“Popilasyon ayisyen an bouke ak vyolans,” se sa yon gwo ofisyèl imanitè Nasyonzini di
Nan fen yon vizit 4 jou nan peyi Dayiti, yon gwo ofisyèl imanitè Nasyonzini te ensiste vandredi sou fason popilasyon an bouke ak vyolans e li vle rale yon souf epi tounen jwenn vi nòmal la ankò.
Pandan vizit la, Direktris Operasyon ak Defans Biwo Nasyonzini pou Kwòdinasyon Afè Imanitè (OCHA), Edem wosòni, yo konnen tou sou non Edem Wosornu, te vizite plizyè sit pwojè èd imanitè e li te rankontre ak kominote ki afekte yo, otorite ayisyen yo, ansanm ak patnè nasyonal, entènasyonal ak lokal yo, pou chita pale epi brase lide sou kriz imanitè nan peyi a, ansanm ak estrateji ki ka bay plis rezilta pase semp èd ijans.
Vizit sa a, li te dirije ansanm ak Lisya Elmi yo konnen tou sou non Lucia Elmi ki se Direktris Pwogram Ijans Inisèf (UNICEF) ak Andreya kouleyma yo konnen sou non Andrea Koulaimah, ki soti nan Depatman Operasyon Èd Imanitè Komisyon Ewopeyen an, te rive fèt nan yon moman kote Ayiti ap sibi yon kriz imanitè grav, k ap detèryore nètalkole chak jou depi mwa mas ane sa a, kote vag vyolans yo pa sispann vale tèren nan kapital Pòtoprens peyi Dayiti.
Kounye a, nan peyi Dayiti, plis pase 578,000 moun pete kouri deplase kite kay yo e plis pase 900 lekòl fèmen pòt yo depi janvye sa vledi plis pase mwatye nan lekòl yo fèmen pou ane a. Apeprè 40% kote ki bay swen sante nan Pòtoprens fèmen.
Retounen jwenn lavi nòmal la ankò
Madam wosòni (Wosornu) te fè konnen: “Popilasyon ayisyen an ap mande twa bagay. Li mande pou lapè blayi, li mande pou vyolans gang yo sispann, li mande pou reprann kontwòl tout tèritwa pèdi yo,”.
Li di tou:
“Timoun mwen bat bouch avèk yo nan Gonayiv, Okay men tou nan Pòtoprens ap mande pou yo kapab retounen lekòl. Timoun mwen rankontre yo vle vin doktè, avoka, pwofesè, enfimyè. Popilasyon ayisyen an bouke ak vyolans. Popilasyon ayisyen an vle rejwenn vi nòmal la ankò”
Dapre li, patnè imanitè yo fè pati solisyon an, men Nasyonzini bezwen patnè devlopman yo tou pou rive mete nan wonn sant lan apwòch k ap bay rezilta k ap dire plis tan .
Li te di:
“Nou dwe asire n kote k ap bay swen lasante nan peyi a kapab ede popilasyon an tout bon vre. Nou bezwen asire n tou enstitisyon edikasyon yo kapab ede moun yo vre. Solisyon k ap dire ampil tan yo nesesè menm jan ak solisyon rapid vit pou yon ti bout tan yo, ".
“1.6 milyon nan 5 milyon moun nan peyi a ki tonbe nan ensekirite alimantè bezwen èd ki paka tann. Yon peyi ki pwodui mango agogo, bannann, yanm ak bannann, ki gen tè rich e ki fètil anpil pa ta dwe gen okenn plas pou ensekirite alimantè banbile. Vyolans lan dwe sispann pou pèmèt moun yo retounen nan fèm ak nan jaden yo epi pou yo kapab viv lavi yo,” se sa Madam Wosòni (Wosornu) te di.
Manda Bini (BINUH) pwolonje pou yon ane
Nan yon rezolisyon ki te pran vandredi kote tout moun ki te la yo te dakò, Konsèy Sekirite a te deside pwolonje jiska 15 jiyè 2025 manda Bini (BINUH) Biwo entegre Nasyonzini nan peyi Dayiti.
Nan tèks sa a, Konsèy Sekirite a bat bravo lakontantman pou tablisman sistèm gouvènans tranzisyon nan peyi Dayiti a, ansanm ak kreyasyon Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la e pou enstalasyon Premye Minis pwovizwa a ak kabinè l.
Manm Konsèy la fè konnen ankò nesesite pou tout moun ki gen enterè nan Ayiti yo “kontinye mennen yon pwosesis politik k ap pèmèt yo òganize eleksyon prezidansyèl ak lejislatif ki fyab, lib e jis, tout moun ladan l, egalego, nan bonjan sekirite kote fanm yo ak jèn yo, sosyete sivil la ak lòt moun ki konsène ankò kapab patisipe san grate tèt jan sa dwe ye.”
An patikilye, yo ankouraje tout moun ki gen enterè pou peyi Dayiti "pou kreye san pèdi tan yon Konsèy Elektoral Pwovizwa epi dakò sou yon plan pou eleksyon ki dirab ka rive fèt san traka ak tèt chaje".
Satisfè bezwen Misyon miltinasyonal la
Nan rezolisyon li a, Konsèy Sekirite a kondane nètalkole ak tout fòs li ogmantasyon zak vyolans yo, aktivite kriminèl yo, deplasman masiv sivil yo ak vyolasyon dwa moun yo nan peyi Dayiti.
Li note ak anpil kè kase konsekans dinamik krim òganize transnasyonal yo genyen sou kondisyon sekirite nan peyi Dayiti, sitou zafè komès ilegal zam, minisyon ak trafik dwòg.
Konsèy Sekirite a mande ak tout fòs li pou Eta Manb yo aplike san pèdi tan anbago tèritoryal sou zam yo te prevwa nan rezolisyon 2699 (2023) ak 2700 (2023) epi pou yo entèdi tout tranzaksyon ki gen rapò ak zam tankou achte, vann oswa transfere zam menm sa ki tou piti oubyen lejè ak minisyon bay moun ki pa prensipal aktè nan leta peyi Dayiti ki konn patisipe nan vyolans òganize gang yo, aktivite kriminèl oswa abi dwa moun nan peyi Dayiti, konsa tout mezi ki nesesè ap rive pran pou bloke tout komès ki pa otorize sitou sa yo ki chita sou detounman.
Konsèy la raple rezolisyon 2699 (2023) kote li te otorize deplwaman yon Misyon Sipò pou Sekirite Miltinasyonal (MMAS) nan peyi Dayiti nan lide pou sipòte tout aksyon Polis Nasyonal Dayiti a ap fè pou retabli sekirite.
Li ankouraje Eta Manb yo, sitou peyi nan rejyon an, pou yo bay Polis Nasyonal peyi Dayiti a sipò nan kesyon sekirite epi li mete aksan tou sou "pi plis efò" ki dwe fèt pou rive satisfè bidjè epi reponn ak ezijans operasyonèl misyon miltinasyonal la.
Atik sa a te pibliye nan nouvèl Nasyonzini.