Pwojektè toujou limen sou Ayiti, kote plizyè milyon moun ap soufri grangou, selon deklarasyon PAM
Kantite moun ki ap soufri grangou an Ayiti atenn yon nivo rekò nan kontèks vyolans gang yo ap fè, se sa chèf Pwogram Alimantè Mondyal (PAM) ONU nan peyi a te deklare mèkredi depi kapital la, Pòtoprens.
« Kounye a nou gen senk milyon moun an Ayiti ki nan yon sitiyasyon ensekirite alimantè grav, kote 1.6 milyon ladan yo nan kategori moun ki ap fè fas ak kondisyon ensekirite alimantè an ijans », se sa Jean-Martin Bauer, direktè peyi PAM nan te presize pandan l t ap pale ak jounalis yo sou videokonferans nan katye jeneral ONU a nan Nouyòk.
« Sa yo se chif ki pi wo ki janm anrejistre. Sa yo se chif ki pi wo nou janm wè depi tranblemanntè 2010 la », selon sa li te ajoute.
Nouri moun ki deplase yo
Ti pale M. Bauer a te fèt kèk èdtan apre PAM ak Òganizasyon Nasyonzini pou Alimantasyon ak Agrikilti (FAO) te pibliye dènye rapò yo sou pwen aktyalite anrapò ak grangou a, ki rele pou aksyon pou sove lavi ak anpeche lamò grangou nan 18 kote tankou Gaza, Soudan, ak Ayiti.
Li te fè ti pale sa a pandan l te vizite yon kizin kominotè nan Pòtoprens, ki anba jesyon PAM ak yon patnè lokal, ki prepare plizyè milye pla manje cho pou moun ki deplase akòz vyolans gang ki fin gaye, ki vin bay ensekirite ak vyolasyon dwa moun e ki sakaje vil la pandan ane ki sot pase yo.
Konsèy Sekirite Nasyonzini an otorize prezans yon misyon miltinasyonal pou ranfòse sekirite epi ede Polis Nasyonal Ayiti a, ki toujou nan etap planifikasyon.
« Peyi a te bloke »
Sitiyasyon an nan peyi Karayib la te vin pi mal nan kòmansman mwa mas apre gang yo te vin pran kontwòl kapital la plis toujou, nan fè atak byen planifye sou pòs polis ak lòt enstitisyon kle nan leta a, yo te libere plizyè milye prizonye. Vòl yo te anile e premye minis Ariel Henry te demisyone.
Pou reponn kesyon jounalis yo, M. Bauer te fè konnen sekirite se « priyorite nimewo en » fas ak vyolans ki fè vin gen plis risk pou moun yo afwonte, e menm kòlèg li yo, pou mennen pitit yo lekòl, fè makèt oswa ale legliz.
Vyolans lan fòse plis pase 360,000 Ayisyen kouri kite kay yo. Plis pase 100,000 nan yo te kite Pòtoprens nan mwa mas la sèlman, li te deklare, pandan l ap site enfomasyon OIM, ajans Nasyonzini pou migrasyon.
Selon M. Bauer, « egzòd » sa a ki soti nan kapital la afekte sitou sid peyi a, kote enfrastrikti yo limite, sa ki agrave kriz alimantè a.
Malgre yo nome yon nouvo premye minis, peryòd ki sot pase depi lè sa a « te vrèman vyolan, epi enstab », selon sa li te ajoute.
« Prensipal pò kontenè yo ak ayewopò Pòtoprens, pa t fonksyone pandan plizyè mwa. Yo apèn komanse ap fonksyone ankò tou dousman », selon sa li te ajoute.
Yon milyon pla cho
Oganizasyon imanitè yo fè tout sa yo kapab pou reponn a kriz la, e pwogram pla cho a se sèlman yon egzanp nan efò k ap fèt yo, li te deklare. An total, PAM ak patnè li yo te ede plis pase 100,000 moun depi kòmansman ane a, yo te distribiye plis pase yon milyon pla cho.
« Pou kounye a, nou te itilize rezèv nou te gen nan depo nou yo nan Pòtoprens anvan kriz la, men rezèv sa yo fini », li te deklare.
Lefètke pò a fèk ouvè ankò, li te eksprime jan li kwè ke plis pwodwi debaz yo k ap rive nan peyi a ap sipòte aktivite imanitè yo.
Èd yo te rive nan avyon
Mesye Bauer te anonse kèk bon nouvèl tou. Semèn pase a, yon vòl PAM te transpòte 15 tòn materyèl medikal enpòtan nan ayewopò Pòtoprens lan, pou premye fwa depi plizyè mwa.
Materyèl yo te pote yo se te pou patnè tankou Fon Nasyonzini pou Timoun (UNICEF) ak Òganizasyon Mondyal Sante (OMS), yo te livre yo nan lopital ak klinik lokal yo. Gen lòt vòl y ap tann byento.
Lòt "wout dekoupe" te pèmèt PAM rive nan katye Cité-Soleil epi distribiye manje bay anviwon 93 000 moun nan mwa me a. Pwogram nan te mete sou pye tou yon sèvis ferry ki konekte kapital la Pòtoprens ak nò epi sid Ayiti, pote manje ak materyèl medikal nan zòn ki izole chèn distribisyon imanitè yo.
Pran swen Ayiti
« Men, toujou gen yon sansasyon kriz, » selon sa Mesye Bauer deklare.
Mwa sa a make kòmansman sezon siklòn nan Atlantik la, yo prevwa k ap « trè aktif » ane sa a. Pri manje nan kapital la ogmante prèske 30% depi janvye, sa ki reprezante yon lòt kou di pou popilasyon an.
Li mande kominote entènasyonal la pou entèvni epi sipòte Ayiti, paske plan repons imanitè a ki se 674 milyon dola, ki te lanse nan mwa fevriye, sèlman resevwa apeprè a 22%. PAM toujou bezwen 76 milyon dola pou kontinye sove lavi nan peyi a.
« Nou dwe kontinye limen pwojektè sou Ayiti», li deklare. « Nou konnen nan kèk pati nan mond lan, Ayiti pa jwenn ase atansyon paske nou konsantre sou lòt kriz, nou fokis sou lòt kote, men kriz Ayiti a la, li prezan e li merite yon repons. »
Atik sa a te pibliye nan nouvèl Nasyonzini.