Ayiti: Vyolans deplase yon timoun chak minit, selon UNICEF
Vyolans ak enstabilite a kontinye blayi nan peyi Dayiti, sitiyasyon sa a lakòz plis pase 300,000 timoun oblije kite lakay yo. Dapre yon deklarasyon ki te fèt madi, Fon Nasyonzini pou timoun (Fonds des Nations Unies pour l’enfance nan lang franse) (UNICEF) deklare depi mwa mas genyen anviwon yon timoun ki oblije kite lakay li chak minit ki pase.
Catherine Russell, Direktè Egzekitif UNICEF, te mete aksan sou enpak terib vyolans lan genyen sou timoun ak adolesan yo.
"Katastròf imanitè k ap dewoule devan je nou la a genyen gwo konsekans sou timoun yo. Sila ki kouri kite lakay yo bezwen jwenn yon anviwònman kote yo santi yo an sekirite, kote yo pwoteje yo. Timoun yo bezwen bon jan sipò finansye tou nan men kominote entènasyonal la.
Nan tout peyi a, yo estime se twa milyon timoun ki bezwen asistans imanitè nan yon kontèks kote Ayiti, ki deja travèse plizyè ane dezòd politik, ap fè faskare ak lamizèmaladi ak anpil dezas.
Timoun yo ap fè fas ak gwo risk
Timoun ki oblije kite lakay yo akoz ensekirite a ap fè fas ak risk pou vyolans lan ogmante. Sa ka charye : abi seksyèl, eksplwatasyonak separasyon fanmi yo. Posibilite timoun yo te genyen pou yo jwenn espas kote yo ka rete nan kè poze ak sèvis tankou swen sante, dlo potab, ak sèvis sanitèdiminye anpil.
Move kondisyon ijyèn nan kan yo ak nan abri pwovizwa yo ogmante risk pou timoun yo pran maladi tankou kolera. Mete sou sa, lekòl yo fèmen epi sitiyasyon ekonomik la ki vin pi tchak fòse anpil timoun rete chita.
Pwoblèm yo pa kanpe la, kòm sitiyasyon y ap viv la ap vin pi difisil chak jou, genyen plis timoun y ap fòse antre nan mitan gwoup nèg ak zam yo- ki se, sapre UNICEF, yon vyolasyon klè dwa timoun yo epi yon vyolasyon lwa entènasyonal la.
Danje yo kontinye ogmante
Pwoblèm yo vin pi rèd toujou akoz lòt malè ki pandje sou tèt peyi Dayiti.
Sant Nasyonal Operasyon Ijans peyi Dayiti a te anonse yon "sezon siklòn trè aktif", ki reprezante yon pi gwo danje pou popilasyon ki deja vilnerab yo. Mwa pase a, yon toubiyon nan Bassin Bleu, Depatman Nòdwès, te detwi kay 650 timoun.
UNICEF fè konnen sistèm swen sante a, ki te te deja genyen gwo pwoblèm pou li reponn ak bezwen popilasyon an depi anvan vyolans lan te ogmante konsa , pral oblije fè fas ak yon sezon lapli ki ta dwe fè sitiyasyon an vin pi malouk toujou sitou ak ogmantasyon menas maladi moun pran nan dlo.
Madam Russel deklare "Nan peyi Dayiti bezwen yo ap ogmante an menm tan ak sitiyasyon ki mete lavi timoun yo an danje" li kontinye pou li di tout moun gen yon wòl pou jwe pou chanje trajektwa a, epi fè tout sa ki posib pou timoun yo benefisye bon jan pwoteksyon, edikasyon ak aksè a sèvis debaz yo.
Madan Russel fini pou li di "Timoun yo pa ta dwe ap peye ak lavi yo, ak avni yo yon kriz granmoun yo kreye,"
Atik sa a te pibliye nan nouvèl Nasyonzini.