Kominike laprès

Nasyonzini gen 80 lane – Angajman nou an Ayiti pa janm febli

24 oktòb 2025

Kominike.-

Pòtoprens, 24 oktòb 2025

Ekip peyi Nasyonzini an Ayiti ap selebre ane sa a Jounen Nasyonzini, 24 oktòb 2025 lan, dat ki make 80 lane depi òganizasyon an kreye.

Ekip la fyè paske li fè pati yon enstitisyon tankou Nasyonzini. Li plis fyè ankò paske l ap sèvi nan yon Eta manm ki se Ayiti, youn nan peyi fondatè Òganizasyon Nasyonzini, epitou ki fè pati premye peyi nan mond kontanporen an ki toujou pote byen wo valè libète, respè ak pwoteksyon dwa moun. Se valè sa yo ki gide nou anndan òganizasyon an, an Ayiti ak nan tout mond lan.

Depi lè li te kreye, Òganizasyon Nasyonzini te toujou bay tout limenm pou rezoud yon pakèt pwoblèm epi leve yon pakèt defi ki pa sanble youn ak lòt nan mond lan. Defi sa yo menase lavi ak sivi anpil moun, tankou an Ayiti, epi ki mande jefò kolektif pou yo rezoud. Se sa ki prensipal levye Nasyonzini depi toutan. Li te toujou fè chwa jefò kolektif ak solidarite Eta manm yo pou fè fas kare ak pwoblèm sa yo, epi respekte pwomès ki te fèt nan lane 1945 pou Nasyon yo rete solidè.

Tankou Sekretè jeneral, António Guterres, la fè nou sonje sa a nan mesaj li pou jou sa a : « Pou Jounen Nasyonzini an, ann rete soude epi ann reyalize pwomès ekstraòdinè linyon nan mitan Nasyon yo ».

Nan Ekip peyi a an Ayiti, nou vle mesaj sa a ale pi lwen pandan nou reyafime inite nou pou n akonpaye otorite yo, sosyete sivil la, asosyasyon jèn ak fanm yo, popilasyon ayisyèn nan an jeneral, nan repons y ap bay pou rezoud kriz ki gen la, yon kriz gouvènans, imanitè, sanitè oswa sekiritè. Nou rete mobilize pou n pwoteje ak asiste fanmiy ki deplase yo akoz enstabilite ak vyolans gang yo, ansanm ak moun yo depòte voye tounen Ayiti, pandan n ap mande pou pa kite pèsòn sou dèyè.

Nou rete angaje pou n soutni ranfòsman sistèm sante a yon fason pou garanti tout moun jwenn swen lasante. Se pou tout bon, nou rete solidè pou n soutni jefò k ap fèt pou kreye travay dirab nan bon kondisyon, epi asire sekirite alimantè popilasyon an pandan n ap ranfòse agrikilti ayisyèn nan pou garanti pwodiksyon lokal, dirab epi ki aksesib pou tout moun. Jefò sa yo ki ka pèmèt peyi a pran dwa granmoun li nan koze manje. 

Nou reyafime angajman kolektif nou pou apiye aksyon k ap pèmèt timoun ak jèn yo jwi tout bon dwa pou yo jwenn pwoteksyon, sante ak edikasyon, epi kreye kondisyon k ap bon pou fonksyònman tout sèvis esansyèl yo. Nou rete detèmine pou n ede Ayiti leve kanpe, san okenn moun pa rete dèyè, epi bati kominote pi djanm fas ak kriz tout kalite. 

Nou rete solid epi angaje pou n apiye tout aksyon ki gen pou wè ak pwomosyon pou lapè, respè dwa moun, devlòpman dirab, valorizasyon lakilti ak pwodui atistik, tranzisyon vèt, lit kont vyolans seksyèl ak vyolans ki baze sou jan, transparans enstitisyonèl ak lit kont kòripsyon. 

Nan jounen sa a, nou lanse yon apèl kolektif bay tout aktè nasyonal yo ak patnè nan devlòpman yo pou n travay pou n ede Ayiti reyalize pwomès yon peyi estab, k ap fè pwogrè epi k ap briye nan mitan gran fanmi Nasyonzini yo.

 

***FEN***

Jefferson Belizaire

Jefferson Belizaire

RCO
Ofisye asosye kòdinasyon devlòpman / Pwogram kominikasyon ak pledwaye

Antite LONI ki ap patisipe nan inisyativ sa a

BINUH
Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti
FAO
Òganizasyon Nasyonzini pour manje ak agrikilti
FIDA
Fon Entènasyonal pour Devlopman Agriòl
OIT
Òganizasyon Entènasyonal Travay
OIM
ÒganizsyonEntènasyonal pou Migrasyon
OCHA
Biwo Nasyonzini pour kowòdinasyon Afè Imanitè
OHCHR
Wo Komisarya Nasyonzini pou Dwa Moun
OPS
Òganizzasyon Panamerikèn Laante
RCO
Biwo Kowòdonatè Rezidan Nasyonsini a
KEAEK
Komisyon Ekonomik Nasyonzini pou Amerik Latin ak Karayib
ONIFANM
Antite Nasyonzini pou egallte ant sèks ak otonomizasyon fanm
ONUSIDA
Pwogram Konjwen Nasyonzini sou VIH/SIDA
KNKD
Konferans Nasyonzini sou komès ak devlopman
PNUD
Pwogram Nasyonzini pou Devlopman
PNUE
Pwogram Nasyonzini pou Anviwonman
UNESCO
Òganizasyon Nasyonzini pou Edikasyon, Syans ak Kilti
UNFPA
Fon Nasyonzini pou Popilasyon
UNHCR
Wo Komisarya Nasyonzini pou Refijye
UNICEF
Fon Nasyonzini pou Timoun
UNOPS
Biwo Nasyonzini pou sèvis pwojè
PAM
Pwogram Alimantè Mondyal
OMS
Òganizasyon Mondyal Lasante

Objektif nou ap sipòte ak inisyativ sa a