Ayiti ap fè fas ak deplasman rekò akoz vyolans gang yo k ap ogmante
Vyolans gang yo k ap ogmante ak enstabilite politik an Ayiti fòse yon rekò 578,074 moun kite kay yo ane sa a, sa fè li tounen peyi ki gen plis deplasman akòz vyolans kriminèl, dapre sa ekspè endepandan sou dwa moun nan Nasyonzini yo te di jedi.
“Vyolans lan, espesyalman nan kapital la, Pòtoprens, rive nan nivo ki bay plis kè sote a, ak gwoup ganga k zam k ap kontwole gwo zòn epi konplike aksè imanitè yo,” selon sa ekspè yo te di, ak tou sa Moun ki bay Espesyal sou dwa moun ki deplase andedan peyi a te di.
Konfwontasyon ant gang ak Lapolis Nasyonal Ayiti te kreye yon “anviwònman laperèz ki toupatou, ki limite libète mouvman ak aksè a sèvis debaz,” yo te ajoute.
Nan premye trimès 2024 la sèlman, yo rapòte vyolans ki gen rapò ak gang te touye oswa blese 2,500 Ayisyen, sa gen ladan l 82 timoun.
Fi ak timoun yo te pi plis afekte, nan mitan gwo risk ogmantasyon vyolans seksyèl ak eksplwatasyon.
Deplasman masif
Anpil moun deplase andedan peyi a (IDP) ap viv nan kondisyon kote yo pil sou pil ki pa apwopriye san ijyèn debaz ak sèvis sanitè yo, yo fè fas ak pwoblèm grav tankou pa gen manje, dlo, abri, ak swen medikal, epitou pa gen ase espas ki an sekirite e ki prive pou sipò sikolojik yo, se sa ekspè endepandan yo di.
Dapre Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (IOM) nan Nasyonzini, nasyonalman, 80 pousan IDP yo ap viv ak fanmi ki akeyi yo pandan rès yo ap viv nan abri yo, anpil ladan yo nan zòn ki anba kontwòl gang oubyen kote ki anba gwo risk.
Preske mwatye nan popilasyon peyi a ap soufri ak gwo grangou, ak 18 pousan nan yo ki nan nivo "ijans" ensekirite alimantè.
Enpak sou timoun ak fanm
Timoun ak fanm yo te afekte anpil anpil akoz efè vyolans ak enstabilite a an Ayiti, ak plis pase 310,000 fanm ak tifi, ak 180,000 timoun pami moun deplase yo.
Plis pase demi milyon timoun ap viv nan katye ki anba kontwòl gwoup gang ak zam, ak gwo ogamamtasyon risk vyolans ak timoun y ap fè antre nan bandi.
Anplis, kantite timoun ki pa akonpaye ki deplase te vin ogmante sa fè yo espesyalman vilnerab pou eksplwatasyon, abi ak trafik gang yo.
Vyolans ak atak sou enstalasyon edikatif yo te fòse prèske 900 lekòl fèmen, sa afekte prèske 200,000 timoun, sa deranje aprantisaj epi lage timoun nan pi gwo risk.
Vyolans seksyèl sou fanm ak tifi nan abri IDP yo ap ogmante tou pandan gang yo kontinye itilize vyòl kòm yon zam laterè, dapre ekspè endepandan Konsèy Dwa Moun lan.
Apèl pou Aksyon
Nan mitan sitiyasyon ki bay kè sote sa a, ekspè yo te mande pou gen plis lidèchip fanm ak patisipasyon pou asire yon tranzisyon politik reyisi an Ayiti.
Yo te ankouraje tou pou gen plis efò nan adrese koz fondamantal deplasman yo pou konstwi solisyon dirab pou lavni.
"Solisyon dirab pou IDP yo, tankou retou sekiritè, reyenstasyon, oswa entegrasyon lokal, sa mande adrese kòz fondamantal deplasman an, sa gen ladan vyolans, enstabilite politik, ak degradasyon anviwònmantal," ekspè yo te di.
Ekspè Endepandan
Se moun Konsèy Dwa Moun ki baze nan Jenèv e ki fè pati Pwosedi Espesyal li yo nome yo, Repòtè Espesyal sa yo gen manda pou kontwole epi evalye sitiyasyon dwa yo nan seri tèm oswa sitiyasyon peyi yo.
Yo travay a tit pèsonèl, endepandan nan Nasyonzini ak gouvènman nasyonal yo.
Yo pa anplwaye Nasyonzini epi yo pa resevwa salè.
Atik sa a te pibliye nan nouvèl Nasyonzini.