Dènye
Kominike laprès
7 avril 2025
Omwen 262 moun mouri nan de mwa nan atak brital ki fèt nan Kenscoff, sou mòn Pòtoprens
Jwenn plis enfòmasyon
Istwa
23 janvye 2025
Ayiti : pandan gang yo pa sispann taye banda, otorite yo nan peyi a ap fè fas ak gwo defi
Jwenn plis enfòmasyon
Kominike laprès
5 novanm 2024
Madanm Winnie BYANYIMA, Direktris egzekitif ONUSIDA epi Sekretè jeneral annapre NasyonZini fè yon vizit solidarite an Ayiti
Jwenn plis enfòmasyon
Dènye
Objektif devlopman dirab yo nan Ayiti
Objektif devlòpman dirab (ODD) yo, ki se objektif global, se yon envitasyon inivèsèl pou mennen aksyon pou elimine lamizè, pwoteje planèt la epi garanti tout pèp sou latè ap viv nan lapè ak nan pwosperite. Se menm objektif sa a Nasyonzini genyen an Ayiti tou.
Piblikasyon
22 me 2025
Rapport annuel des résultats 2024 de l’Équipe Pays des Nations Unies en Haïti
L’année 2024 restera gravée dans nos mémoires comme une période d’épreuves et de résilience. Haïti a traversé une crise sans précédent, marquée par une situation économique toujours plus précaire et une insécurité galopante, affectant chaque aspect de la vie quotidienne. La violence des gangs armés a plongé des milliers de familles dans le deuil, la peur et a causé des déplacements forcés, exacerbant les vulnérabilités et menaçant les droits fondamentaux des populations, en particulier des femmes et des enfants.Dans cet environnement complexe, l’Équipe pays des Nations Unies a su s’adapter, innover et redoubler d’efforts pour continuer à soutenir les populations les plus touchées. Avec un engagement renouvelé, elle a mis en place des stratégies conciliant réponse humanitaire et actions de développement. Ainsi, nous avons renforcé des chaînes de valeur agricoles pour assurer une meilleure sécurité alimentaire, soutenu des structures éducatives et sanitaires, et intensifié nos actions en faveur de la protection de l’environnement et des paysages résilients. Parallèlement, nous avons appuyé des activités de plaidoyer initiées par des organisations de la société civile haïtienne en faveur des droits humains. Nous avons aussi contribué au renforcement de la justice dans un contexte en proie aux violences et aux exactions. Face à la crise humanitaire et sécuritaire, nous avons réaffirmé notre soutien aux autorités de transition dans leurs efforts de stabilisation et de renforcement des institutions démocratiques. Nos initiatives sont alignées sur les objectifs du «Pacte pour l’avenir» qui visent à favoriser une gouvernance inclusive et à poser les bases d’une paix durable. Dans ce cadre, le plaidoyer et l’accompagnement pour la tenue d’élections libres et transparentes ont constitué un axe d’intervention fondamental.Le renforcement de notre présence sur l’ensemble du territoire haïtien, et la collaboration accrue avec des organisations locales haïtiennes nous ont permis d’être plus efficace et de nous adapter face aux réalités complexes du terrain. Je vous invite, donc, à prendre connaissance des résultats présentés dans ce rapport de 2024, témoignant de la résilience et du courage du personnel des Nations Unies en Haïti, ainsi que de l’engagement de nos différents partenaires techniques et financiers qui continuent d’investir leurs efforts, pour donner de l’espoir aux Haïtiennes et Haïtiens, et parvenir à un pays économiquement fort, socialement juste, et politiquement stable et démocratique. Ulrika RichardsonCoordonnatrice résidenteCoordonnatrice humanitaire, filtered_html
1 of 5

Kominike laprès
20 me 2025
Haiti Humanitarian Country Team deeply concerned about the deportation of pregnant and breastfeeding women from the Dominican Republic
According to the latest data from the International Organization for Migration (IOM), nearly 20,000 individuals — including a growing number of highly vulnerable women — were deported by land in April 2025, marking a record number for a one-month period. At the Belladère and Ouanaminthe border crossings, the National Office for Migration (ONM) and IOM, in coordination with other partners, have assisted an average of 15 pregnant women and 15 breastfeeding mothers per day since 22 April.“It is imperative that commitments to protecting vulnerable populations are upheld. These expulsions raise serious humanitarian and human rights concerns, particularly when they involve pregnant women or mothers with very young children,” said Ulrika Richardson, United Nations Humanitarian Coordinator in Haiti.These deportations compound an already complex humanitarian crisis affecting millions of people across the country. Armed violence in several regions has displaced more than one million individuals.In addition, food insecurity continues to worsen nationwide. Over 5.7 million people — half the population — are currently facing acute food insecurity, with pockets of near-famine conditions.In response to this situation, United Nations agencies and their humanitarian partners, in coordination with Haitian authorities, are mobilizing to address the most urgent needs — including through the provision of safe drinking water, adapted hygiene kits, medical care, temporary shelter, psychosocial support, and food assistance.The Humanitarian Country Team in Haiti calls for migration policies that uphold human dignity and urges enhanced regional solidarity to address a crisis that transcends borders and endangers the rights and lives of thousands. For more information, please contact:
Claire-Emmanuelle Pressoir, Public Information Officer, OCHA Haiti, Port-au-Prince
claire.pressoir@un.org This article first appeared in Haiti | ReliefWeb, filtered_html
Claire-Emmanuelle Pressoir, Public Information Officer, OCHA Haiti, Port-au-Prince
claire.pressoir@un.org This article first appeared in Haiti | ReliefWeb, filtered_html
1 of 5
Piblikasyon
20 avril 2023
Cadre de Coopération des Nations Unies pour le Développement Durable 2023-2027
Le Cadre de Coopération des Nations Unies pour le Développement Durable représente l’engagement collectif de l’ONU en Haïti afin d’accompagner les efforts du pays dans la réalisation de l’Agenda 2030 pour le développement durable et assurer une mise en œuvre du Programme Commun des Nations Unies ainsi que le Nouvel Agenda pour la Paix.
Le Cadre de Coopération des Nations Unies pour le Développement Durable est aligné sur les priorités du Plan Stratégique de Développement d’Haïti (PSDH) et sur la vision du Gouvernement visant à faire d’Haïti un pays émergent. Élaboré sur la base des principes de la réforme du Système des Nations Unies, ce Cadre de Coopération marque un nouvel élan dans le partenariat entre l’ONU et le Gouvernement pour la période 2023-2027. Il repose sur une vision partagée des défis et des opportunités du pays. Il s’aligne aussi sur les recommandations issues de l’Examen périodique universel (EPU) d’Haïti de 2022 et fait écho aux valeurs de justice, de liberté et de dignité portées par la Déclaration universelle des droits de l’homme.
, filtered_html
1 of 5

Kominike laprès
23 avril 2025
Reaffirming the United Nations’ support for Haiti: Resilience and a Call for Commitment
This event highlighted the vital work of humanitarian and development actors amidst dire security challenges and a worsening humanitarian crisis. Efforts focus on vulnerable groups, especially in Port-au-Prince and the Artibonite region, where relentless gang violence has displaced hundreds of thousands, disproportionately impacting women and children. Across Haiti, over one million people are now displaced, a threefold increase in just a year. Nearly half the population, 5.7 million people, faces acute food insecurity, including over 8,000 in displacement sites enduring catastrophic hunger. Held alongside the World Bank's Spring Meetings, the event reaffirmed the United Nations' commitment to staying engaged on the ground. "UN humanitarian and development teams, in collaboration with international and national partners, are responding to Haiti's emergency by providing medical and mental health care, food, clean water, education, social protection, and jobs. But beyond immediate aid, we are addressing the root causes of instability, because what Haitians want and deserve is not just assistance, but dignity, stability, and peace", said Ulrika Richardson, Resident and Humanitarian Coordinator of the UN system in Haiti.Since the deterioration of the crisis, the UN has expanded its presence outside the capital Port-au-Prince, working closely with national partners to drive impactful change. Collective efforts focus on strengthening local agriculture and agrobusiness and value chains, job creation, rehabilitating critical infrastructure in education and healthcare. Additionally, environmental protection and resilient landscapes remain parallel priorities.The United Nations remains steadfast in its commitment to support Haiti in its path towards stability, sustainable development, and peace. The UN calls on international partners to reinforce their constructive engagement with Haiti and the Haitian people. Jefferson BelizaireAssociate Development Coordination Officer, Programme Communications and AdvocacyJefferson.belizaire@un.org, filtered_html
1 of 5
Istwa
16 awout 2022
Temwanyaj: Pran lanmè pou pote èd an Ayiti
Kapitèn Madeleine Habib, ki soti Ostrali, te pale de eksperyans li nan okazyon Jounen mondyal èd imanitè a, ki fèt chak ane nan dat 19 dawout, kote tèm pou ane sa a se "Se tout moun ki pou met men".
"Mwen se responsab transpò maritim pou Pwogram alimantè mondyal an Ayiti. Se mwen k ap jere sèvis transpò pa bato a nan lide pou tranzit byen imanitè ki esansyèl yo, ki prale nan nò ak nan sid peyi a, ka fèt an sekirite", se sa li esplike.
Li nesesè pou gen yon altènativ maritim paske gang yo kontinye ap gen plis kontwòl sou wout pou w pase yo lè w ap kite kapital la. Sitiyasyon sa a anpeche popilasyon ayisyen an ak aktè imanitè yo gen libète mouvman yo ni nan kapital la ni lè yo pa nan kapital la.
Sitiyasyon sa a gen gwo konsekans sou revni popilasyon an ak sou aplikasyon pwojè imanitè ak pwojè devlopman ki ta dwe soutni kominote a.
Sa a espesyalman vre sitou pou popilasyon ki nan gran sid la ki kontinye ap soufri akoz enpak mwa dayou out 2021 an.
Yon ane apre katastwòf la, mwen itilize vwa m pou plizyè milye moun ki toujou ap lite pou yo leve kanpe epi ki pa ka rekonstwi lavi yo paske ensekirite k ap grandi nan Pòtoprens la kraze tout previzyon ekonomik yo.
Kiltivatè yo ki nan zòn andeyò nan sid la pa ka al vann pwodui yo nan mache yo epi sa aji sou mwayen yo genyen pou yo viv.
Se tout moun nan kominote a ki pou met men epi lojistik la sipoze yon pati esansyèl nan kominote sa a. Nou gendwa pa devan, men rezo kamyon, bato ak avyon nou an pèmèt nou fè èd imanitè ki esansyèl yo rive jwenn benefisyè nou yo.
Nou dwe kontinye transpòte èd imanitè bay popilasyon vilnerab sa yo.
, filtered_html
1 of 5

Istwa
23 janvye 2025
Ayiti : pandan gang yo pa sispann taye banda, otorite yo nan peyi a ap fè fas ak gwo defi
2 responsab Nasyonzini aplodi dènye jefò ki fèt nan domèn politik ak sekirite pou fè fas ak gang yo ki kontinye ap taye banda pi plis nan peyi DAyiti, mete sou trafik dwòg ak blanchiman lajan.Gang yo kontinye deplwaye zèl yo sou teritwa ayisyen an, se sa Direktris egzekitiv Ofis Nasyonzini kont dwòg ak krim (ONUDC), Ghada Waly, deklare nan moman li t ap patisipe nan yon reyinyon Konsèy Sekirite Nasyonzini t ap fè sou sitisyasyon peyi a.Madan Waly fè konnen gang Viv Ansanm nan espesyalman pran kontwòl zòn estratejik anndan Pòtoprens ak lòt katye ki antoure l. Dapre Direktris egzekitiv la, sitisyasyon sa se rezilta aksyon byen kalkile gang yo ki nan konfyolo ak moun ki nan sektè politik ak ekonomik k ap fè sa yo konnen pou pran kontwòl resous peyi a. Li presize pou l di gang yo okipe anviwon 85% kapital la pou kounya, kote yo pwofite pou yo rantre byen fon nan trafik zam, trafik dwòg, kòripsyon ak blanchiman lajan.Taktik gang yo vin plis vyolanDapre responsab ONUDC a, gang ayisyen yo vin plis vyolan nan taktik yo. Sa ki lakoz moun pèdi lavi yo nan afwontman yo genyen ak popilasyon an oswa ak fòs lòd yo.Masak gang gran grif fè nan depatman Latibonit mwa oktòb pase a, kote 115 moun pèdi lavi yo; egzekisyon plis pase 200 moun nan katye Waf Jeremi nan Pòtoprens; ayewopò entènasyonal Pòtoprens ki fèmen apre gang yo te fè atak sou yon avyon komèsyal 11 novanm pase a, montre aklè nivo britalite ak vyolans gang yo.Vyolans sa yo ki repete souvan nan kapital la fòse plis pase 41.000 moun kite kay yo.Anmenmtan, gang yo pa gen okenn difikilte pou yo jwenn zam ak minisyon, malgre gen anbago sou materyèl sa yo.Madan Waly mande tou pou ranfòse sistèm pou trase, anrejistre ak kontwole sikilasyon zam ak minisyon an Ayiti.Yon kafou estratejik pou trafik dwògNan deseni ki sot pase yo, Ayiti tounen yon kafou estratejik pou trafik dwòg. Se sa Direktris egzekitiv ONUDC a deklare tou.Dapre li, yon ti gwoup moun ki gen ladan ansyen militè ayisyen, ajan fòs lòd yo, palmantè ak biznismann gen kontwòl trafik dwòg la depi lane 1980 yo. Moun sa yo ap fonksyone an Ayiti ak Etazini epi ta sanble yo itilize komès zangi pou blanchi lajan yo fè nan trafik dwòg la.Responsab ONUDC a mande kominote entènasyonal la pou kolabore ak Ayiti pou kraze rezo sa a ki plante pikèt yo byen fon anndan peyi a. Deplwaman fòk Kenya aNan kontèks kote vyolans lan pa kanpe, Reprezantant espesyal Sekretè jeneral la pou Ayiti, María Isabel Salvador bat bravo pou deplwaman 217 lòt polisye peyi Kenya voye nan kad Misyon miltinasyonal pou apiye sekirite a (MMAS) pou ranfòse plizyè lòt polisye ki te deja deplwaye sou teren an, ki soti Kenya ak nan plizyè lòt peyi tankou Gwatemala, Jamayik, Beliz, Bahamas, ak Salvadò. Pandan tan sa a, gen 739 nouvo polisye ayisyen, pami yo 213 fanm ki fenk soti nan Akademi nasyonal polis la.Madan Salvador ki se tou chèf Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH) kwè se yon pa pozitif ki fèt lè li konstate jefò Polis nasyonal Ayiti a (PNH), ak sipò MMAS pou fini ak vyolans gang yo. Dapre li menm, operasyon kont gang yo pi byen planifye, epi nominasyon nouvo Sekretè Deta sekirite piblik la voye yon siyal pozitif pou popilasyon an.Men li di « PNH la gen gwo defi devan l toujou », epi li mande pou kominote entènasyonal kontinye fè plis jefò pou ede peyi a.Pwen pozitif nan domèn politikMadan Salvador aplodi nominasyon Alix Didier Fils-Aimé nan pòs Premye Minis, 11 novanm pase a.Nominasyon sa a pèmèt yon pi bon kolaborasyon ant gouvènman an ak Konsèy prezidansyèl tranzisyon an. Sa ki anpeche gen blokaj sou kèk dosye nan gouvènans peyi a.Li aplodi tou nominasyon 2 dènye manm nan Konsèy elektoral pwovizwa a. Madan Salvador deklare : « 4 sou 9 manm yo se fanm, yon etap enpòtan pou favorize enklizyon nan pwosesis elektoral la » Atik sa pibliye sou ONU Info, filtered_html
1 of 5

Istwa
30 awout 2024
Ayiti: plizyè milyon lavi moun nan yon move pant ki chaje anpil gwo ris ak kalamite
Daprè yon rapò Nasyonzini fèk pibliye, ane soufinansman èd imanitè yo ak bezwen yo k ap vin pi plis jou aprè jou lakòz plizyè milyon ayisyen riske tonbe sou ladegraba nèt alkole.Biwo imanitè Nasyonzini OCHA fè konnen , nan yon dènye nòt li te mete deyò, pou ranvèse sitiyasyon sa a ki la a, kominote entènasyonal la ak tout donatè yo pral bezwen ogmante finansman pou operasyon sekou Nasyonzini ak òganizasyon non-gouvènmantal yo.Grangou ak bezwen yo k ap vin pi plisMwa vyolans yo te lakoz kriz imanitè a vin pi grav nan peyi Dayiti. Kantite moun k ap deplase kite lakay yo te triple pandan ane ki sot pase a nan peyi zile Karayib la pandan vyolans gang yo kontinye vale tèren e fòse anviwon 600,000 moun pete kouri kite kay yo.OCHA di: "Vyolans san paspouki gwoup ame yo ak efondreman sèvis debaz yo lage Ayiti nan yon kriz imanitè san parèy depi lane 2010," lè l fè referans a tranblemanntè goudougoudou ki te frape peyi a sa gen 14 ane.Rapò ki chita sou dènye chif ki soti nan OIM ki se Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon pou Peyi Dayiti fè konnen apre sitiyasyon sekirite a te vin pi malouk nan Pòtoprens wonn kapital la, nan Latibonit, ak nan nò peyi a, nan mwa fevrye a, kantite moun ki deplase yo ogmante rive nan 60%.Efondreman nan sèvis debaz yoSelon OCHA, zak vyolans yo kontinye vize enfrastrikti sivil yo e se sèlman 24% nan lopital yo kap fonksyone toujou. Ensekirite a rive lakoz tou 1.5 milyon timoun pa ka chita sou ban lekòl.Mwatye nan 578,000 moun ki deplase yo, ki sove kite kapital la san konnen kilè y ap retounen al pran refij nan sid peyi a, kote majorite nan yo ap fè ladesant kay kèk fanmi ki deja p at kòdjanm e ki pa t gen gwo mwayen ekonomik.Daprè OCHA, sèvis sosyal debaz yo, tankou ledikasyon, lasante, dlo, ijyèn ak asenisman, ki deja pat ase pou satisfè bezwen popilasyon lokal la, ap sibi gwo presyon.Gwo vag depòtasyonPeyi nan rejyon an kontinye ap pouse do ayisyen ki vin bouske lavi lakay yo. Nan ka sa a, OCHA tounen rapòte ke kantite sitwayen ayisyen ki depòte te ogmante, espesyalman nan mwa avril, lè vag vyolans yo te nan nivo ki te pi wo a.Daprè done OIM genyen, nan sèt premye mwa nan ane a, peyi nan rejyon an te pimpe tounen anviwon 100,000 ayisyen kite lakay li.Vag vyolans yoEklatman vyolans ki sòti nan afwontman ant gang ak otorite yo te toujou pèsiste tou, malgre Misyon Sipò Sekirite Miltinasyonal la te rive nan fen mwa jen pou ede lapolis peyi Dayiti a fè fas kare ak kriz ki la a.OCHA fè konnen nan rapò li a "Vag vyolans sa yo kontinye gen gwo konsekans imanitè sou popilasyon katye ak lokalite ki afekte yo, men tou sou moun nan lòt zòn ki lwen kapital la ki tounen tè akèy pou plizyè santèn milye moun".Prèske 300,000 ka malnitrisyon te anrejistre epi senk milyon moun ki reprezante anviwon 50% popilasyon ayisyen an, ap fè fas ak ensekirite alimantè, dapre yon rapò ki te pibliye pi bonè ane sa a pa yon gwoup suivi mondyal, kad Entegre klasifikasyon sekirite alimantè (IPC).Apèl pou bouche twou vid ki genyen nan finansman anAnplis de sa, rapò OCHA fè kwè, gen laperèz ak gwo kè kase pou wonn sant kriz imanitè n ap viv la a pa ta deplase piti piti pou al taye banda nan yon kantite zòn ki pat ko janm touche pa ensekirite a.Anmenmtan, yo prevwa sezon siklònik lan ka aktif e li kapab menm rive ogmante traka pèp ayisyen an ap fè fas chak jou.Ayiti ta dwe ap prepare l pou fè fas ak ant kat ak sèt gwo tanpèt nan mwa kap vini yo. Apèl pou bouche twou vid ki genyen nan finansman anOCHA fè konnen ke plis resous finansye nesesè anpil pou rive bay bonjan repons ak kriz miltidimansyonèl sa a e pou rive satisfè bezwen popilasyon ayisyen an k ap vin pi plis chak jou.Si pa gen okenn jèfò ki fèt pou rive kreye yon fon adisyonèl, OCHA gen anpil laperèz pou kriz sa yo pa kontinye vale tèren.Daprè OCHA, plizyè santèn milye timoun ki pa ale lekòl pral fè fas ak risk pou yo rekrite pa gwoup ame epi yo pral pèdi anpil ane e y ap grandi san yo pa gen konpetans ki nesesè k ap pèmèt yo viv e rive gen yon demen miyò. Mwatye milyon timoun ki vilnerab e ki te deja viktim nan kèk ensidan pa pral ka benefisye sèvis sante mantal ak sipò sikososyal.Biwo Nasyonzini pou Kwòdinasyon Imanitè fè konnen :"Pandan èd imanitè a se yon gwo sekou pou anpil moun, men li se sèlman yon pati nan solisyon an," sa se deklarasyon Biwo Nasyonzini pou Kowòdinasyon Imanitè.OCHA te di tou "Gouvènman an, aktè politik yo ak aktè devlopman yo dwe travay ansanm pou jwenn solisyon dirab ak defi estriktirèl peyi Dayiti yo," . Epi pawòl sa yo te fè eko nan yon apèl ki te lanse mwa pase a pa yon misyon Nasyonzini ansanm ak Inyon Ewopeyèn an nan peyi a.Pandansetan, nou nan uityèm mwa ane a, Plan Repons Imanitè 2024 Ayiti a, finanse sèlman ak 33% , li te resevwa selman $162.5 milyon dola sou $674 milyon dola. Atik sa a te pibliye nan nouvèl Nasyonzini., filtered_html
1 of 5

Istwa
31 jiyè 2024
Fon Mondyal Edikasyon anonse yon sibvansyon 2.5 milyon dola pou Ayiti
Yon fon mondyal ki jwenn jarèt Nasyonzini pou kore edikasyon lè gen ka ijans, pral bay 2.5 milyon dola pou pèmèt plizyè milye timoun ki afekte pa vyolans gang yo nan peyi Dayiti kapab ale lekòl san danje.Yasmin Cherif, yo konnen tou sou non Yasmine Sherif, direktris egzekitif Edikasyon pa ka tann (ECW), anonse sibvansyon an vandredi nan Pòtoprens kapital peyi Dayiti, pandan dewoulman yon misyon wo nivo Nasyonzini nan mitan peyi Karayib sa a.Objektif la se rive jwenn prèske 75,000 timoun ak adolesan ki afekte anpil nan depatman Lwès, kote kapital la ye a, ak nan depatman Latibonit.Pouvwa edikasyonMadam Cherif mande dirijan mondyal yo pou yo pa vire do bay ti gason ak tifi yo nan peyi Dayiti.Li te di:"Ak pouvwa edikasyon genyen, nou ka rive pwoteje tifi ak ti gason sa yo kont gwo risk vyolans seksyèl, rekritman fòse nan gwoup ame ak lòt vyolasyon dwa moun ankò,".Madam nan kontinye pou l di:“Ak pouvwa edikasyon genyen an, nou ka fè yon nasyon alawonnbadè sòti deyò nan wonn grangou, povrete, ensètitid ekonomik ak vyolans ki pa janm kanpe yo. »Fon Nasyonzini pou Timoun, ki rele Inisèf oubyen UNICEF, pral debouse lajan sibvansyon an nan bonjan kolaborasyon ak Pwogram Alimantè Mondyal la (PAM) epi nan kolaborasyon tou ak lòt patnè lokal ak entènasyonal yo.Finansman an pral itilize pou pèmèt timoun yo jwenn aksè ak aprantisaj nan yon anviwònman ki san danje e li pral sipòte ankourajman pou rantre lekòl la ki gen ladan l pwogram manje lekòl, edikasyon timoun piti, enklizyon moun andikape yo, pwogram sante mantal ak sipò sikososyal, transfè lajan kach bay fanmi ki nan bezwen ak lòt fòm sipò toujou.Bezwen imanitè ijan yoAyiti ap fè eksperyans ak yon kokenn chenn dezòd , anachi ak zak kraze brize ki rive nan yon nivo ki san parèy anba ponyèt kowalisyon gang ame yo. Sitiyasyon an vin anpire nèt ak chanjman klimatik, siklòn ak tranblemanntè yo, kote yonn ladan yo, nan lane 2021, te touye plis pase 2,300 moun epi ki te lakòz gwo domaj. Prèske mwatye nan popilasyon an, 5.5 milyon moun, depann de èd imanitè, pandan senk milyon ladan yo ap soufri ak gwo grangou nan vant yo chak jou ki jou. Prèske 580,000 Ayisyen deplase e sa reprezante yon ogmantasyon 60% depi fen mwa fevriye.Gwoup ame yo ap atake lekòl ak lopital, e gen rapò ki twoublan sou egzistans fòm vyolans seksyèl ki san pitye, tankou vyòl kolektif. Yo akize gwoup ame yo tou pou fòse yo fòse timoun entegre yo, e yo estime ke 30 a 50 pousan nan manm gwoup ame yo kapab timoun.Kriz edikasyon an kontinye grandiAnplis de sa, estimasyon yo endike ke 1.2 milyon timoun ki gen laj pou ale lekòl bezwen an ijans bon jan kalite edikasyon.Nan tout peyi a, lekòl yo fèmen e yo itilize yo tou kòm sit pou mete moun ki deplase yo . Anviwon 919 lekòl fèmen nan depatman Lwès ak Latibonit sèlman, sa ki reprezante 10% nan tout lekòl ki gen nan rejyon sa yo.Brino Mayes yo rele tou Bruno Maes, reprezantan Inisèf (UNICEF) nan peyi a, di: “Kriz edikasyon peyi Dayiti a sou wout ladegraba pou l vin tounen yon trajedi edikasyon.“Pandan pousantaj enskripsyon lekòl yo te deja ba anvan dènye eskalad vyolans yo, fèmti lekòl yo ak deplasman an mas yo ap anpeche plizyè milye lòt timoun pa gen chans ditou pou yo aprann. »Devlope envèstisman yo nan tout mond lanSibvansyon sa a pote yon finansman pou Edikasyon pa ka tann (ECW) nan peyi Dayiti ki evalye a plis pase $15.8 milyon.Daprè Biwo Afè Imanitè Nasyonzini an, OCHA, malgre bezwen ijan yo, Edikasyon pa ka tann (ECW) te fè konnen se 30 milyon dola ki nesesè pou bay repons ak edikasyon an nan peyi Dayiti ki se yon pati nan yon plan imanitè jeneral pou peyi a - ebyen se mwens pase 30 pousan ki deja finanse.Edikasyon pa ka tann (ECW) sipòte bon jan kalite edikasyon pou timoun refijye yo, moun ki deplase ki toujou rete nan pwòp peyi yo ak lòt timoun kriz yo afekte. Fon Edikasyon an ak tout patnè li yo ap mande lidè mondyal yo pou yo mobilize an ijans yon lòt $600 milyon dola pou plan estratejik twazan li yo.Nouvo resous sa yo pral pèmèt fon an ogmante envèstisman li nan peyi Dayiti ak nan lòt rejyon ki nan kriz, pou rive jwenn 20 milyon tifi ak ti gason. Atik sa a te pibliye nan nouvèl Nasyonzini., filtered_html
1 of 5

Istwa
26 jiyè 2024
Moso twal yo ki pyese sosyete a ap depatcha nan peyi Dayiti pandan moun kontinye pete kouri kite lakay yo
Daprè Abdoulaye Sawadogo, chèf biwo kwòdinasyon imanitè Nasyonzini an, OCHA, nan nasyon zile Karayib la , tout moso twal sosyal fanmi yo ap depyese nan peyi Dayiti pandan kantite moun k ap pete kouri deplase kite lakay yo nan peyi a rive nan nivo moun pa t espere ditou, sitou akòz ensekirite ak zak vyolans gang yo.Kantite moun ki te oblije kite kay yo te monte rive nan 362,000 depi kòmansman mwa mas e chif sa yo te vin pase ak 578 000 nan mwa jen lè vag vyolans yo te rèd anpil nan wonn Pòtoprens kapital Peyi Dayiti, e sa fè wè kantite moun ki deplase yo konnen yon ogmantasyon 60% nan twa mwa sèlman.Nan ka sa a, kisa k ap fèt nan peyi Dayiti lè moun yo deplase e ki repons Nasyonzini bay ak sa?Menm jan ak tout lòt repons nenpòt lòt kriz , premye etap la se evalye echèl deplasman an epi reponn ak bezwen imanitè imedya moun yo ki deplase pete kouri kite kay yo, souvan britsoukou e de men balan.Èd pa ka livre nan mitan fiziyadOCHA kowòdone mekanis repons lan ak gouvènman ayisyen an, òganizasyon non-gouvènmantal yo (ONG) lokal ak patnè entènasyonal yo. Men Daprè Mesye Sawadogo, sa a se pa yon travay ki senp nan peyi Dayiti, Daprè nouvèl Nasyonzini yo anpil moun konnen sou non UN News "Vyolans ki te fòse moun ki deplase yo pete kouri kite lakay yo a, tounen barikad tou pou bloke repons lan," . "Èd pa ka livre tout bon vre kote bal ap pete san rete. »Òganizasyon Entènasyonal Nasyonzini pou Migrasyon (OIM) travay ak patnè ONG ayisyen yo ki gen ekip sou teren pou rankontre moun epi aprann plis sou sitiyasyon endividyèl yo. Pwoteje mounMoun, sitou fanm ak timoun, vilnerab anpil lè lavi yo an boulatcha epii vire tèt anba pa yon evènman tankou pete kouri deplase pou sove lavi yo. Yo riske tonbe anba vyolans, agresyon seksyèl, eksplwatasyon, abi ak separasyon ak fanmi yo. Genyen bonjan prèv ki montre byen klè yo fòse anpil timoun travay pou gang yo.Nasyonzini ap asire yo pwoteje yo pandan l ap ede gouvènman ayisyen an bay moun sa yo dokiman legal ak pwoteksyon sosyal, ede yo jwenn aksè sèvis ak pwoteksyon kont eksplwatasyon ak abi.OIM, ajans Nasyonzini pou sante seksyèl ak repwodiksyon, UNFPA, Fon Nasyonzini pou Timoun (UNICEF) ak ONG ayisyen tankou Fondasyon Toya ak Kay Fanm se pami òganizasyon ki bay sipò sikososyal pou moun ki twomatize yo, tankou timoun.Preparasyon pou deplasmanYonn nan eleman kle ki toujou prezan nan nenpòt repons y ap bay ak deplasman se toujou fè ppreparasyon pou entèvni san kalbende nan yon anviwònman ki souvan enstab epi ki ranpli ak anpil danje.Daprè Mesye Sawadogo, li enpòtan tou pou gen "resous finansyè, ase anplwaye, aksè ak kote moun ki deplase yo ye a epi san wete sipò gouvènman an".Lojistik pou bay èd imanitè jwe yon wòl enpòtan. Nan mwa jen, Pwogram Alimantè Mondyal la (PAM) te transpòte pa avyon plis pase 55 tòn medikaman ak materyèl pou fè abri pou moun ki te deplase yo, ansanm ak lòt pou mete nan stock anvan sezon siklòn yo.ONG entènasyonal Medsen San Frontyè (MSF), ke yo rele Médecins Sans Frontières, te transpòte pa avyon tou 80 tòn medikaman pou sipòte operasyon li yo nan kapital Pòtoprens.Asistans yo bay yo espesifik pou chak sitiyasyon se vre, men jeneralman yo konsantre sou sante, lojman, manje, dlo ak sanitasyon, ansanm ak sipò sikososyal.Sipò ekip yoDepi mwa mas, Nasyonzini te distribye plis pase 21 milyon lit dlo bay moun ki deplase yo nan Pòtoprens, plis pase 60,000 moun te transfere soti nan pwogram manje cho PAM nan pou al benefisye transfè lajan kach epi plizyè milye ayisyen te resevwa èd medikal ak sikososyal. sipò.OIM, INISEF ak patnè lokal yo te bay materyèl abri ijans ak atik esansyèl ki pa manje tankou dra, atik kuizin ak twous ijyèn. Yo te asire tou aksè ak dlo pwòp, enstalasyon sanitasyon ak pwomosyon ijyèn pou anpeche epidemi maladi yo.Òganizasyon Panameriken pou Lasante Nasyonzini (OPS)/Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) ak lòt ajans sante yo te mete etablisman sante tanporè, yo te bay swen medikal epi yo te fè kanpay vaksinasyon yo.Mwa pase a, INISEF te ogmante prezans li tou nan Lewogàn, nan lwès Pòtoprens, kote anviwon 33,000 moun te kouri met deyò apre yon ogmantasyon nan zak vyolans gang yo nan mwa me. Ajans la te di ke de tyè nan moun ki deplase yo se fanm ak timoun. Foul moun yo te mete gwo presyon sou edikasyon lokal, sante ak lòt sèvis esansyèl."Nou ta ka fè plis toujou si nou te gen plis resous," se sa Mesye Sawadogo te di. “Sepandan, nan 674 milyon dola apèl imanitè ane sa a se mwens pase 25 pousan ki deja finanse, sèt mwa depi ane a kòmanse, sa ki reprezante yon gwo defi. » Detripe twal sosyal laDapre OIM, nan nivo nasyonal, 80% nan moun ki deplase yo ap viv ak fanmi akèy pandan rès yo rete viv nan sit enpwovize souvan nan zòn gang yo kontwole oswa nan zòn ki gen gwo risk. Nan blòk sid peyi a, ajans la estime ke 99% moun ki deplase yo ap viv ak fanmi akèy.Anpil moun pa kapab oswa pa vle retounen lakay yo epi , nan ka sa a ,yo dwe rete nan sit tanporè pou yon bon bout tan.Kòm rezilta, “tout twal sosyal fanmi yo ap depatcha paske manm fanmi yo separe, travay yo pèdi, lekòl yo fèmen ak sèvis sante yo ki tonbe plat atè, ” se sa Madam Sawadogo nan OCHA fè konnen.Nan sitiyasyon sa yo, Nasyonzini te konsantre l sou bay sipò alontèm pou asire, pa egzanp, lekòl timoun yo. Nan kèk ka, yo mete pwogram mwayen pou viv pou ede moun ki deplase yo repran otonomi yo. Pwogram sa yo kapab genyen fòmasyon pwofesyonèl ak aktivite ki bay revni, ansanm ak semans, zouti ak fòmasyon pou kiltivatè yo. Tounen lakayPi gwo objektif la se fasilite moun ki deplase yo retounen lakay yo, depi y ap an sekirite epi depi yo vle fè sa tou.Nan ka kote retounen pa posib, Nasyonzini ede moun ki deplase yo nan sit osnon nan nouvo kote yo etabli yo."Chak kriz gen espesifikasyon li , pwòp chòk li ," se sa Mesye Sawadogo te di. “Kèlkeswa kriz la, nou fè efò pou nou bay èd ak asistans prese prese ak moun ki bezwen yo epi ede yo retounen nan lavi nòmal la ankò. »Pou aprann plis toujou sou asistans Nasyonzini, klike sou. Atik sa a te pibliye nan nouvèl Nasyonzini., filtered_html
1 of 5

Istwa
15 jiyè 2024
“Popilasyon ayisyen an bouke ak vyolans,” se sa yon gwo ofisyèl imanitè Nasyonzini di
Nan fen yon vizit 4 jou nan peyi Dayiti, yon gwo ofisyèl imanitè Nasyonzini te ensiste vandredi sou fason popilasyon an bouke ak vyolans e li vle rale yon souf epi tounen jwenn vi nòmal la ankò.Pandan vizit la, Direktris Operasyon ak Defans Biwo Nasyonzini pou Kwòdinasyon Afè Imanitè (OCHA), Edem wosòni, yo konnen tou sou non Edem Wosornu, te vizite plizyè sit pwojè èd imanitè e li te rankontre ak kominote ki afekte yo, otorite ayisyen yo, ansanm ak patnè nasyonal, entènasyonal ak lokal yo, pou chita pale epi brase lide sou kriz imanitè nan peyi a, ansanm ak estrateji ki ka bay plis rezilta pase semp èd ijans.Vizit sa a, li te dirije ansanm ak Lisya Elmi yo konnen tou sou non Lucia Elmi ki se Direktris Pwogram Ijans Inisèf (UNICEF) ak Andreya kouleyma yo konnen sou non Andrea Koulaimah, ki soti nan Depatman Operasyon Èd Imanitè Komisyon Ewopeyen an, te rive fèt nan yon moman kote Ayiti ap sibi yon kriz imanitè grav, k ap detèryore nètalkole chak jou depi mwa mas ane sa a, kote vag vyolans yo pa sispann vale tèren nan kapital Pòtoprens peyi Dayiti.Kounye a, nan peyi Dayiti, plis pase 578,000 moun pete kouri deplase kite kay yo e plis pase 900 lekòl fèmen pòt yo depi janvye sa vledi plis pase mwatye nan lekòl yo fèmen pou ane a. Apeprè 40% kote ki bay swen sante nan Pòtoprens fèmen. Retounen jwenn lavi nòmal la ankòMadam wosòni (Wosornu) te fè konnen: “Popilasyon ayisyen an ap mande twa bagay. Li mande pou lapè blayi, li mande pou vyolans gang yo sispann, li mande pou reprann kontwòl tout tèritwa pèdi yo,”.Li di tou:“Timoun mwen bat bouch avèk yo nan Gonayiv, Okay men tou nan Pòtoprens ap mande pou yo kapab retounen lekòl. Timoun mwen rankontre yo vle vin doktè, avoka, pwofesè, enfimyè. Popilasyon ayisyen an bouke ak vyolans. Popilasyon ayisyen an vle rejwenn vi nòmal la ankò”Dapre li, patnè imanitè yo fè pati solisyon an, men Nasyonzini bezwen patnè devlopman yo tou pou rive mete nan wonn sant lan apwòch k ap bay rezilta k ap dire plis tan .Li te di:“Nou dwe asire n kote k ap bay swen lasante nan peyi a kapab ede popilasyon an tout bon vre. Nou bezwen asire n tou enstitisyon edikasyon yo kapab ede moun yo vre. Solisyon k ap dire ampil tan yo nesesè menm jan ak solisyon rapid vit pou yon ti bout tan yo, ".“1.6 milyon nan 5 milyon moun nan peyi a ki tonbe nan ensekirite alimantè bezwen èd ki paka tann. Yon peyi ki pwodui mango agogo, bannann, yanm ak bannann, ki gen tè rich e ki fètil anpil pa ta dwe gen okenn plas pou ensekirite alimantè banbile. Vyolans lan dwe sispann pou pèmèt moun yo retounen nan fèm ak nan jaden yo epi pou yo kapab viv lavi yo,” se sa Madam Wosòni (Wosornu) te di. Manda Bini (BINUH) pwolonje pou yon aneNan yon rezolisyon ki te pran vandredi kote tout moun ki te la yo te dakò, Konsèy Sekirite a te deside pwolonje jiska 15 jiyè 2025 manda Bini (BINUH) Biwo entegre Nasyonzini nan peyi Dayiti.Nan tèks sa a, Konsèy Sekirite a bat bravo lakontantman pou tablisman sistèm gouvènans tranzisyon nan peyi Dayiti a, ansanm ak kreyasyon Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la e pou enstalasyon Premye Minis pwovizwa a ak kabinè l.Manm Konsèy la fè konnen ankò nesesite pou tout moun ki gen enterè nan Ayiti yo “kontinye mennen yon pwosesis politik k ap pèmèt yo òganize eleksyon prezidansyèl ak lejislatif ki fyab, lib e jis, tout moun ladan l, egalego, nan bonjan sekirite kote fanm yo ak jèn yo, sosyete sivil la ak lòt moun ki konsène ankò kapab patisipe san grate tèt jan sa dwe ye.”An patikilye, yo ankouraje tout moun ki gen enterè pou peyi Dayiti "pou kreye san pèdi tan yon Konsèy Elektoral Pwovizwa epi dakò sou yon plan pou eleksyon ki dirab ka rive fèt san traka ak tèt chaje". Satisfè bezwen Misyon miltinasyonal laNan rezolisyon li a, Konsèy Sekirite a kondane nètalkole ak tout fòs li ogmantasyon zak vyolans yo, aktivite kriminèl yo, deplasman masiv sivil yo ak vyolasyon dwa moun yo nan peyi Dayiti.Li note ak anpil kè kase konsekans dinamik krim òganize transnasyonal yo genyen sou kondisyon sekirite nan peyi Dayiti, sitou zafè komès ilegal zam, minisyon ak trafik dwòg.Konsèy Sekirite a mande ak tout fòs li pou Eta Manb yo aplike san pèdi tan anbago tèritoryal sou zam yo te prevwa nan rezolisyon 2699 (2023) ak 2700 (2023) epi pou yo entèdi tout tranzaksyon ki gen rapò ak zam tankou achte, vann oswa transfere zam menm sa ki tou piti oubyen lejè ak minisyon bay moun ki pa prensipal aktè nan leta peyi Dayiti ki konn patisipe nan vyolans òganize gang yo, aktivite kriminèl oswa abi dwa moun nan peyi Dayiti, konsa tout mezi ki nesesè ap rive pran pou bloke tout komès ki pa otorize sitou sa yo ki chita sou detounman.Konsèy la raple rezolisyon 2699 (2023) kote li te otorize deplwaman yon Misyon Sipò pou Sekirite Miltinasyonal (MMAS) nan peyi Dayiti nan lide pou sipòte tout aksyon Polis Nasyonal Dayiti a ap fè pou retabli sekirite.Li ankouraje Eta Manb yo, sitou peyi nan rejyon an, pou yo bay Polis Nasyonal peyi Dayiti a sipò nan kesyon sekirite epi li mete aksan tou sou "pi plis efò" ki dwe fèt pou rive satisfè bidjè epi reponn ak ezijans operasyonèl misyon miltinasyonal la. Atik sa a te pibliye nan nouvèl Nasyonzini., filtered_html
1 of 5

Kominike laprès
7 avril 2025
Omwen 262 moun mouri nan de mwa nan atak brital ki fèt nan Kenscoff, sou mòn Pòtoprens
« Enfòmasyon ekip nou ranmase epi verifye atravè yon ankèt ki te fèt ak anpil presizyon montre atak yo sou Kenscoff te akonpaye ak yon mechanste ekstrèm, avèk entansyon simen laperèz nan mitan popilasyon an », se sa Maria Isabel Salvador, ki se Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an ann Ayiti ak Chèf BINUH, deklare.Yo egzekite Gason, fanm ak timoun andedan kay yo, yo tire kèk lòt sou chemen pandan yo t’ap eseye sove anba vyolans lan. Yo boule kadav viktim yo apre. Gen zak vyolans seksyèl, tankou vyòl, ki te fèt sou fanm ak jèn tifi. Apeprè 200 kay te detwi oswa ensandye, epi plis pase 3 000 moun te oblije kouri kite zòn nan.Gwoup kriminèl yo te mennen atak sa yo pou ogmante kontwòl yo sou lokalite ki sou mòn Kenscoff, ak objektif pou destabilize komin Petyonvil. Lè yo ogmante enfliyans yo sou zòn sa a, gwoup sa yo ansanm ak moun ki sipòte yo ap chèche afebli gouvènman an pi plis toujou.Nan premye jou atak yo, 27 janvye, fòs sekirite ayisyèn yo te deplwaye ak reta. Men, apre sa, malgre mwayen yo limite epi pifò pèsonèl yo te deja sou lòt front nan kapital la, yo te kòmanse ogmante prezans yo ti pa ti pa nan komin Kenscoff, avèk sipò Misyon Miltinasyonal pou Sipò Sekirite a (MMS).Deplwaman sa a pèmèt yo ralanti avanse gwoup kriminèl yo, men yo poko rive retabli lòd piblik la.Dènye atak yo te fèt nan komin Kenscoff ant 24 ak 27 mas, sa ki montre prezans kontinyèl gwoup kriminèl yo epi kapasite yo pou mete plizyè selil nan zòn nan. Depi kòmansman konfwontasyon yo, kat (4) manm fòs sekirite yo pèdi lavi yo, epi kat (4) lòt blese. Gen yon eleman MMS ki te blese tou.Depi atak yo te kòmanse, sèvis Leta, tankou Direksyon Nasyonal Dlo Potab ak Asenisman, ajans Nasyonzini yo ak plizyè òganizasyon non-gouvènmantal nasyonal ak entènasyonal te bay asistans imanitè ak mezi pwoteksyon pou moun ki afekte yo.Sepandan, inisyativ sa yo poko ase lè n gade kantite bezwen ki genyen, ak gwo chòk sikolojik moun ki sove yo ap viv, espesyalman timoun yo ki te swa viktim swa temwen dirèk zak vyolans ekstrèm sa yo, tankou zak vyolans seksyèl.Rapò a genyen tou rekòmandasyon pou otorite ayisyèn yo epi pou kominote entènasyonal la pou amelyore sitiyasyon sekirite a epi sipòte fòs sekirite yo.Pwosesis ranmase enfòmasyon pou ankèt sa a te fèt ak anpil rigè, atravè dokimantasyon ak verifikasyon, sa ki te pèmèt yo idantifye klèman lòd evènman yo jan yo te pase nan Kenscoff. Metòd sa a pèmèt yo montre atak yo te fèt an 6 etap, ki detaye ak presizyon nan rapò ki pibliye jodi a.---Kontak : Mathias Gillmann, Pòt Pawòl BINUH; Imèl : gillmann@un.org, filtered_html
1 of 5
Kominike laprès
22 novanm 2024
Madanm Winnie BYANYIMA, Direktris egzekitif ONUSIDA epi Sekretè jeneral annapre NasyonZini fè yon vizit solidarite an Ayiti
Pandan misyon an, madanm Byanyima bat bravo pou gwo pwogrè Ayiti fè nan batay pou kwape VIH nan yon kontèks difisil. Ayiti fè pwogrè nan reyalizasyon objektif trètman 95-95-95 lan pou 2030, kote gen depistaj ki fèt sou 87% moun k ap viv ak VIH la, 96% moun k ap viv ak VIH la benefisye trètman epi gen 85% moun ki sou trètman yo nan estad endetektab. Depi 2010, kantite nouvo moun ki enfekte ak VIH la bese a 34% epi kantite moun k ap mouri akoz VIH bese a 75%. Avèk sipò PEPFAR ak Fon Mondyal, òganizasyon kominotè nan sosyete sivil la gen anprent yo nan gwo pwogrè sa yo gras ak apwòch tou nèf epi ki fleksib yo adopte nan fason yo bay sèvis yo. Nan echanj madanm Winnie te gen ak yo, li bat bravo pou detèminasyon ak rezilyans pèp Ayisyen an ki se yon pèp ki gen anpil fyète, ki toujou sèvi yon sous enspirasyon pou lemonn malgre yo nan kriz.Winnie Byanyima deklare: « Se premye fwa mwen vizite yon peyi ki gen yon rezo ki gen 26 òganizasyon ki fòme ak moun k ap viv ak VIH. Anndan òganizasyon sa yo, mwen wè moun ki gen anpil kouraj k ap batay kont estigmatizasyon epi k ap batay pou fè respekte dwa yo ».
Li te fè konnen tou vwa medam yo enpòtan nan pwosesis pou chèche lapè ak sekirite ki se kondisyon esansyèl pou pwoteje kategori moun vilnerab yo tankou sila k ap viv VIH. Se tou kondisyon k ap ede nan batay pou kwape vyolans ki baze sou rapò dezekilibre fanm ak gason. Winnie di « Twò souvan, yo mete medam yo sou kote, m ap pote pawòl nou tout kote m prale ».Direktris la te temwen kalite defi ki genyen akoz kriz sekiritè ak imanitè ki afekte espas ki bay sèvis sante ak lòt kalite sèvis pou moun k ap viv ak VIH. Madanm Byanyima di li solidè ak moun ki afekte pa ensekirite gang yo kreye, pandan li montre enkyetid li genyen lè li wè kantite moun k ap mouri chak jou ak kantite lòt moun vilnerab ki viktim vyolans seksyèl. « M te gen chans tande reprezantan òganizasyon fanm yo an Ayiti sou defi y ap fè fas ak yo ki gen rapò ak egalite fanm ak gason epi vyolans seksis, ak sou fason ONUSIDA ak lòt patnè yo kapab ede yo nan travay yo », se sa madanm Byanyima deklare. « Pawòl fanm yo esansyèl lè gen diskisyon sou pi bon estrateji pou lapè ak sekirite kapab tabli. Nou dwe kontinye jefò k ap fèt pou kwape vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi. Se yon pwen enpòtan pou tout sistèm NasyonZini an.
Winnie Byanyima te gen chans rankontre otorite tranzisyon an tankou manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Premye Minis lan ak kèk minis nan gouvènman an, kò diplomatik la ak patnè teknik ak finansye yo. Nan rankont sa yo, li pa t rate opòtinite pou souliye ijans ki genyen pou rezoud pwoblèm ensekirite gang yo kreye an Ayiti, pandan l mande pou gen yon estabilite politik pou pa gaspiye tout pwogrè ki fèt nan batay kont VIH, pou amelyore sekirite, pèmèt èd imanitè a kontinye epi kreye kondisyon pou gen bon jan dyalòg, otonomizasyon sosyo ekonomik ak yon pi bon enplikasyon fanm yo nan gouvènans politik... « Kominote entènasyonal la dwe mobilize pou rete bò kote pèp Ayisyen an nan jefò l ap fè pou estabilite tounen, epi pou bay garanti pwoblèm VIH la ap rete yon priyorite nan ajannda politik mondyal la ». Se sa Direktris egzekitif ONUSIDA deklare nan finisman misyon an, pandan li bay garanti NasyonZini ap toujou sipò pledwaye pou mobilize plis resous pou batay kont VIH/Sida nan lemonn, espesyalman an Ayiti.Pou misyon sa a, Direktris egzekitif ONUSIDA a te jwenn tout akonpayman madanm María Isabel Salvador, Reprezantan espesyal Sekretè Jeneral la ak Chèf Biwo Entegre NasyonZini an Ayiti (BINUH) ak Madanm Ingeborg Ulrika Ulfsdotter Richardson, Kòdonatris rezidant ak imanitè an Ayiti. Pou plis enfòmasyon sou ONUSIDA, vizite sit entènèt UNAIDS, epi swiv nou sou Facebook, X, Instagram ak YouTube.
Kontak :
Daniel de Castro │ ONUSIDA Amerik Latin ak Karayib yo│ decastrod@unaids.org │ +507 6998 3175
Christian Mouala │ ONUSIDA Ayiti │moualac@unaids.org│ +5094777190, filtered_html
Li te fè konnen tou vwa medam yo enpòtan nan pwosesis pou chèche lapè ak sekirite ki se kondisyon esansyèl pou pwoteje kategori moun vilnerab yo tankou sila k ap viv VIH. Se tou kondisyon k ap ede nan batay pou kwape vyolans ki baze sou rapò dezekilibre fanm ak gason. Winnie di « Twò souvan, yo mete medam yo sou kote, m ap pote pawòl nou tout kote m prale ».Direktris la te temwen kalite defi ki genyen akoz kriz sekiritè ak imanitè ki afekte espas ki bay sèvis sante ak lòt kalite sèvis pou moun k ap viv ak VIH. Madanm Byanyima di li solidè ak moun ki afekte pa ensekirite gang yo kreye, pandan li montre enkyetid li genyen lè li wè kantite moun k ap mouri chak jou ak kantite lòt moun vilnerab ki viktim vyolans seksyèl. « M te gen chans tande reprezantan òganizasyon fanm yo an Ayiti sou defi y ap fè fas ak yo ki gen rapò ak egalite fanm ak gason epi vyolans seksis, ak sou fason ONUSIDA ak lòt patnè yo kapab ede yo nan travay yo », se sa madanm Byanyima deklare. « Pawòl fanm yo esansyèl lè gen diskisyon sou pi bon estrateji pou lapè ak sekirite kapab tabli. Nou dwe kontinye jefò k ap fèt pou kwape vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi. Se yon pwen enpòtan pou tout sistèm NasyonZini an.
Winnie Byanyima te gen chans rankontre otorite tranzisyon an tankou manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Premye Minis lan ak kèk minis nan gouvènman an, kò diplomatik la ak patnè teknik ak finansye yo. Nan rankont sa yo, li pa t rate opòtinite pou souliye ijans ki genyen pou rezoud pwoblèm ensekirite gang yo kreye an Ayiti, pandan l mande pou gen yon estabilite politik pou pa gaspiye tout pwogrè ki fèt nan batay kont VIH, pou amelyore sekirite, pèmèt èd imanitè a kontinye epi kreye kondisyon pou gen bon jan dyalòg, otonomizasyon sosyo ekonomik ak yon pi bon enplikasyon fanm yo nan gouvènans politik... « Kominote entènasyonal la dwe mobilize pou rete bò kote pèp Ayisyen an nan jefò l ap fè pou estabilite tounen, epi pou bay garanti pwoblèm VIH la ap rete yon priyorite nan ajannda politik mondyal la ». Se sa Direktris egzekitif ONUSIDA deklare nan finisman misyon an, pandan li bay garanti NasyonZini ap toujou sipò pledwaye pou mobilize plis resous pou batay kont VIH/Sida nan lemonn, espesyalman an Ayiti.Pou misyon sa a, Direktris egzekitif ONUSIDA a te jwenn tout akonpayman madanm María Isabel Salvador, Reprezantan espesyal Sekretè Jeneral la ak Chèf Biwo Entegre NasyonZini an Ayiti (BINUH) ak Madanm Ingeborg Ulrika Ulfsdotter Richardson, Kòdonatris rezidant ak imanitè an Ayiti. Pou plis enfòmasyon sou ONUSIDA, vizite sit entènèt UNAIDS, epi swiv nou sou Facebook, X, Instagram ak YouTube.
Kontak :
Daniel de Castro │ ONUSIDA Amerik Latin ak Karayib yo│ decastrod@unaids.org │ +507 6998 3175
Christian Mouala │ ONUSIDA Ayiti │moualac@unaids.org│ +5094777190, filtered_html
1 of 5
Kominike laprès
4 novanm 2024
Salon mondyal Chokola : yon bèl okasyon pou ekspoze epi mete valè sou kakawo bon kalite ak rafine ki soti Ayiti
Divès patnè sa yo k ap travay nan diferan nivo nan filyè sa a mete tèt yo ansanm epi deside pou yo pote yon sèl pawòl pou fè moun konnen kijan kakawo ki soti nan tè DAyiti bon epi li espesyal. Yo pral bay yon mesaj rezilyans ak lespwa pwodiktris ak pwodiktè yo ki envesti fòs ak kouray yo nan kakazo a, malgre gen anpil defi ak difikilte nou jwenn sou wout nou. Nan Salon mondyal Chokola sa a, patnè OIT yo pral montre sa yo ka fè nan kilti kakawo a ak jan yo ka transfòme l; yo pral pale tou sou inovasyon yo pote nan filyè a k ap ede aktè yo rale yon souf. Se jefò sa yo ki te pèmèt Ayiti jwenn sètifikasyon komès ekitab la plizyè fwa.Pwojè PWOFI pral montre jefò ki fèt pou pwopoze negosyan yo yon kakawo fèmante k ap pèmèt pwodiktè yo jwenn revni ekitab ak desan. Antrepriz patnè yo pral prezante, ekspoze epi pèmèt vizitè yo goute kakawo ki plante nan tè DAyiti ki rich epi espesyal. Gou kakawo sa a ki fin transfòme a fè pati gou ki pi rafine epi ki fè dlo koule nan bouch. Nan salon sa a, yo pral pale sou kijan yo rive entegre teknoloji nan jesyon ak nan enfrastrikti filyè kakawo a, gras ak yon sistèm entèlijans lojistik ki pèmèt yo rive genyen pwen lokalizasyon (GPS) jaden yo ak pwodiktè yo. Sa pèmèt gen transparans nan chèn valè a, fyabilite nan sistèm trasabilite a, ak done fyab epi ki aktyalize. Done sa yo pèmèt bon jan analiz ak evalyasyon fèt sou chèn valè a, yon fason pou pran bon desizyon. Ranfòsman kapasite founisè sèvis agrikòl yo, enplikasyon ak otonomizasyon fanm yo, ak ranfòsman koperativ pwodiktè yo se pami sijè ki pral pale pandan salon an pou montre nivo rezilyans ki genyen nan yon peyi ki souvan gen kriz tout kalite tankou katastwòf natirèl yo.Patisipasyon Ayiti nan Salon mondyal Chokola montre klè tout potansyèl ak divès opòtinite Ayiti genyen nan plizyè domèn, espesyalman nan domèn agrikilti. Patisipasyon sa a bay lespwa e se yon egzanp pou montre gen posiblite pou aktè ki gen konpetans ak eksperyans diferan rive mete tèt yo ansanm nan tout domèn pou fè bon jan enpak epi chanje kondisyon lavi moun nan popilasyon an.
Pyès atache: Bwochi patisipasyon Ayiti nan salon an (ki pale sou pwojè PWOFI ak antrepriz k ap patisipe yo), filtered_html
Pyès atache: Bwochi patisipasyon Ayiti nan salon an (ki pale sou pwojè PWOFI ak antrepriz k ap patisipe yo), filtered_html
1 of 5
Kominike laprès
21 mas 2024
Deklarasyon Pòtpawòl Sekretè Jeneral la sou kriz Ayiti a.
Sekretè Jeneral la pran nòt akò pati konsène ayisyen yo jwenn yè pou yon antant sou yon gouvènans tranzisyon ki genyen ladann kreyasyon yon Konsèy Prezidansyèl, ak deziyasyon yon Premye Minis enterimè. Li note tou anons Premye Minis Ariel Henry fè kote li di li pral demisyone tousuit apre Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la fin tabli.Sekretè Jeneral la voye yon kout chapo bay CARICOM ansanm ak lòt patnè entènasyonal yo paske yo fè wout pou rezolisyon kriz politik Ayiti ap travèse a. Li envite tout Ayisyen konsène yo pou yo pran responsabilite yo epi pran mezi ki nesesè pou aplikasyon akò a yon fason pou remete enstitisyon demokratik peyi a kanpe nan eleksyon ki va dewoule kòmsadwa, kote tout moun ap genyen posibilite pou yo patisipe nan kè poze. Nasyonzini, atravè misyon li, ap kontinye sipòte Ayiti sou wout pou òganize eleksyon sila yo.Sekretè Jeneral la ap kontinye kanpe fèm ak pèp ayisyen an ki bezwen sekirite, kote pou li dòmi, manje, laswenyay epi viv nan lonè ak respè.Stéphane Dujarric, Pòtpawòl Sekretè Jeneral la.
la New York, 12 mas 2024, filtered_html
la New York, 12 mas 2024, filtered_html
1 of 5
Kominike laprès
8 dsanm 2023
Deklarasyon ki rezève pou pὸt pawol Sekretè Jeneral Nasyonzini
New York, 07 Desanm 2023 - Sekretè Jeneral la preokipe sou pwogrè ki pa fèt ase nan kesyon dialog ant ayisyen yo nan lide pou yo jwenn yon solisyon politik ki regwoupe tout moun epi kap dire pou yo ka retabli tout enstitisyon demokratik nan peyi a.
Sekretè Jeneral la fè konnen li bay tout sipò li pou efò gwoup pèsonalite enpὸtan nan CARICOM lan ak BINUH ap fè pou fasilite solisyon dirab epi ki apwopriye ak aktè ayisyen yo nan kriz politik Ayiti a.
Lap tann ak enterè kijan preparatif yo ap pousuiv sou sityasyon deplwaman ijan an pou sipò sekiritè a polis nasyonal Ayiti a, atravè yon misyon miltinasyonal kap gen pou’l bay yon apui sekiritè, jan li otorize l' nan rezolisyon 2699 (2023).
Sekretè Jeneral la souliye enpὸtans aksyon ki dwe pran pou retabli enstitisyon demokratik yo - ki gen ladan eleksyon ki kredib, ki pèmèt patisipasyon ak ki enkli tout moun - pou rive nan yon eta dwa ak sekirite dirab. Li mande tout aktè politik yo ak tout lὸt pati prezan Ayiti yo pou yo reyini epi pou yo rive jwenn yon konsansis.
, filtered_html
1 of 5
Dènye resous
1 / 3
Resous
21 dsanm 2021
Resous
21 dsanm 2021
Resous
21 dsanm 2021
1 / 3