SEKRETÈ JENERAL LA – KONFERANS POU LAPRÈS APRE VIZIT LI AN AYITI
"Mwen di donatè yo sa san vire won: Ayiti pa mande charite. Ayiti mande pou mond lan kenbe pawòl li. E Ayiti pa ka tann."
Medam, Mesye laprès,
Mèsi pou prezans nou.
Mwen vini an Ayiti ak yon mesaj ki senp: nou pa pou kont nou.
Nasyonzini bò kote nou.
E mond lan pa gen dwa vire do ba nou.
Nan kèk moman ankò, mwen pral kite peyi a.
Men sa mwen wè isit la ap rete grave nan lespri m.
Mwen wè yon kriz san parèy e rasin li pran chè nan ensekirite.
Gang yo ap teworize peyi a.
Fanmi yo fè miyèt moso.
Timoun yo pa jwenn pwoteksyon. Yo pa ka ale lekòl. Pou kounye a, avni yo sou poz.
Pou anpil Ayisyen, chak jou se yon batay pou rete vivan, pou siviv.
Men mwen wè tou — e sitou — yon pèp ki kanpe djanm !
Maten an, nan yon sit moun deplase, mwen rankontre yon fanmi ki pèdi tout sa yo te genyen, men ki toujou rete fèm ansanm, ak yon kouraj ak yon diyite ki merite admirasyon.
Rezilyans yo touche m anpil. E li mete nou devan responsabilite nou.
Fanmi sa yo pa mande nou pou nou di podyab pou yo!
Yo ap tann aksyon.
Chif yo pale pou kont yo. Men dèyè chak chif, gen yon vi.
Ayiti ap travèse pi gwo kriz imanitè nan emisfè oksidantal la — e se kriz ki ap deteryore pi vit la.
6,4 milyon moun, ki vledi plis pase yon Ayisyen sou de, bezwen èd jodi a, alòske sa gen de lane, yo te 5,5 milyon.
Prèske 1,5 milyon moun deplase andedan peyi a akoz vyolans.
E prèske 6 milyon moun ap fè fas ak ensekirite alimantè grav.
Se fanm ak timoun ki plis peye po kase a.
Nan premye trimès ane sa a, an mwayèn, plis pase 20 fanm ak tifi sibi agresyon chak jou.
Nan yon sèl ane, rekritman timoun nan gang yo triple.
Jounen Jodi a, sou chak 2 moun ki nan gang, youn nan yo se yon timoun.
Yo sèvi ak vyolans, ak eksplwatasyon, ak grangou, pou vòlè anfans yo.
Men karakteristik gwoup gang sa yo. Yo chèche avantaj yo nan eksplwatasyon sila ki pi vilnerab yo.
Nou pa dwe tolere sitiyasyon sa ditou. Sa dwe sispann.
Mwen vle pran tan pou m remèsye kòlèg ak patnè imanitè yo — pi fò nan yo se Ayisyen — ki pa lage, malgre danje yo.
Ane pase, yo te bay èd ki sove lavi prèske 3 milyon moun.
Poutan, nan 880 milyon dola nou te mande nan plan repons imanitè pou ede 4,2 milyon moun, se apèn yon ka nan lajan sa a nou te jwenn.
Mwen di donatè yo sa san vire won: Ayiti pa mande charite.
Ayiti mande pou mond lan kenbe pawòl li.
E Ayiti pa ka tann.
Medam, Mesye,
Kriz sa se plis yon kriz sekiritè.
Depi kòmansman ane a, vyolans gang yo lakoz plis pase 2 300 moun mouri ak plis pase 1 100 moun blese.
Kriz sa mete Leta ajenou. Li paralize ekonomi ak edikasyon peyi a . Koulwa imanitè yo bloke: èd pa ka rive jwenn moun ki nan bezwen yo.
Men pi gwo wont lan se pa vyolans gang yo.
Pi gwo wont lan se endiferans! Endiferans yon mond ki twò lontan pa sou bò Ayiti.
Paske gen yon lyen dirèk ant absans kominote entènasyonal la ak absans sekirite pou pèp ayisyen an.
Men sitiyasyon an kapab chanje.
Lavi kòmanse reprann nan katye ki nan sant vil Pòtoprens.
Konsèy Minis la rekòmanse reyini nan Palè Nasyonal, apre plis pase twa lane.
Sa pa sèlman yon senbòl: se siy ki montre Leta a prezan e l ap reprann otorite l piti piti.
Jodi a ankò, nan Kan Vètyè, mwen rankontre mesye-dam Fòs pou konbat gang yo.
Deplwaman Fòs pou konbat gang yo se yon opòtinite Ayiti jwenn pou l kouri dèyè vyolans ak tabli otorite Leta li.
Nou pa dwe gaspiye chans sa a.
Fòs sa a pa yon operasyon Nasyonzini, men li jwenn tout sipò lojistik ak operasyonèl Nasyonzini, atravè biwo sipò Nasyonzi an Ayiti.
Mwen remèsye Gouvènman Ayiti ak Gouvènman Repiblik Dominikèn pou bon jan kolaborasyon yo.
Mwen vle salye tou polisye fanm, polisye gason ak sòlda ayisyen yo ki annavagad chak jou kote vi pa yo souvan an danje.
Fòs sa yo dwe resevwa fòmasyon, ekipman ak kwòdinasyon ki nesesè pou misyon yo — nan bon jan respè dwa moun.
Dwa moun ak batay kont enpinite pa yon obstak pou sekirite.
Yo se pito kondisyon sekirite a ak baz konfyans popilasyon an.
Pou pwogrè sa yo dire, fòk gen dezameman, demantèlman ak reyentegrasyon manm gang yo — sou lidèchip ayisyen.
Fòk gen yon jistis ki ap fonksyone.
E fòk yo demantle rezo trafik zam ilegal ki ap alimante vyolans an Ayiti.
Paske Ayiti pa fabrike zam.
Sekirite a pou kont li pa sifi.
Sekrite a dwe mache ansanm ak pwogrè politik.
Mwen te gen yon echanj sensè ak Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé e mwen te rankontre tou reprezantan diferan sektè nan sosyete ayisyèn nan.
Mesaj mwen te klè: pèp ayisyen an tann twòp.
Nou gen dwa pa jwenn yon lòt okazyon konsa ankò — mwen konte sou dirijan ayisyen yo pou yo sezi okazyon sa a.
Yo dwe akselere pwosesis politik la epi retabli konfyans.
Se Ayisyen yo, e se yo menm sèlman, ki dwe trase chemen an.
Pwosesis sa a dwe bay rezilta! E etap pwosesis la se: tranzisyon kote tout moun patisipe ak eleksyon kredib ki se sèl chemen lejitim pou retabli lòd konstitisyonèl ak enstitisyon demokratik yo an Ayiti.
Nasyonzini rete angaje.
Sou direksyon Reprezantan espesyal mwen an, Mesye Carlos Ruiz Massieu, epi atravè BINUH, n ap kontinye fasilite pwosesis dyalòg la epi soutni solisyon ayisyen yo jwenn, yo menm menm.
Tranzisyon an ap vanse.
Gen yon bon dinamik.
Apèl mwen bay kominote entènasyonal la senp: finalman, se pran responsablite nou.
Premyèman se : ranfòse sipò n ap bay pou sekirite a retabli. Pou sa, fòk gen deplwaman rapid e konplè Fòs pou konbat gang yo pandan n ap adapte resous yo ak pwogrè ki fèt sou teren an.
Dezyèmman se : soutni tranzisyon politik la ak redrèsman peyi a kote gen lekòl, lasante ak travay. Epi Bay jèn yo yon lòt altènativ pou yo pa antre nan gang ak pèmèt yo fyè de tèt yo, de avni yo.
Twazyèmman se : finanse èd imanitè a sou baz yon plan ki reponn ak bezwen yo.
E sitou se : koute pèp ayisyen an!
Medam, Mesye,
Mwen kite Ayiti ak yon mesaj lespwa.
Pou premye fwa depi plizyè ane, nou ka kòmanse wè bout tinèl la.
Ayiti pa sèlman rezime ak eprèv l ap travèse yo.
Se yon jenès ki boure ak talan,
Se yon dyaspora angaje,
Se yon kilti ki klere byen lwen pi lwen pase fwontyè li yo.
Ayiti gen tout sa li bezwen pou li leve kanpe ankò !
Sa gen plis pase de syèk, nan Vètyè, yon pèp te reyalize sa mond lan te kwè ki enposib: li te kase chenn esklavaj epi libere tèt li.
Pèp sa a, mwen gen konviksyon sou sa, ap konn ki jan pou li libere tèt li anba kontwòl gang yo — epi reprann sekirite li, enstitisyon li yo ak avni li.
Wòl nou se pa aji nan plas nou.
Plas nou se bò kote nou.
E nou pwomèt nou : n ap toujou la bò kote nou.
Mèsi anpil.