Ayiti, Mesye Silveri.
FIDA se yon patnè kle nan devlopman riral an Ayiti. Depi 1978, estrateji li yo, pwojè li yo ak pwogram li yo toujou demontre angajman FIDA nan mitan popilasyon riral Ayisyèn nan. Jefò FIDA yo, nan nivo lokal, abouti ak yon ogmantasyon envestisman li yo nan devlopman agrikòl ak lapèch. Nan yon kontèks mondyal ki priyorize asistans imanitè ak repons ak katastwòf, FIDA konsantre pito sou devlopman ekonomik enklizif, rezilyan ak inovan ki depase kesyon ijans pou konsantre sou devlopman dirab, rezilyan ak enklizif.
Daprè estrateji FIDA an Ayiti, ki gen pou objektif pou redwi lamizè nan milye riral yo epi ranfòse rezilyans klimatik kominote riral Ayisyen yo, pwojè ekonomi ble enklizif la gen pou objektif pou transfòme fason popilasyon riral yo, patikilyèman fanm ak jèn yo, jere resous kotyè ak maren nan nò ak nòdès peyi Dayiti. Konsèvasyon resous sa yo se yon mwayen dirab pou kominote yo rantre lajan, pandan y ap konbat malnitrisyon ak konsève kapasite lanmè a pou sipòte bezwen popilasyon lokal yo.
Detay sou pwojè I-BE a
Objektif pwojè ekonomi ble enklizif la se diminye lamizè ak bati rezilyans klimatik nan mitan popilasyon riral yo, transfòme fason yo jere resous terès ak maren nan nò ak nan nòdès peyi Dayiti.
Kowòdone pa Ministè Ekonomi ak Finans, I-BE reprezante yon envestisman total $26.6 milyon dola Ameriken (14 milyon ladan li sòti nan men FIDA) epi li sipoze benefisye 40,000 moun, ak yon panchan patikilye sou fanm (50% nan benefisyè yo) ak jèn (40%). Pwojè a kontribye nan konsèvasyon zòn pwoteje twa bè a epi bay opòtinite ekonomik pou kiltivatè ak pechè atizanal yo k ap viv nan rejyon nòdès peyi a.
Pwojè a dwe pèmèt kominote yo devlope estrateji dirab pou diminye presyon yo sou resous natirèl yo, tankou forè mangròv yo, resif koray yi ak basen vèsan yo, ki se resous ekolojik enpòtan. Presyon sa a poze yon menas enkyete nan sekirite alimantè peyi a nan mwayen ak long tèm. Amelyorasyon teknik lapèch ak pwodiksyon sèl pral kreye sinèji ki pral amelyore pwosesis transfòmasyon pwason ak maketing. Sa a pral fè li posib pou vann pwason sale, seche ak fimen, nan zòn nan ak lòt kote nan peyi a. An menm tan, amelyore elvaj bèt ak pwodiksyon legim pral pèmèt fanmi k ap patisipe yo amelyore rejim alimantè yo epi fè lòt lajan adisyonèl.
Leson k ap aprann nan kad I-BE a ta dwe potansyèlman sèvi kòm yon baz pou angajman politik nan zafè jesyon dirab pou lòt 24 zòn pwoteje ayiti yo ak lòt zòn ankò.