Kominike laprès

LANSMAN PLAN REPONS IMANITÈ 2026 AN AYITI POU SOUTNI 4,2 MILYON MOUN

18 dsanm 2025

"Mwen mande tout patnè imanitè ak devlòpman, patnè finansye ak Gouvènman Ayisyen pou soutni Plan Repons Imanitè 2026 la, pou n ka prezève lavi ak diyite chak Ayisyèn ak Ayisyen, epi pou espwa kontinye pou jenerasyon jèn yo" 

Nicole Boni Kouassi, Kòdonatris rezidant/Kòdonatris imanitè Nasyonzini an Ayiti

Pòtoprens / 18 desanm 2025 : Kòdonatris imanitè an Ayiti, Nicole Kouassi, lanse ofisyèlman Plan Repons Imanitè pou Ayiti (HNRP). Avèk yon bidjè 880 milyon dola ameriken, Plan an vize pou ede 4,2 milyon moun ki vilnerab e ki depann de asistans imanitè pou siviv.

Vyolans gwoup ame yo fòse 1,4 milyon moun, sa vle di 12 % popilasyon an, kite kay yo. Chak jou, 5,7 milyon moun ap soufri ak ensekirite alimantè grav, sa mete Ayiti pami sis pi gwo zòn grangou nan mond lan. Sèvis debaz yo, tankou sante ak edikasyon, sibi atak regilye e kontinye fèmen.

« Mwen trè enkyè pou sik vyolans san rete ak nivo britalite ekstrèm Ayisyen ak Ayisyèn ap sibi, » deklarasyon Koòdonatris imanitè a. « Chak jou, 27 fanm ak tifi sibi vyolans ki baze sou jan, pifò ladan yo se vyòl, menm vyòl kolektif. Si yo pa touye yo, plizyè milye sivil inosan oblije kouri kite kay yo pou sove lavi yo, epi yo wè kay yo ak lòt enfrastrikti detwi. Jèn ak timoun yo fòse rantre nan gwoup ame, rive nan pwen kote yo reprezante jiska 50 % nan manm yo. »

Plan Repons Imanitè 2026 la konsantre sou entèvansyon ijan miltisektoryèl nan depatman Lwès, Sant ak Latibonit, kote vyolans ame ak depòtasyon migran kreye gwo bezwen grav. Li vize diminye risk imedya sou popilasyon yo, estabilize fanmi ki pi afekte pa chòk yo, epi ranfòse aksè yo ak sèvis esansyèl. Nan zòn ki pi estab nan Grand Sid ak Grand Nò, kote anpil moun deplase entèn ale kache, repons lan ap chèche sipòte entegrasyon lokal yo, diminye presyon sou kominote k ap resevwa yo, epi anpeche tansyon sosyal, nan kowòdinasyon sere ak aktè devlòpman yo.

« Mwen mande tout patnè imanitè ak devlòpman, patnè finansye ak Gouvènman Ayisyen pou soutni Plan Repons Imanitè 2026 la, pou n ka prezève lavi ak diyite chak Ayisyèn ak Ayisyen, epi pou espwa kontinye pou jenerasyon jèn yo, » se sa Nicole Kouassi deklare.

 

Pou kontak:

Claire Pressoir, Responsab enfòmasyon piblik - OCHA, claire.pressoir@un.org, 

Modibo Traore, Chèf Biwo - OCHAtraorem@un.org

Kominike près OCHA yo disponib sou sit sa yo www.unocha.org or www.reliefweb.int.
 

Claire-Emmanuelle Pressoir

Claire-Emmanuelle Pressoir

OCHA
Ofisye kominikasyon
Traore Modibo

Modibo Traore

OCHA
Espesyalis prensipal nan zafè imanitè / Chèf biwo
Doktè Traore Modibo fèt 11 janvye 1967 nan peyi Mali. Li se nouvo chèf biwo OCHA nan peyi Dayiti. Soti lane 2008 pou rive 2024, li te chèf biwo nan peyi Nijè (de fwa), li te chèf biwo tou nan Zimbabwe, Kotdivwa ak Kamewoun.

Doktè Traore te travay ak OCHA nan plizyè biwo teren ki chita kò yo nan pati lès Repiblik Demokratik Kongo soti lane 2008 pou rive 2013. Li genyen plis pase 20 lane eksperyans pwofesyonèl nan Nasyonzini. Anvan li te rantre nan Òganizasyon entènasyonal sa a,li te travay nan diferan ONG entènasyonal nan peyi Kongo, Bouwoundi, Soudandisid, Somali ak nan peyi Lafrans soti lane 1997 pou rive 2002. Li te nan diferan pòs antanke doktè, kowòdinatè sante ak nitrisyon nan ONG Aksyon kont lafen epi li te direktè peyi pou yon ONG Britanik ki rele Children Aid Direct.

Doktè Traore genyen plis pase 25 lane eksperyans nan asistans imanitè, rekiperasyon, ak konsolidasyon lapè an Afrik. Li genyen yon ekspètiz nan sante piblik, yon doktora nan medsin jeneral, yon diplòm nan medsin twopikal li fè nan enstiti medsin twopikal vil Anvè (nan peyi Bèljik), li genyen tou yon mastè nan sante piblik Inivèsite lib Briksèl. Doktè Traore pibliye yon seri travay sou nitrisyon, sante manman ak pitit ak nan kadyoloji. Li se yon sitwayen peyi Mali ak Bèljik.

Antite LONI ki ap patisipe nan inisyativ sa a

OCHA
Biwo Nasyonzini pour kowòdinasyon Afè Imanitè

Objektif nou ap sipòte ak inisyativ sa a