Dènye
Kominike laprès
30 oktòb 2025
Ouragan Melissa - Ekip peyi Nasyonzini an Ayiti pataje lapenn epi eksprime solidarite ak pèp Ayisyen an ak lòt pèp nan peyi Karayib yo apre ravaj ouragan Melisa
Jwenn plis enfòmasyon
Kominike laprès
24 oktòb 2025
Nasyonzini gen 80 lane – Angajman nou an Ayiti pa janm febli
Jwenn plis enfòmasyon
Istwa
17 oktòb 2025
Poukisa genyen 500,000 zam ilegal k ap sikile an Ayiti malgre desizyon Nasyonzini pran pou mete Ayiti sou anbago zam ?
Jwenn plis enfòmasyon
Dènye
Objektif devlopman dirab yo nan Ayiti
Objektif devlòpman dirab (ODD) yo, ki se objektif global, se yon envitasyon inivèsèl pou mennen aksyon pou elimine lamizè, pwoteje planèt la epi garanti tout pèp sou latè ap viv nan lapè ak nan pwosperite. Se menm objektif sa a Nasyonzini genyen an Ayiti tou.
Piblikasyon
4 septanm 2025
Analiz komin peyi (CCA) - Ayiti - 2025
Se te nan mwa me 2024, pwosesis pou mete ajou Analiz Komin Peyi a te lanse. Li te baze sou yon apwòch kolaboratif, ki te mobilize tout antite ki fè pati Sistèm Nasyonzini an pou rafine dènye analiz ki te fèt nan lane 2022 a. Mizajou sa a pran an konsiderasyon risk ki ap parèt pou idantifye levye aksyon ki ka pèmèt yon repons ki entegre ak adapte. Dokiman an kouvri done estatistik ki sòti nan oktòb 2022 rive mas 2025, ak divès nivo detay. Li gen ladan l tou referans kout nan nòt anba paj sou gwo chanjman ki fèt ant mas ak jen 2025, ki pral konsidere nan pwochen mizajou a.Diskisyon preparatwa ki te fèt anvan analiz la konfime alafwa pèsistans, men tou agravasyon defi ki te idantifye nan 2022, tankou enpinite, pwoblèm gouvènans, eksklizyon ekonomik, ak kòkòday ki mare ant rezo politik, enterè ekonomik ak vyolans. Yon eleman enpòtan se fenomèn jistis popilè a, yo rele “bwa kale”, ki vin pi entans apre evènman 2024 yo. Dinamik sa yo kontinye konpwomèt kowòdinasyon nasyonal epi afebli lejitimite Leta a.Endikatè sou povrete, ensifizans alimantè, deplasman fòse, destriksyon sèvis piblik, ak fragmentasyon enstitisyonèl rive nan nivo kritik. An menm tan, gen ogmantasyon vyolans ame, dezagregasyon aparèy sekirite a, tansyon rejyonal ki ap ogmante, ak katastwòf natirèl ki miltipliye, ki gen efè diferan sou gwoup vilnerab tankou fanm, jèn, timoun, ak moun ki gen andikap — sa mande pou revize priyorite estratejik Nasyonzini yo. Nan kontèks sa a, mizajou sa a vize bay yon dyagnostik solid epi ki pran an kont divès fasèt, pandan l ap sèvi kòm baz analiz pou idantifye ajisteman nan aplikasyon Plan Kad Koperasyon Nasyonzini an (UNSDCF) 2022–2027.Tanpri telechaje fichye PDF la pou w gen aksè ak tout kontni analiz la (an fransè sèlman.
1 of 5
Piblikasyon
22 me 2025
Rapport annuel des résultats 2024 de l’Équipe Pays des Nations Unies en Haïti
L’année 2024 restera gravée dans nos mémoires comme une période d’épreuves et de résilience. Haïti a traversé une crise sans précédent, marquée par une situation économique toujours plus précaire et une insécurité galopante, affectant chaque aspect de la vie quotidienne. La violence des gangs armés a plongé des milliers de familles dans le deuil, la peur et a causé des déplacements forcés, exacerbant les vulnérabilités et menaçant les droits fondamentaux des populations, en particulier des femmes et des enfants.Dans cet environnement complexe, l’Équipe pays des Nations Unies a su s’adapter, innover et redoubler d’efforts pour continuer à soutenir les populations les plus touchées. Avec un engagement renouvelé, elle a mis en place des stratégies conciliant réponse humanitaire et actions de développement. Ainsi, nous avons renforcé des chaînes de valeur agricoles pour assurer une meilleure sécurité alimentaire, soutenu des structures éducatives et sanitaires, et intensifié nos actions en faveur de la protection de l’environnement et des paysages résilients. Parallèlement, nous avons appuyé des activités de plaidoyer initiées par des organisations de la société civile haïtienne en faveur des droits humains. Nous avons aussi contribué au renforcement de la justice dans un contexte en proie aux violences et aux exactions. Face à la crise humanitaire et sécuritaire, nous avons réaffirmé notre soutien aux autorités de transition dans leurs efforts de stabilisation et de renforcement des institutions démocratiques. Nos initiatives sont alignées sur les objectifs du «Pacte pour l’avenir» qui visent à favoriser une gouvernance inclusive et à poser les bases d’une paix durable. Dans ce cadre, le plaidoyer et l’accompagnement pour la tenue d’élections libres et transparentes ont constitué un axe d’intervention fondamental.Le renforcement de notre présence sur l’ensemble du territoire haïtien, et la collaboration accrue avec des organisations locales haïtiennes nous ont permis d’être plus efficace et de nous adapter face aux réalités complexes du terrain. Je vous invite, donc, à prendre connaissance des résultats présentés dans ce rapport de 2024, témoignant de la résilience et du courage du personnel des Nations Unies en Haïti, ainsi que de l’engagement de nos différents partenaires techniques et financiers qui continuent d’investir leurs efforts, pour donner de l’espoir aux Haïtiennes et Haïtiens, et parvenir à un pays économiquement fort, socialement juste, et politiquement stable et démocratique. Ulrika RichardsonCoordonnatrice résidenteCoordonnatrice humanitaire
1 of 5
Piblikasyon
20 avril 2023
Cadre de Coopération des Nations Unies pour le Développement Durable 2023-2027
Le Cadre de Coopération des Nations Unies pour le Développement Durable représente l’engagement collectif de l’ONU en Haïti afin d’accompagner les efforts du pays dans la réalisation de l’Agenda 2030 pour le développement durable et assurer une mise en œuvre du Programme Commun des Nations Unies ainsi que le Nouvel Agenda pour la Paix.
Le Cadre de Coopération des Nations Unies pour le Développement Durable est aligné sur les priorités du Plan Stratégique de Développement d’Haïti (PSDH) et sur la vision du Gouvernement visant à faire d’Haïti un pays émergent. Élaboré sur la base des principes de la réforme du Système des Nations Unies, ce Cadre de Coopération marque un nouvel élan dans le partenariat entre l’ONU et le Gouvernement pour la période 2023-2027. Il repose sur une vision partagée des défis et des opportunités du pays. Il s’aligne aussi sur les recommandations issues de l’Examen périodique universel (EPU) d’Haïti de 2022 et fait écho aux valeurs de justice, de liberté et de dignité portées par la Déclaration universelle des droits de l’homme.
1 of 5
Kominike laprès
22 avril 2025
Reaffirming the United Nations’ support for Haiti: Resilience and a Call for Commitment
This event highlighted the vital work of humanitarian and development actors amidst dire security challenges and a worsening humanitarian crisis. Efforts focus on vulnerable groups, especially in Port-au-Prince and the Artibonite region, where relentless gang violence has displaced hundreds of thousands, disproportionately impacting women and children. Across Haiti, over one million people are now displaced, a threefold increase in just a year. Nearly half the population, 5.7 million people, faces acute food insecurity, including over 8,000 in displacement sites enduring catastrophic hunger. Held alongside the World Bank's Spring Meetings, the event reaffirmed the United Nations' commitment to staying engaged on the ground. "UN humanitarian and development teams, in collaboration with international and national partners, are responding to Haiti's emergency by providing medical and mental health care, food, clean water, education, social protection, and jobs. But beyond immediate aid, we are addressing the root causes of instability, because what Haitians want and deserve is not just assistance, but dignity, stability, and peace", said Ulrika Richardson, Resident and Humanitarian Coordinator of the UN system in Haiti.Since the deterioration of the crisis, the UN has expanded its presence outside the capital Port-au-Prince, working closely with national partners to drive impactful change. Collective efforts focus on strengthening local agriculture and agrobusiness and value chains, job creation, rehabilitating critical infrastructure in education and healthcare. Additionally, environmental protection and resilient landscapes remain parallel priorities.The United Nations remains steadfast in its commitment to support Haiti in its path towards stability, sustainable development, and peace. The UN calls on international partners to reinforce their constructive engagement with Haiti and the Haitian people. Jefferson BelizaireAssociate Development Coordination Officer, Programme Communications and AdvocacyJefferson.belizaire@un.org
1 of 5
Kominike laprès
19 me 2025
Haiti Humanitarian Country Team deeply concerned about the deportation of pregnant and breastfeeding women from the Dominican Republic
According to the latest data from the International Organization for Migration (IOM), nearly 20,000 individuals — including a growing number of highly vulnerable women — were deported by land in April 2025, marking a record number for a one-month period. At the Belladère and Ouanaminthe border crossings, the National Office for Migration (ONM) and IOM, in coordination with other partners, have assisted an average of 15 pregnant women and 15 breastfeeding mothers per day since 22 April.“It is imperative that commitments to protecting vulnerable populations are upheld. These expulsions raise serious humanitarian and human rights concerns, particularly when they involve pregnant women or mothers with very young children,” said Ulrika Richardson, United Nations Humanitarian Coordinator in Haiti.These deportations compound an already complex humanitarian crisis affecting millions of people across the country. Armed violence in several regions has displaced more than one million individuals.In addition, food insecurity continues to worsen nationwide. Over 5.7 million people — half the population — are currently facing acute food insecurity, with pockets of near-famine conditions.In response to this situation, United Nations agencies and their humanitarian partners, in coordination with Haitian authorities, are mobilizing to address the most urgent needs — including through the provision of safe drinking water, adapted hygiene kits, medical care, temporary shelter, psychosocial support, and food assistance.The Humanitarian Country Team in Haiti calls for migration policies that uphold human dignity and urges enhanced regional solidarity to address a crisis that transcends borders and endangers the rights and lives of thousands. For more information, please contact:
Claire-Emmanuelle Pressoir, Public Information Officer, OCHA Haiti, Port-au-Prince
claire.pressoir@un.org This article first appeared in Haiti | ReliefWeb
Claire-Emmanuelle Pressoir, Public Information Officer, OCHA Haiti, Port-au-Prince
claire.pressoir@un.org This article first appeared in Haiti | ReliefWeb
1 of 5
Istwa
17 oktòb 2025
Poukisa genyen 500,000 zam ilegal k ap sikile an Ayiti malgre desizyon Nasyonzini pran pou mete Ayiti sou anbago zam ?
Estatistik yo montre genyen anviwon 500,000 zam ilegal ki nan men gang yo an Ayiti, soti nan piti pou rive nan gwo zam lagè, pandan peyi a anba desizyon anbago sou zam, Nasyonzini te pran sa genyen twa lane. Ayiti ap viv yon grav kriz sekiritè; gang yo pa sispann fè lalwa pou eseye gen kontwòl kapital la, Pòtoprens, ak lòt zòn ki nan zanviwon yo, pandan yo kontinye ap simen latèrè, dechèpiye abitan yo, komèt zak vyòl, kidnapin ak touye moun. Akoz vyolans sa yo, Eta manm Nasyonzini yo te deside nan lane 2022, pou mete yon anbago pou zam pa rantre an Ayiti.Vandredi 17 oktòb la, manm Konsèy Sekirite a alawonnbadè te adopte rezolisyon ki renouvle pou yon lane anplis rejim sanksyon an Ayiti, ki gen ladan koze anbago sou zam yo, entèdiksyon vwayaj ak jèl byen ak aktif moun ki konsène pa sanksyon yo. Konsèy la te pwofite ajoute 2 lòt moun sou lis sanksyon rezolisyon 2022 a.Malgre jefò sa yo kominote entènasyonal la ap fè, kisa ki pa mache ki lakoz gen tout zam yo k ap sikile. ONU info reponn ak 5 kesyon pou pi byen konprann sitiyasyon an an Ayiti.Konbyen zam ki genyen an Ayiti ?Ayiti pa fabrike zam ak minisyon. Men dapre Biwo Dwa Moun Nasyonzini pibliye yo, estatistik yo ta fè kwè gen ant 270,000 a 500,000 zam ilegal k ap sikile nan peyi a.Zam sa yo pa sèlman nan men gwoup gang k ap touye moun yo. Genyen tou ki nan men divès kantite brigad otodefans k ap eseye pwoteje moun ak byen ki nan zòn ak katye ki anba menas chak jou nan Pòtoprens.Kantite zam sa yo k ap sikile nan rejyon metwopolitèn nan, kote gen anviwon 2,6 milyon moun k ap viv ladan, gen gwo konsekans. Pou lane 2024 la sèlman, se plis pase 5,600 moun ki mouri akoz zak gang yo dapre Nasyonzini. Pandan 5 jou nan mwa desanm 2024 la, te gen omwen 207 moun gang k ap kontwole Waf Jeremi, yon katye nan kapital la, te touye.Masak, anlèvman pou ranson, vyòl ak eksplwatasyon seksyèl, destriksyon byen ak difikilte pou moun jwenn sèvis débaz yo tankou sante ak edikasyon, se pami kantite vyolasyon ak abi dwa moun Nasyonzini rive dokimante. Ki kalite zam afe k ap sikile ?Li difisil pou di ak presizyon kantite zam afe ilegal ki nan men gang yo ak nan men gwoup otodefans yo, men kèk endis montre zam k ap itilize yo se yon pakèt zam sofistike, epi ki touye plis moun. Otorite yo an Ayiti pa gen twòp kontwòl sou yo, nan lide pou ta frennen trafik zam ki genyen an. Pandan tan sa a, gen yon kagezon zam ki te soti Miami, Ozetazini, otorite nan Repiblik Dominikèn te dekouvri epi entèsepte nan mwa fevriye 2025. Nan kagezon sa a, yo te jwenn yon fizi semi otomatik lou barèt M82, yon pakèt fizi presizyon, yon mitrayèt wouzi ak plis pase 36,000 katouch. Kisa desizyon sou anbago a di ? Nan mwa oktòb 2022, Konsèy Sekirite Nasyonzini an te otorize anbago sou zam yo, ansanm ak entèdiksyon vwayaj ak jele byen moun ki tonbe anba rejim sanksyon yo.Anbago a vize espesyalman gang yo ak moun konsidere yon menas pou lapè ak sekirite an Ayiti. Li mande tout Eta manm Nasyonzini yo pou entèdi founiti, vant oswa transfè tout kalite zam nan peyi a. Li entèdi tou asistans teknik, fòmasyon ak sipò finansye ki gen rapò ak aktivite militè, epi li rekonèt sitiyasyon k ap pase an Ayiti a reprezante yon menas pou lapè nan rejyon an. Kijan yo rive kontoune anbago a ?Trafikan yo itilize yon itinerè byen kalkile soti Etazini, espesyalman Miyami, men tou Nouyòk, pou yo tranzite machandiz entèdi yo pa Repiblik Dominikèn, anvan yo rive ak yo Ayiti. Sa rive akoz mank kontwòl ki genyen nan pò yo ak kòripsyon. Gen kèk nan kagezon sa yo otorite nan peyi Etazini konn rive entèsepte anvan menm yo rive Ayiti.Genyen prèv ki montre konn gen kagezon ki soti Venezyela ak nan lòt peyi Amerik Disid yo tou. Anpil fwa, zam sa yo kache nan mitan lòt machandiz ki melanje ak yo, oswa nan mitan kagezon yo deklare tankou kagezon imanitè oswa komèsyal yon fason pou yo chape anba kontwòl ladwann.Gen anpil enkyetid tou sou itilizasyon fizi lagè ki anrejistre sou non sosyete sekirite prive yo an Ayiti epi ki rive nan men manm gang kriminèl yo. Kisa ki dwe fèt pou fè respekte anbago a, epi kijan Nasyonzini bay sipò li ?Biwo Nasyonzini kont dwòg ak krim (ONUDC, sig fransè) ki gen manda pou travay sou kesyon trafik yo deklare li enpòtan pou adopte "yon apwòch global epi kowòdone nan nivo nasyonal, rejyonal ak entènasyonal", yon mannyè pou fè respekte anbago a. Biwo a fè konnen "batay kont kòripsyon ak krim finansye, se eleman esansyèl nan jefò pou fè respekte anbago a". Sa ki vle di li enpòtan pou otorite ladwann yo, pò ak sou fwontyè yo jwenn ekipman ak kapasite teknik nesesè pou dekouvri, entèsepte et ankete sou trafik zam yo. Pou moman n ap pale la, Ayiti pa genyen yon eskanè gran fòma ki ka pèmèt ajan nan pò yo ak ladwann idantifye ak presizyon sa kamyon ak kontenè yo pote.Kòm pi fò zam k ap rantre Ayiti se sou lanmè yo pase ak yo, li enpòtan pou otorite yo amelyore sekirite sou lanmè a ak nan pò yo, ranfòse enspeksyon yo epi travay ansanm ak otorite ki la pou fè respekte lwa yo nan peyi kote zam sa yo soti.Anplis, si gen plis resous ki disponib pou kontwole divès pwen pasaj sou fwontyè ak Repiblik Dominikèn nan, sa t ap ede mete fen nan trafik ilegal ki fèt nan pwen pasaj ki pa kontwole yo. Nasyonzini ede nan kowòdinasyon ant Ayiti ak lòt peyi nan rejyon an pou garanti respè anbago a, epi li bay yon asistans teknik pou ranfòse siveyans ak reperaj sou zam yo, kontwòl ladwann ak ankèt finansye.Ayiti pa pwodui zam, li pa pwodui bal. Si gen yon ola ki mete nan apwovizyònman bal yo, sa ap diminye kapasite gang yo pou yo fè afwontman epi anpeche yo simen latèrè nan mitan kominote yo.
1 of 5
Istwa
3 oktòb 2025
Madan Nicole Flora Boni Kouassi, ki soti Kotdivwa nonmen Reprezantant espesyal annapre Sekretè jeneral Nasyonzini pou Biwo entegre Nasyonzini an Ayiti ak Kòdonatris rezidant an Ayiti
Sekretè jeneral Nasyonzini an António Guterres anonse jodiya nominasyon Nicole Flora Boni Kouassi ki se Ivwaryèn kòm nouvo Reprezantant espesyal annapre pou Biwo entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH) ak Kòdonatris rezidant an Ayiti. Madanm Boni Kouassi pral jwe wòl Kòdonatris imanitè tou.Madan Boni Kouassi pral okipe pòs sa a apre Ingeborg Ulrika Ulfsdotter Richardson, moun peyi Lasyèd, te okipe l. Sekretè jeneral la pwofite remèsye l pou devouman l, angajman l ak atachman l ak Nasyonzini.
Madan Boni Kouassi pral pote plis pase 22 lane eksperyans travay nan Nasyonzini kote li travay anpil sou koze devlòman, lapè, sekirite ak travay imanitè. Depi 2022, li se Reprezantant rezidant Pwogram Nasyonzinip ou Devlòpman (PNUD), kote li te jwe wòl Kòdonatris rezidant ak imanitè pou yon ti bout tan pandan peryòd 2023-2024. Anvan sa, li te okipe pòs Reprezantant rezidant PNUD nan peyi Bouwonndi pandan lane 2019-2022, epi li te jwe wòl Kòdonatris rezidant ak imanitè pou yon ti bout tan nan lane 2021.
Nan lane anvan yo, li te okipe plizyè fonksyon wòt pòte, espesyalman kòm Reprezantant rezidant annapre PNUD nan peyi Djibouti ak Nijè, epitou Espesyalis koyerans senyò Nasyonzini nan Nouyòk.
Madan Boni Kouassi genyen yon doktora nan medsin li te pran nan Inivèsite “Félix Houphouët-Boigny”, moun te konnen sou non Inivèsite “Cocody” nan Abidjan, Kotdivwa. Li gen yon mastè tou nan Sante Piblik li te pran “Johns Hopkins Bloomberg School of Public Health” nan Meriland, Etazini. Anplis lang matènèl li li pale ki se Baoule, li pale anglè ak fransè trè byen.
Madan Boni Kouassi pral pote plis pase 22 lane eksperyans travay nan Nasyonzini kote li travay anpil sou koze devlòman, lapè, sekirite ak travay imanitè. Depi 2022, li se Reprezantant rezidant Pwogram Nasyonzinip ou Devlòpman (PNUD), kote li te jwe wòl Kòdonatris rezidant ak imanitè pou yon ti bout tan pandan peryòd 2023-2024. Anvan sa, li te okipe pòs Reprezantant rezidant PNUD nan peyi Bouwonndi pandan lane 2019-2022, epi li te jwe wòl Kòdonatris rezidant ak imanitè pou yon ti bout tan nan lane 2021.
Nan lane anvan yo, li te okipe plizyè fonksyon wòt pòte, espesyalman kòm Reprezantant rezidant annapre PNUD nan peyi Djibouti ak Nijè, epitou Espesyalis koyerans senyò Nasyonzini nan Nouyòk.
Madan Boni Kouassi genyen yon doktora nan medsin li te pran nan Inivèsite “Félix Houphouët-Boigny”, moun te konnen sou non Inivèsite “Cocody” nan Abidjan, Kotdivwa. Li gen yon mastè tou nan Sante Piblik li te pran “Johns Hopkins Bloomberg School of Public Health” nan Meriland, Etazini. Anplis lang matènèl li li pale ki se Baoule, li pale anglè ak fransè trè byen.
1 of 5
Istwa
12 awout 2025
« Repons entènasyonal la pa koresponn ak gravite kriz ki la » : Ulrika Richardson gen anpil lapèn nan moman l ap kite pòs li an Ayiti
Madi a, Ulrika Richardson montre jan li atriste epi li pa jwenn ase mo pou l eksplike gravite kriz peyi DAyiti ap travèse a. Li fè deklarasyon sa yo nan moman l ap pase dènye jou l nan pòs Kòdonatris imanitè NasyonZini pou Ayiti anvan li al okipe lòt fonksyon nan peyi Libi.« Èske kriz la bay kè kase? Li grav? Li ijan? Li tout sa ansanm – e menm plis," se sa responsab la deklare san pèdi tan devan yon gwoup jounalis nan New York, pandan li ap pale sou sitiyasyon peyi zile Karayib sa a, gang yo ap ravaje. Rezilta a: se 1.3 milyon moun deplase, mwatye ladan yo se timoun; 3,000 moun mouri depi janvye; 2 milyon moun sou wout tonbe nan grangou. Men, dèyè chif sa yo, li mete aksan sou sa: "Gen yon fanm, yon timoun, yon papa, yon jèn." UN Photo/Mark Garten - Ulrika Richardson, nan dènye konferans pou la près nan wòl Reprezantant espesyal adjwent Biwo entegre NasyonZini an Ayiti (BINUH), nan syèj NasyonZini, Nouyòk.Diplomat sa a, ki soti nan peyi Syèd, te pase plis pase twa lane nan kapital Ayiti epi li te vwayaje tout kote nan peyi a. Li di li sezi devan kapasite moun yo pou reziste epi kenbe tèt yo. Li site egzanp yon fanm ki te viktim vyòl plizyè fwa, men ki, gras ak sipò sikolojik, “kenbe tèt, vle viv, epi menm ap mande jistis.” Men li rakonte tou trajedi kèk moun ki te oblije abandone yon fanmi ki kòmanse avanse nan laj oswa ki gen yon andikap pandan yo t ap pete kouri pou sove lavi yo anba atak gang yo.Jan li raple sa a, sitiyasyon an malouk: malnitrisyon timoun, timoun gang yo rekrite, lekòl fèmen, lopital pa fonksyone jan sa dwe ye— “se sèlman 36% nan yo ki gen tout kapasite pou yo fonksyone nan kapital la”.Gen zouti, men pa gen volonteMalgre tout sa, Ulrika Richardson fè konnen gen mekanis entènasyonal ki deja an plas: yon plan repons imanitè ki jwenn sèlman 9% finansman, ki se pi ba nivo nan mond lan”, yon rejim sanksyon, yon anbago sou zam yo, epi yon misyon miltinasyonal pou sipò sekirite peyi Kenya ap dirije. “Nou gen zouti yo, men repons entènasyonal la pa koresponn ak gravite sitiyasyon an.”Lè yo mande l sou priyorite pou Ayiti, li reponn san ezitasyon — “Fòk zam sispann antre Ayiti”, kraze rapò ki devlope ant elit politik oswa ekonomik yo, epi bay fòs misyon miltinasyonal la mwayen pou yo aji. Men li avèti: tout sa dwe makònen ak solisyon kriz politik la epi travay pou redemare aktivite devlòpman. Sinon ap gen plis enstabilite.Poukisa sa pa fèt? Li reponn: “Se yon melanj mank volonte politik, nan plizyè nivo, ak mank finansman,” , pandan li konstate gang yo pran libète yo ak moun ki konn sipòte yo. Yo itilize krim òganize rejyonal pou yo kontinye fonksyone.Malgre tout difikilte sa yo, Ulrika Richardson gen lespwa: “Ayiti gen anpil bagay pou l ofri: yon tèritwa ki pa twò gwo men ki rich, yon popilasyon dinamik, yon dyaspora aktif. Tout kondisyon yo reyini pou peyi a travèse moman difisil sa a epi mete peyi a sou yon chimen pozitif pou estabilite, pwosperite, ak lavi miyò nan diyite.” Epi li fini konsa: “Ayisyen yo pare.”
1 of 5
Istwa
23 janvye 2025
Ayiti : pandan gang yo pa sispann taye banda, otorite yo nan peyi a ap fè fas ak gwo defi
2 responsab Nasyonzini aplodi dènye jefò ki fèt nan domèn politik ak sekirite pou fè fas ak gang yo ki kontinye ap taye banda pi plis nan peyi DAyiti, mete sou trafik dwòg ak blanchiman lajan.Gang yo kontinye deplwaye zèl yo sou teritwa ayisyen an, se sa Direktris egzekitiv Ofis Nasyonzini kont dwòg ak krim (ONUDC), Ghada Waly, deklare nan moman li t ap patisipe nan yon reyinyon Konsèy Sekirite Nasyonzini t ap fè sou sitisyasyon peyi a.Madan Waly fè konnen gang Viv Ansanm nan espesyalman pran kontwòl zòn estratejik anndan Pòtoprens ak lòt katye ki antoure l. Dapre Direktris egzekitiv la, sitisyasyon sa se rezilta aksyon byen kalkile gang yo ki nan konfyolo ak moun ki nan sektè politik ak ekonomik k ap fè sa yo konnen pou pran kontwòl resous peyi a. Li presize pou l di gang yo okipe anviwon 85% kapital la pou kounya, kote yo pwofite pou yo rantre byen fon nan trafik zam, trafik dwòg, kòripsyon ak blanchiman lajan.Taktik gang yo vin plis vyolanDapre responsab ONUDC a, gang ayisyen yo vin plis vyolan nan taktik yo. Sa ki lakoz moun pèdi lavi yo nan afwontman yo genyen ak popilasyon an oswa ak fòs lòd yo.Masak gang gran grif fè nan depatman Latibonit mwa oktòb pase a, kote 115 moun pèdi lavi yo; egzekisyon plis pase 200 moun nan katye Waf Jeremi nan Pòtoprens; ayewopò entènasyonal Pòtoprens ki fèmen apre gang yo te fè atak sou yon avyon komèsyal 11 novanm pase a, montre aklè nivo britalite ak vyolans gang yo.Vyolans sa yo ki repete souvan nan kapital la fòse plis pase 41.000 moun kite kay yo.Anmenmtan, gang yo pa gen okenn difikilte pou yo jwenn zam ak minisyon, malgre gen anbago sou materyèl sa yo.Madan Waly mande tou pou ranfòse sistèm pou trase, anrejistre ak kontwole sikilasyon zam ak minisyon an Ayiti.Yon kafou estratejik pou trafik dwògNan deseni ki sot pase yo, Ayiti tounen yon kafou estratejik pou trafik dwòg. Se sa Direktris egzekitiv ONUDC a deklare tou.Dapre li, yon ti gwoup moun ki gen ladan ansyen militè ayisyen, ajan fòs lòd yo, palmantè ak biznismann gen kontwòl trafik dwòg la depi lane 1980 yo. Moun sa yo ap fonksyone an Ayiti ak Etazini epi ta sanble yo itilize komès zangi pou blanchi lajan yo fè nan trafik dwòg la.Responsab ONUDC a mande kominote entènasyonal la pou kolabore ak Ayiti pou kraze rezo sa a ki plante pikèt yo byen fon anndan peyi a. Deplwaman fòk Kenya aNan kontèks kote vyolans lan pa kanpe, Reprezantant espesyal Sekretè jeneral la pou Ayiti, María Isabel Salvador bat bravo pou deplwaman 217 lòt polisye peyi Kenya voye nan kad Misyon miltinasyonal pou apiye sekirite a (MMAS) pou ranfòse plizyè lòt polisye ki te deja deplwaye sou teren an, ki soti Kenya ak nan plizyè lòt peyi tankou Gwatemala, Jamayik, Beliz, Bahamas, ak Salvadò. Pandan tan sa a, gen 739 nouvo polisye ayisyen, pami yo 213 fanm ki fenk soti nan Akademi nasyonal polis la.Madan Salvador ki se tou chèf Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH) kwè se yon pa pozitif ki fèt lè li konstate jefò Polis nasyonal Ayiti a (PNH), ak sipò MMAS pou fini ak vyolans gang yo. Dapre li menm, operasyon kont gang yo pi byen planifye, epi nominasyon nouvo Sekretè Deta sekirite piblik la voye yon siyal pozitif pou popilasyon an.Men li di « PNH la gen gwo defi devan l toujou », epi li mande pou kominote entènasyonal kontinye fè plis jefò pou ede peyi a.Pwen pozitif nan domèn politikMadan Salvador aplodi nominasyon Alix Didier Fils-Aimé nan pòs Premye Minis, 11 novanm pase a.Nominasyon sa a pèmèt yon pi bon kolaborasyon ant gouvènman an ak Konsèy prezidansyèl tranzisyon an. Sa ki anpeche gen blokaj sou kèk dosye nan gouvènans peyi a.Li aplodi tou nominasyon 2 dènye manm nan Konsèy elektoral pwovizwa a. Madan Salvador deklare : « 4 sou 9 manm yo se fanm, yon etap enpòtan pou favorize enklizyon nan pwosesis elektoral la » Atik sa pibliye sou ONU Info
1 of 5
Istwa
22 awout 2024
Ayiti: plizyè milyon lavi moun nan yon move pant ki chaje anpil gwo ris ak kalamite
Daprè yon rapò Nasyonzini fèk pibliye, ane soufinansman èd imanitè yo ak bezwen yo k ap vin pi plis jou aprè jou lakòz plizyè milyon ayisyen riske tonbe sou ladegraba nèt alkole.Biwo imanitè Nasyonzini OCHA fè konnen , nan yon dènye nòt li te mete deyò, pou ranvèse sitiyasyon sa a ki la a, kominote entènasyonal la ak tout donatè yo pral bezwen ogmante finansman pou operasyon sekou Nasyonzini ak òganizasyon non-gouvènmantal yo.Grangou ak bezwen yo k ap vin pi plisMwa vyolans yo te lakoz kriz imanitè a vin pi grav nan peyi Dayiti. Kantite moun k ap deplase kite lakay yo te triple pandan ane ki sot pase a nan peyi zile Karayib la pandan vyolans gang yo kontinye vale tèren e fòse anviwon 600,000 moun pete kouri kite kay yo.OCHA di: "Vyolans san paspouki gwoup ame yo ak efondreman sèvis debaz yo lage Ayiti nan yon kriz imanitè san parèy depi lane 2010," lè l fè referans a tranblemanntè goudougoudou ki te frape peyi a sa gen 14 ane.Rapò ki chita sou dènye chif ki soti nan OIM ki se Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon pou Peyi Dayiti fè konnen apre sitiyasyon sekirite a te vin pi malouk nan Pòtoprens wonn kapital la, nan Latibonit, ak nan nò peyi a, nan mwa fevrye a, kantite moun ki deplase yo ogmante rive nan 60%.Efondreman nan sèvis debaz yoSelon OCHA, zak vyolans yo kontinye vize enfrastrikti sivil yo e se sèlman 24% nan lopital yo kap fonksyone toujou. Ensekirite a rive lakoz tou 1.5 milyon timoun pa ka chita sou ban lekòl.Mwatye nan 578,000 moun ki deplase yo, ki sove kite kapital la san konnen kilè y ap retounen al pran refij nan sid peyi a, kote majorite nan yo ap fè ladesant kay kèk fanmi ki deja p at kòdjanm e ki pa t gen gwo mwayen ekonomik.Daprè OCHA, sèvis sosyal debaz yo, tankou ledikasyon, lasante, dlo, ijyèn ak asenisman, ki deja pat ase pou satisfè bezwen popilasyon lokal la, ap sibi gwo presyon.Gwo vag depòtasyonPeyi nan rejyon an kontinye ap pouse do ayisyen ki vin bouske lavi lakay yo. Nan ka sa a, OCHA tounen rapòte ke kantite sitwayen ayisyen ki depòte te ogmante, espesyalman nan mwa avril, lè vag vyolans yo te nan nivo ki te pi wo a.Daprè done OIM genyen, nan sèt premye mwa nan ane a, peyi nan rejyon an te pimpe tounen anviwon 100,000 ayisyen kite lakay li.Vag vyolans yoEklatman vyolans ki sòti nan afwontman ant gang ak otorite yo te toujou pèsiste tou, malgre Misyon Sipò Sekirite Miltinasyonal la te rive nan fen mwa jen pou ede lapolis peyi Dayiti a fè fas kare ak kriz ki la a.OCHA fè konnen nan rapò li a "Vag vyolans sa yo kontinye gen gwo konsekans imanitè sou popilasyon katye ak lokalite ki afekte yo, men tou sou moun nan lòt zòn ki lwen kapital la ki tounen tè akèy pou plizyè santèn milye moun".Prèske 300,000 ka malnitrisyon te anrejistre epi senk milyon moun ki reprezante anviwon 50% popilasyon ayisyen an, ap fè fas ak ensekirite alimantè, dapre yon rapò ki te pibliye pi bonè ane sa a pa yon gwoup suivi mondyal, kad Entegre klasifikasyon sekirite alimantè (IPC).Apèl pou bouche twou vid ki genyen nan finansman anAnplis de sa, rapò OCHA fè kwè, gen laperèz ak gwo kè kase pou wonn sant kriz imanitè n ap viv la a pa ta deplase piti piti pou al taye banda nan yon kantite zòn ki pat ko janm touche pa ensekirite a.Anmenmtan, yo prevwa sezon siklònik lan ka aktif e li kapab menm rive ogmante traka pèp ayisyen an ap fè fas chak jou.Ayiti ta dwe ap prepare l pou fè fas ak ant kat ak sèt gwo tanpèt nan mwa kap vini yo. Apèl pou bouche twou vid ki genyen nan finansman anOCHA fè konnen ke plis resous finansye nesesè anpil pou rive bay bonjan repons ak kriz miltidimansyonèl sa a e pou rive satisfè bezwen popilasyon ayisyen an k ap vin pi plis chak jou.Si pa gen okenn jèfò ki fèt pou rive kreye yon fon adisyonèl, OCHA gen anpil laperèz pou kriz sa yo pa kontinye vale tèren.Daprè OCHA, plizyè santèn milye timoun ki pa ale lekòl pral fè fas ak risk pou yo rekrite pa gwoup ame epi yo pral pèdi anpil ane e y ap grandi san yo pa gen konpetans ki nesesè k ap pèmèt yo viv e rive gen yon demen miyò. Mwatye milyon timoun ki vilnerab e ki te deja viktim nan kèk ensidan pa pral ka benefisye sèvis sante mantal ak sipò sikososyal.Biwo Nasyonzini pou Kwòdinasyon Imanitè fè konnen :"Pandan èd imanitè a se yon gwo sekou pou anpil moun, men li se sèlman yon pati nan solisyon an," sa se deklarasyon Biwo Nasyonzini pou Kowòdinasyon Imanitè.OCHA te di tou "Gouvènman an, aktè politik yo ak aktè devlopman yo dwe travay ansanm pou jwenn solisyon dirab ak defi estriktirèl peyi Dayiti yo," . Epi pawòl sa yo te fè eko nan yon apèl ki te lanse mwa pase a pa yon misyon Nasyonzini ansanm ak Inyon Ewopeyèn an nan peyi a.Pandansetan, nou nan uityèm mwa ane a, Plan Repons Imanitè 2024 Ayiti a, finanse sèlman ak 33% , li te resevwa selman $162.5 milyon dola sou $674 milyon dola. Atik sa a te pibliye nan nouvèl Nasyonzini.
1 of 5
Kominike laprès
30 oktòb 2025
Ouragan Melissa - Ekip peyi Nasyonzini an Ayiti pataje lapenn epi eksprime solidarite ak pèp Ayisyen an ak lòt pèp nan peyi Karayib yo apre ravaj ouragan Melisa
Pòtoprens, 30 oktòb 2025 – Ekip peyi Nasyonzini an Ayiti a eksprime solidarite l ak pèp Ayisyen an ak lòt peyi nan Karayib yo, espesyalman Jamayik ak Kiba, epi prezante sensè kondoleyans li bay fanmi ki nan dèy apre ravaj ouragan Melisa fè pandan pasaj li.An Ayiti, premye evalyasyon yo montre bilan an tèrib, kote gen pou pi piti 24 moun mouri, plizyè lòt blese epi gen lòt ki disparèt fanmi yo poko ka jwenn nouvèl yo, pami yo gen plizyè timoun. Otorite yo anrejistre tou dega materyèl ak agrikòl. Ekip peyi Nasyonzini an Ayiti, nan kolaborasyon ak kowòdinasyon ak gouvènman Ayisyen an epi lòt patnè non etatik, rete mobilize pou apiye jefò k ap fèt pou pote repons ak asistans bay popilasyon ki plis afekte yo. ***FEN***
1 of 5
Kominike laprès
24 oktòb 2025
Nasyonzini gen 80 lane – Angajman nou an Ayiti pa janm febli
Pòtoprens, 24 oktòb 2025Ekip peyi Nasyonzini an Ayiti ap selebre ane sa a Jounen Nasyonzini, 24 oktòb 2025 lan, dat ki make 80 lane depi òganizasyon an kreye.Ekip la fyè paske li fè pati yon enstitisyon tankou Nasyonzini. Li plis fyè ankò paske l ap sèvi nan yon Eta manm ki se Ayiti, youn nan peyi fondatè Òganizasyon Nasyonzini, epitou ki fè pati premye peyi nan mond kontanporen an ki toujou pote byen wo valè libète, respè ak pwoteksyon dwa moun. Se valè sa yo ki gide nou anndan òganizasyon an, an Ayiti ak nan tout mond lan.Depi lè li te kreye, Òganizasyon Nasyonzini te toujou bay tout limenm pou rezoud yon pakèt pwoblèm epi leve yon pakèt defi ki pa sanble youn ak lòt nan mond lan. Defi sa yo menase lavi ak sivi anpil moun, tankou an Ayiti, epi ki mande jefò kolektif pou yo rezoud. Se sa ki prensipal levye Nasyonzini depi toutan. Li te toujou fè chwa jefò kolektif ak solidarite Eta manm yo pou fè fas kare ak pwoblèm sa yo, epi respekte pwomès ki te fèt nan lane 1945 pou Nasyon yo rete solidè.Tankou Sekretè jeneral, António Guterres, la fè nou sonje sa a nan mesaj li pou jou sa a : « Pou Jounen Nasyonzini an, ann rete soude epi ann reyalize pwomès ekstraòdinè linyon nan mitan Nasyon yo ».Nan Ekip peyi a an Ayiti, nou vle mesaj sa a ale pi lwen pandan nou reyafime inite nou pou n akonpaye otorite yo, sosyete sivil la, asosyasyon jèn ak fanm yo, popilasyon ayisyèn nan an jeneral, nan repons y ap bay pou rezoud kriz ki gen la, yon kriz gouvènans, imanitè, sanitè oswa sekiritè. Nou rete mobilize pou n pwoteje ak asiste fanmiy ki deplase yo akoz enstabilite ak vyolans gang yo, ansanm ak moun yo depòte voye tounen Ayiti, pandan n ap mande pou pa kite pèsòn sou dèyè.Nou rete angaje pou n soutni ranfòsman sistèm sante a yon fason pou garanti tout moun jwenn swen lasante. Se pou tout bon, nou rete solidè pou n soutni jefò k ap fèt pou kreye travay dirab nan bon kondisyon, epi asire sekirite alimantè popilasyon an pandan n ap ranfòse agrikilti ayisyèn nan pou garanti pwodiksyon lokal, dirab epi ki aksesib pou tout moun. Jefò sa yo ki ka pèmèt peyi a pran dwa granmoun li nan koze manje. Nou reyafime angajman kolektif nou pou apiye aksyon k ap pèmèt timoun ak jèn yo jwi tout bon dwa pou yo jwenn pwoteksyon, sante ak edikasyon, epi kreye kondisyon k ap bon pou fonksyònman tout sèvis esansyèl yo. Nou rete detèmine pou n ede Ayiti leve kanpe, san okenn moun pa rete dèyè, epi bati kominote pi djanm fas ak kriz tout kalite. Nou rete solid epi angaje pou n apiye tout aksyon ki gen pou wè ak pwomosyon pou lapè, respè dwa moun, devlòpman dirab, valorizasyon lakilti ak pwodui atistik, tranzisyon vèt, lit kont vyolans seksyèl ak vyolans ki baze sou jan, transparans enstitisyonèl ak lit kont kòripsyon. Nan jounen sa a, nou lanse yon apèl kolektif bay tout aktè nasyonal yo ak patnè nan devlòpman yo pou n travay pou n ede Ayiti reyalize pwomès yon peyi estab, k ap fè pwogrè epi k ap briye nan mitan gran fanmi Nasyonzini yo. ***FEN***
1 of 5
Kominike laprès
7 avril 2025
Omwen 262 moun mouri nan de mwa nan atak brital ki fèt nan Kenscoff, sou mòn Pòtoprens
« Enfòmasyon ekip nou ranmase epi verifye atravè yon ankèt ki te fèt ak anpil presizyon montre atak yo sou Kenscoff te akonpaye ak yon mechanste ekstrèm, avèk entansyon simen laperèz nan mitan popilasyon an », se sa Maria Isabel Salvador, ki se Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an ann Ayiti ak Chèf BINUH, deklare.Yo egzekite Gason, fanm ak timoun andedan kay yo, yo tire kèk lòt sou chemen pandan yo t’ap eseye sove anba vyolans lan. Yo boule kadav viktim yo apre. Gen zak vyolans seksyèl, tankou vyòl, ki te fèt sou fanm ak jèn tifi. Apeprè 200 kay te detwi oswa ensandye, epi plis pase 3 000 moun te oblije kouri kite zòn nan.Gwoup kriminèl yo te mennen atak sa yo pou ogmante kontwòl yo sou lokalite ki sou mòn Kenscoff, ak objektif pou destabilize komin Petyonvil. Lè yo ogmante enfliyans yo sou zòn sa a, gwoup sa yo ansanm ak moun ki sipòte yo ap chèche afebli gouvènman an pi plis toujou.Nan premye jou atak yo, 27 janvye, fòs sekirite ayisyèn yo te deplwaye ak reta. Men, apre sa, malgre mwayen yo limite epi pifò pèsonèl yo te deja sou lòt front nan kapital la, yo te kòmanse ogmante prezans yo ti pa ti pa nan komin Kenscoff, avèk sipò Misyon Miltinasyonal pou Sipò Sekirite a (MMS).Deplwaman sa a pèmèt yo ralanti avanse gwoup kriminèl yo, men yo poko rive retabli lòd piblik la.Dènye atak yo te fèt nan komin Kenscoff ant 24 ak 27 mas, sa ki montre prezans kontinyèl gwoup kriminèl yo epi kapasite yo pou mete plizyè selil nan zòn nan. Depi kòmansman konfwontasyon yo, kat (4) manm fòs sekirite yo pèdi lavi yo, epi kat (4) lòt blese. Gen yon eleman MMS ki te blese tou.Depi atak yo te kòmanse, sèvis Leta, tankou Direksyon Nasyonal Dlo Potab ak Asenisman, ajans Nasyonzini yo ak plizyè òganizasyon non-gouvènmantal nasyonal ak entènasyonal te bay asistans imanitè ak mezi pwoteksyon pou moun ki afekte yo.Sepandan, inisyativ sa yo poko ase lè n gade kantite bezwen ki genyen, ak gwo chòk sikolojik moun ki sove yo ap viv, espesyalman timoun yo ki te swa viktim swa temwen dirèk zak vyolans ekstrèm sa yo, tankou zak vyolans seksyèl.Rapò a genyen tou rekòmandasyon pou otorite ayisyèn yo epi pou kominote entènasyonal la pou amelyore sitiyasyon sekirite a epi sipòte fòs sekirite yo.Pwosesis ranmase enfòmasyon pou ankèt sa a te fèt ak anpil rigè, atravè dokimantasyon ak verifikasyon, sa ki te pèmèt yo idantifye klèman lòd evènman yo jan yo te pase nan Kenscoff. Metòd sa a pèmèt yo montre atak yo te fèt an 6 etap, ki detaye ak presizyon nan rapò ki pibliye jodi a.---Kontak : Mathias Gillmann, Pòt Pawòl BINUH; Imèl : gillmann@un.org
1 of 5
Kominike laprès
5 novanm 2024
Madanm Winnie BYANYIMA, Direktris egzekitif ONUSIDA epi Sekretè jeneral annapre NasyonZini fè yon vizit solidarite an Ayiti
Pandan misyon an, madanm Byanyima bat bravo pou gwo pwogrè Ayiti fè nan batay pou kwape VIH nan yon kontèks difisil. Ayiti fè pwogrè nan reyalizasyon objektif trètman 95-95-95 lan pou 2030, kote gen depistaj ki fèt sou 87% moun k ap viv ak VIH la, 96% moun k ap viv ak VIH la benefisye trètman epi gen 85% moun ki sou trètman yo nan estad endetektab. Depi 2010, kantite nouvo moun ki enfekte ak VIH la bese a 34% epi kantite moun k ap mouri akoz VIH bese a 75%. Avèk sipò PEPFAR ak Fon Mondyal, òganizasyon kominotè nan sosyete sivil la gen anprent yo nan gwo pwogrè sa yo gras ak apwòch tou nèf epi ki fleksib yo adopte nan fason yo bay sèvis yo. Nan echanj madanm Winnie te gen ak yo, li bat bravo pou detèminasyon ak rezilyans pèp Ayisyen an ki se yon pèp ki gen anpil fyète, ki toujou sèvi yon sous enspirasyon pou lemonn malgre yo nan kriz.Winnie Byanyima deklare: « Se premye fwa mwen vizite yon peyi ki gen yon rezo ki gen 26 òganizasyon ki fòme ak moun k ap viv ak VIH. Anndan òganizasyon sa yo, mwen wè moun ki gen anpil kouraj k ap batay kont estigmatizasyon epi k ap batay pou fè respekte dwa yo ».
Li te fè konnen tou vwa medam yo enpòtan nan pwosesis pou chèche lapè ak sekirite ki se kondisyon esansyèl pou pwoteje kategori moun vilnerab yo tankou sila k ap viv VIH. Se tou kondisyon k ap ede nan batay pou kwape vyolans ki baze sou rapò dezekilibre fanm ak gason. Winnie di « Twò souvan, yo mete medam yo sou kote, m ap pote pawòl nou tout kote m prale ».Direktris la te temwen kalite defi ki genyen akoz kriz sekiritè ak imanitè ki afekte espas ki bay sèvis sante ak lòt kalite sèvis pou moun k ap viv ak VIH. Madanm Byanyima di li solidè ak moun ki afekte pa ensekirite gang yo kreye, pandan li montre enkyetid li genyen lè li wè kantite moun k ap mouri chak jou ak kantite lòt moun vilnerab ki viktim vyolans seksyèl. « M te gen chans tande reprezantan òganizasyon fanm yo an Ayiti sou defi y ap fè fas ak yo ki gen rapò ak egalite fanm ak gason epi vyolans seksis, ak sou fason ONUSIDA ak lòt patnè yo kapab ede yo nan travay yo », se sa madanm Byanyima deklare. « Pawòl fanm yo esansyèl lè gen diskisyon sou pi bon estrateji pou lapè ak sekirite kapab tabli. Nou dwe kontinye jefò k ap fèt pou kwape vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi. Se yon pwen enpòtan pou tout sistèm NasyonZini an.
Winnie Byanyima te gen chans rankontre otorite tranzisyon an tankou manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Premye Minis lan ak kèk minis nan gouvènman an, kò diplomatik la ak patnè teknik ak finansye yo. Nan rankont sa yo, li pa t rate opòtinite pou souliye ijans ki genyen pou rezoud pwoblèm ensekirite gang yo kreye an Ayiti, pandan l mande pou gen yon estabilite politik pou pa gaspiye tout pwogrè ki fèt nan batay kont VIH, pou amelyore sekirite, pèmèt èd imanitè a kontinye epi kreye kondisyon pou gen bon jan dyalòg, otonomizasyon sosyo ekonomik ak yon pi bon enplikasyon fanm yo nan gouvènans politik... « Kominote entènasyonal la dwe mobilize pou rete bò kote pèp Ayisyen an nan jefò l ap fè pou estabilite tounen, epi pou bay garanti pwoblèm VIH la ap rete yon priyorite nan ajannda politik mondyal la ». Se sa Direktris egzekitif ONUSIDA deklare nan finisman misyon an, pandan li bay garanti NasyonZini ap toujou sipò pledwaye pou mobilize plis resous pou batay kont VIH/Sida nan lemonn, espesyalman an Ayiti.Pou misyon sa a, Direktris egzekitif ONUSIDA a te jwenn tout akonpayman madanm María Isabel Salvador, Reprezantan espesyal Sekretè Jeneral la ak Chèf Biwo Entegre NasyonZini an Ayiti (BINUH) ak Madanm Ingeborg Ulrika Ulfsdotter Richardson, Kòdonatris rezidant ak imanitè an Ayiti. Pou plis enfòmasyon sou ONUSIDA, vizite sit entènèt UNAIDS, epi swiv nou sou Facebook, X, Instagram ak YouTube.
Kontak :
Daniel de Castro │ ONUSIDA Amerik Latin ak Karayib yo│ decastrod@unaids.org │ +507 6998 3175
Christian Mouala │ ONUSIDA Ayiti │moualac@unaids.org│ +5094777190
Li te fè konnen tou vwa medam yo enpòtan nan pwosesis pou chèche lapè ak sekirite ki se kondisyon esansyèl pou pwoteje kategori moun vilnerab yo tankou sila k ap viv VIH. Se tou kondisyon k ap ede nan batay pou kwape vyolans ki baze sou rapò dezekilibre fanm ak gason. Winnie di « Twò souvan, yo mete medam yo sou kote, m ap pote pawòl nou tout kote m prale ».Direktris la te temwen kalite defi ki genyen akoz kriz sekiritè ak imanitè ki afekte espas ki bay sèvis sante ak lòt kalite sèvis pou moun k ap viv ak VIH. Madanm Byanyima di li solidè ak moun ki afekte pa ensekirite gang yo kreye, pandan li montre enkyetid li genyen lè li wè kantite moun k ap mouri chak jou ak kantite lòt moun vilnerab ki viktim vyolans seksyèl. « M te gen chans tande reprezantan òganizasyon fanm yo an Ayiti sou defi y ap fè fas ak yo ki gen rapò ak egalite fanm ak gason epi vyolans seksis, ak sou fason ONUSIDA ak lòt patnè yo kapab ede yo nan travay yo », se sa madanm Byanyima deklare. « Pawòl fanm yo esansyèl lè gen diskisyon sou pi bon estrateji pou lapè ak sekirite kapab tabli. Nou dwe kontinye jefò k ap fèt pou kwape vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi. Se yon pwen enpòtan pou tout sistèm NasyonZini an.
Winnie Byanyima te gen chans rankontre otorite tranzisyon an tankou manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Premye Minis lan ak kèk minis nan gouvènman an, kò diplomatik la ak patnè teknik ak finansye yo. Nan rankont sa yo, li pa t rate opòtinite pou souliye ijans ki genyen pou rezoud pwoblèm ensekirite gang yo kreye an Ayiti, pandan l mande pou gen yon estabilite politik pou pa gaspiye tout pwogrè ki fèt nan batay kont VIH, pou amelyore sekirite, pèmèt èd imanitè a kontinye epi kreye kondisyon pou gen bon jan dyalòg, otonomizasyon sosyo ekonomik ak yon pi bon enplikasyon fanm yo nan gouvènans politik... « Kominote entènasyonal la dwe mobilize pou rete bò kote pèp Ayisyen an nan jefò l ap fè pou estabilite tounen, epi pou bay garanti pwoblèm VIH la ap rete yon priyorite nan ajannda politik mondyal la ». Se sa Direktris egzekitif ONUSIDA deklare nan finisman misyon an, pandan li bay garanti NasyonZini ap toujou sipò pledwaye pou mobilize plis resous pou batay kont VIH/Sida nan lemonn, espesyalman an Ayiti.Pou misyon sa a, Direktris egzekitif ONUSIDA a te jwenn tout akonpayman madanm María Isabel Salvador, Reprezantan espesyal Sekretè Jeneral la ak Chèf Biwo Entegre NasyonZini an Ayiti (BINUH) ak Madanm Ingeborg Ulrika Ulfsdotter Richardson, Kòdonatris rezidant ak imanitè an Ayiti. Pou plis enfòmasyon sou ONUSIDA, vizite sit entènèt UNAIDS, epi swiv nou sou Facebook, X, Instagram ak YouTube.
Kontak :
Daniel de Castro │ ONUSIDA Amerik Latin ak Karayib yo│ decastrod@unaids.org │ +507 6998 3175
Christian Mouala │ ONUSIDA Ayiti │moualac@unaids.org│ +5094777190
1 of 5
Kominike laprès
30 oktòb 2024
Salon mondyal Chokola : yon bèl okasyon pou ekspoze epi mete valè sou kakawo bon kalite ak rafine ki soti Ayiti
Divès patnè sa yo k ap travay nan diferan nivo nan filyè sa a mete tèt yo ansanm epi deside pou yo pote yon sèl pawòl pou fè moun konnen kijan kakawo ki soti nan tè DAyiti bon epi li espesyal. Yo pral bay yon mesaj rezilyans ak lespwa pwodiktris ak pwodiktè yo ki envesti fòs ak kouray yo nan kakazo a, malgre gen anpil defi ak difikilte nou jwenn sou wout nou. Nan Salon mondyal Chokola sa a, patnè OIT yo pral montre sa yo ka fè nan kilti kakawo a ak jan yo ka transfòme l; yo pral pale tou sou inovasyon yo pote nan filyè a k ap ede aktè yo rale yon souf. Se jefò sa yo ki te pèmèt Ayiti jwenn sètifikasyon komès ekitab la plizyè fwa.Pwojè PWOFI pral montre jefò ki fèt pou pwopoze negosyan yo yon kakawo fèmante k ap pèmèt pwodiktè yo jwenn revni ekitab ak desan. Antrepriz patnè yo pral prezante, ekspoze epi pèmèt vizitè yo goute kakawo ki plante nan tè DAyiti ki rich epi espesyal. Gou kakawo sa a ki fin transfòme a fè pati gou ki pi rafine epi ki fè dlo koule nan bouch. Nan salon sa a, yo pral pale sou kijan yo rive entegre teknoloji nan jesyon ak nan enfrastrikti filyè kakawo a, gras ak yon sistèm entèlijans lojistik ki pèmèt yo rive genyen pwen lokalizasyon (GPS) jaden yo ak pwodiktè yo. Sa pèmèt gen transparans nan chèn valè a, fyabilite nan sistèm trasabilite a, ak done fyab epi ki aktyalize. Done sa yo pèmèt bon jan analiz ak evalyasyon fèt sou chèn valè a, yon fason pou pran bon desizyon. Ranfòsman kapasite founisè sèvis agrikòl yo, enplikasyon ak otonomizasyon fanm yo, ak ranfòsman koperativ pwodiktè yo se pami sijè ki pral pale pandan salon an pou montre nivo rezilyans ki genyen nan yon peyi ki souvan gen kriz tout kalite tankou katastwòf natirèl yo.Patisipasyon Ayiti nan Salon mondyal Chokola montre klè tout potansyèl ak divès opòtinite Ayiti genyen nan plizyè domèn, espesyalman nan domèn agrikilti. Patisipasyon sa a bay lespwa e se yon egzanp pou montre gen posiblite pou aktè ki gen konpetans ak eksperyans diferan rive mete tèt yo ansanm nan tout domèn pou fè bon jan enpak epi chanje kondisyon lavi moun nan popilasyon an.
Pyès atache: Bwochi patisipasyon Ayiti nan salon an (ki pale sou pwojè PWOFI ak antrepriz k ap patisipe yo)
Pyès atache: Bwochi patisipasyon Ayiti nan salon an (ki pale sou pwojè PWOFI ak antrepriz k ap patisipe yo)
1 of 5
Dènye resous
1 / 4
Resous
21 dsanm 2021
1 / 4