Analiz komin peyi (CCA) - Ayiti - 2025
Se te nan mwa me 2024, pwosesis pou mete ajou Analiz Komin Peyi a te lanse. Li te baze sou yon apwòch kolaboratif, ki te mobilize tout antite ki fè pati Sistèm Nasyonzini an pou rafine dènye analiz ki te fèt nan lane 2022 a. Mizajou sa a pran an konsiderasyon risk ki ap parèt pou idantifye levye aksyon ki ka pèmèt yon repons ki entegre ak adapte. Dokiman an kouvri done estatistik ki sòti nan oktòb 2022 rive mas 2025, ak divès nivo detay. Li gen ladan l tou referans kout nan nòt anba paj sou gwo chanjman ki fèt ant mas ak jen 2025, ki pral konsidere nan pwochen mizajou a.
Diskisyon preparatwa ki te fèt anvan analiz la konfime alafwa pèsistans, men tou agravasyon defi ki te idantifye nan 2022, tankou enpinite, pwoblèm gouvènans, eksklizyon ekonomik, ak kòkòday ki mare ant rezo politik, enterè ekonomik ak vyolans. Yon eleman enpòtan se fenomèn jistis popilè a, yo rele “bwa kale”, ki vin pi entans apre evènman 2024 yo. Dinamik sa yo kontinye konpwomèt kowòdinasyon nasyonal epi afebli lejitimite Leta a.
Endikatè sou povrete, ensifizans alimantè, deplasman fòse, destriksyon sèvis piblik, ak fragmentasyon enstitisyonèl rive nan nivo kritik. An menm tan, gen ogmantasyon vyolans ame, dezagregasyon aparèy sekirite a, tansyon rejyonal ki ap ogmante, ak katastwòf natirèl ki miltipliye, ki gen efè diferan sou gwoup vilnerab tankou fanm, jèn, timoun, ak moun ki gen andikap — sa mande pou revize priyorite estratejik Nasyonzini yo. Nan kontèks sa a, mizajou sa a vize bay yon dyagnostik solid epi ki pran an kont divès fasèt, pandan l ap sèvi kòm baz analiz pou idantifye ajisteman nan aplikasyon Plan Kad Koperasyon Nasyonzini an (UNSDCF) 2022–2027.