02 jiyè 2025, Sekretè jeneral Nasyonzini an, António Guterres, anonse li nome Carlos G. Ruiz Massieu, ki soti Meksik, nan pòs Reprezantan espesyal Sekretè jeneral epi Chèf Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH). Sekretè jeneral la remèsye María Isabel Salvador, ki soti Ekwatè, pou devouman l ak sèvis li yo, pandan l te okipe pòs sila anvan M. Massieu.
Nan pòs sila, M. Ruiz Massieu charye vini plis pase 30 lane eksperyans nan fonksyon piblik ak diplomasi, nan nivo bilateral ak miltilateral. Kòm Reprezantan espesyal Sekretè jeneral nan peyi Kolonbi depi lane 2019, li te dirije Misyon verifikasyon Nasyonzini yo nan Kolonbi, kote li t ap swiv kijan Akò Lapè a t ap konkretize ant Gouvènman kolonbyen an ak geriya "Fòs ame revolisyonè Kolonbi an-Lame pèp la" (FARC-EP). Li te montre kapasite l pou l fasilite dyalòg epi li te montre lidèchip politik li nan pwosesis dyalòg pou lapè ant Gouvènman kolonbyen an ak Lame liberasyon nasyonal, ansanm ak lòt gwoup ame ilegal. Avan misyon sa a, li te prezidan Komite konsiltatif Asanble jeneral la pou zafè administratif ak bidjè soti 2013 pou rive 2018.
M. Ruiz Massieu gen yon pakou rekoni nan diplomasi. Li te okipe plizyè pòs nan gouvènman peyi Meksik anvan l te vin travay pou Nasyonzini. Li te nan Misyon pèmanant peyi Meksik nan Nasyonzini. M. Ruiz Massieu gen yon diplòm nan dwa li te fè nan Inivèsite ibewo-amerikèn nan Meksiko, e li gen yon metriz nan syans politik nan Inivèsite Esèks, Wayòm-Ini, ak yon espesyalizasyon sou Amerik latin. Apre espanyòl, li pale anglè ak fransè.