Fon Mondyal Edikasyon anonse yon sibvansyon 2.5 milyon dola pou Ayiti
Yon fon mondyal ki jwenn jarèt Nasyonzini pou kore edikasyon lè gen ka ijans, pral bay 2.5 milyon dola pou pèmèt plizyè milye timoun ki afekte pa vyolans gang yo nan peyi Dayiti kapab ale lekòl san danje.
Yasmin Cherif, yo konnen tou sou non Yasmine Sherif, direktris egzekitif Edikasyon pa ka tann (ECW), anonse sibvansyon an vandredi nan Pòtoprens kapital peyi Dayiti, pandan dewoulman yon misyon wo nivo Nasyonzini nan mitan peyi Karayib sa a.
Objektif la se rive jwenn prèske 75,000 timoun ak adolesan ki afekte anpil nan depatman Lwès, kote kapital la ye a, ak nan depatman Latibonit.
Pouvwa edikasyon
Madam Cherif mande dirijan mondyal yo pou yo pa vire do bay ti gason ak tifi yo nan peyi Dayiti.
Li te di:
"Ak pouvwa edikasyon genyen, nou ka rive pwoteje tifi ak ti gason sa yo kont gwo risk vyolans seksyèl, rekritman fòse nan gwoup ame ak lòt vyolasyon dwa moun ankò,".
Madam nan kontinye pou l di:
“Ak pouvwa edikasyon genyen an, nou ka fè yon nasyon alawonnbadè sòti deyò nan wonn grangou, povrete, ensètitid ekonomik ak vyolans ki pa janm kanpe yo. »
Fon Nasyonzini pou Timoun, ki rele Inisèf oubyen UNICEF, pral debouse lajan sibvansyon an nan bonjan kolaborasyon ak Pwogram Alimantè Mondyal la (PAM) epi nan kolaborasyon tou ak lòt patnè lokal ak entènasyonal yo.
Finansman an pral itilize pou pèmèt timoun yo jwenn aksè ak aprantisaj nan yon anviwònman ki san danje e li pral sipòte ankourajman pou rantre lekòl la ki gen ladan l pwogram manje lekòl, edikasyon timoun piti, enklizyon moun andikape yo, pwogram sante mantal ak sipò sikososyal, transfè lajan kach bay fanmi ki nan bezwen ak lòt fòm sipò toujou.
Bezwen imanitè ijan yo
Ayiti ap fè eksperyans ak yon kokenn chenn dezòd , anachi ak zak kraze brize ki rive nan yon nivo ki san parèy anba ponyèt kowalisyon gang ame yo. Sitiyasyon an vin anpire nèt ak chanjman klimatik, siklòn ak tranblemanntè yo, kote yonn ladan yo, nan lane 2021, te touye plis pase 2,300 moun epi ki te lakòz gwo domaj.
Prèske mwatye nan popilasyon an, 5.5 milyon moun, depann de èd imanitè, pandan senk milyon ladan yo ap soufri ak gwo grangou nan vant yo chak jou ki jou. Prèske 580,000 Ayisyen deplase e sa reprezante yon ogmantasyon 60% depi fen mwa fevriye.
Gwoup ame yo ap atake lekòl ak lopital, e gen rapò ki twoublan sou egzistans fòm vyolans seksyèl ki san pitye, tankou vyòl kolektif. Yo akize gwoup ame yo tou pou fòse yo fòse timoun entegre yo, e yo estime ke 30 a 50 pousan nan manm gwoup ame yo kapab timoun.
Kriz edikasyon an kontinye grandi
Anplis de sa, estimasyon yo endike ke 1.2 milyon timoun ki gen laj pou ale lekòl bezwen an ijans bon jan kalite edikasyon.
Nan tout peyi a, lekòl yo fèmen e yo itilize yo tou kòm sit pou mete moun ki deplase yo . Anviwon 919 lekòl fèmen nan depatman Lwès ak Latibonit sèlman, sa ki reprezante 10% nan tout lekòl ki gen nan rejyon sa yo.
Brino Mayes yo rele tou Bruno Maes, reprezantan Inisèf (UNICEF) nan peyi a, di: “Kriz edikasyon peyi Dayiti a sou wout ladegraba pou l vin tounen yon trajedi edikasyon.
“Pandan pousantaj enskripsyon lekòl yo te deja ba anvan dènye eskalad vyolans yo, fèmti lekòl yo ak deplasman an mas yo ap anpeche plizyè milye lòt timoun pa gen chans ditou pou yo aprann. »
Devlope envèstisman yo nan tout mond lan
Sibvansyon sa a pote yon finansman pou Edikasyon pa ka tann (ECW) nan peyi Dayiti ki evalye a plis pase $15.8 milyon.
Daprè Biwo Afè Imanitè Nasyonzini an, OCHA, malgre bezwen ijan yo, Edikasyon pa ka tann (ECW) te fè konnen se 30 milyon dola ki nesesè pou bay repons ak edikasyon an nan peyi Dayiti ki se yon pati nan yon plan imanitè jeneral pou peyi a - ebyen se mwens pase 30 pousan ki deja finanse.
Edikasyon pa ka tann (ECW) sipòte bon jan kalite edikasyon pou timoun refijye yo, moun ki deplase ki toujou rete nan pwòp peyi yo ak lòt timoun kriz yo afekte. Fon Edikasyon an ak tout patnè li yo ap mande lidè mondyal yo pou yo mobilize an ijans yon lòt $600 milyon dola pou plan estratejik twazan li yo.
Nouvo resous sa yo pral pèmèt fon an ogmante envèstisman li nan peyi Dayiti ak nan lòt rejyon ki nan kriz, pou rive jwenn 20 milyon tifi ak ti gason.
Atik sa a te pibliye nan nouvèl Nasyonzini.