Kijan Nasyonzini kore jefò Ayiti ap fè pou kwape vyolans ak enstabilite a ?
Peyi Dayiti ap pase yon tray anba men gang yo, tout enstitisyon nan peyi a prèt pou kraze, sitwayen yo ap lite chak jou pou yo jwenn fason pou yo viv. Poutan nan mitan kokennchenn kriz sekiritè ak imanitè sila a, Nasyonzini kontinye pote sipò li bay popilasyon an ki pran nan pyèj.
1. Kontèks la : Deblozay ak lapèrèz
Pandan lontan, peyi Dayiti te tèt anba akoz yon seri gwo chèf gang ki kontwole yon bon pati nan kapital la, Pòtoprens. Men, pandan mwa janvye ak fevriye 2024 la, vyolans lan pase nan yon lòt nivo. Nan de lane ki sot pase yo, mwa sila yo se te mwa kote ki te genyen plis vyolans, se plis pase 2 500 moun ki oswa pèdi lavi yo, oswa viktim kidnapin osinon ki blese depi komansman ane a. Demisyon Premye Minis Ariel Henry, fè sitiyasyon an vin pi malouk.
21 mas ki sot pase a, Ulrika Richardson, ki seKowòdonatris imanitè Nasyonzini nan peyi Dayiti, te fè konnen apre yon seri atak nèg ak zam yo te fè kont prizon yo, lopital yo ak ladwàn, vyolans lan vin gaye nan yon seri katye nan kapital la ki pa t janm konn genyen pwoblèm.
Madam Richardson deklare vyolasyon dwa moun yo miltipliye, vyolans seksyèl mele ak maspinay, kadejak an gwoup kont fanm yo ap vale teren.
Gran responsab nan Nasyonzini an eksplike kriz imanite a ap vin pi grav chak jou, kounye a genyen plis pase 362 000 mil moun nan kapital la ki oblije kite lakay yo pou yo chèche lòt zòn nan vil la pou yo kapab viv. Dlo pou moun bwè kòmanse ra epi se mwens pase mwatye lopital nan Pòtoprens yo ki ap fonksyone kòmsadwa.
Dapre dènye evaliyasyon ki te pibliye nan dat 22 mas ak sipò Nasyonzini, grangou an ap vale teren. Dapre rapò a, se 4,97 milyon moun ki ap travèse yon kriz oswa ki nan yon nivo ensekirite alimantè ki grav anpil, pami moun sa yo anviwon 1,64 milyon nan yo nan yon sitiyasyon ijans.
Chak jou ki pase genyen plis moun ki ap eseye sove kite kapital la, menm si pou sa yo dwe pase nan wout gang yo ap kontwole yo. Pandan mwa mas la, pou pi piti genyen 33 000 moun ki al chèche yon lavi miyò nan vil pwovens yo, pi fò nan yo mete tèt sou depatman ki nan Gransid yo, yon zòn ki gentan akeyi plis pase 116.000 moun ki kite lakay yo .
2. Repons imanitè a : Kontinye aji malgre difikilte yo
Depi nan kòmansman kriz peyi a ap travèse a soti nan mwa janvye pou rive jouk jounen jodi a,travayè imanitè Nasyonzini yo te kontinye pote popilasyon an sekou san kanpe malgre atak gang yo te fè Pòtoprens nan fen mwa fevriye a, sitiyasyon sa a te vin lakòz demisyon Premye minis Ariel Henry epi deklarasyon eta dijans nan depatman Lwès la.
Pwogram alimantè mondyal (PAM) te distribiye anviwon 160 000 plat manje , pandan Òganizasyon mondyal pou lasante (OMS) te bay yon seri materyèl esansyèl pou laswenyay, san nou pa bliye avyon sèvis ayeryen Nasyonzini an (UNHAS) ki te pote anviwon 800 kg pòch san pou moun ki te kouche sou kabann lopital.
Nasyonzini ak patnè li yo, ap eseye jere pwoblèm dlo pou bwè a jan yo kapab. Pa egzanp, ant 16 ak 18 mas UNICEF ansanm ak òganizasyon non gouvènmantal ki rele Solidarités International la te bay 20 500 galon dlo nan kat sit ki te genyen plis pase 12 000 moun ki te kouri kite lakay yo. Epi ant 17 ak 20 mas, Òganizasyon Nasyonzini pou migrasyon OIM, te bay 16 000 galon dlo sou de sit.
Fon Nasyonzini pou popilasyon, UNFPA, ansanm ak yon seri òganizasyon non gouvènmantal te bay yon nimewo telefòn pou viktim vyolans seksyèl yo te ka rele pou jwenn sipò sikososyal. Viktim yo te jwenn sèvis yon klinik mobil pou kesyon sante seksyèl, kesyon «sante ki konsène repwodiksyon » ak vyolans seksis sou youn nan sit kote travayè imanitè yo t ap pote èd yo bay moun ki deplase yo.
3. Repons aktè yo
Genyen plizyè gwo reyinyon ki fèt nan Nasyonzini pou ede jwenn yon solisyon sou kriz peyi Dayiti ap travèse a . Nan Dat 21 mas, Konsèy sekirite a , ki se pati nan Nasyonzini ki responsab ede kenbe lapè ak sekirite nan nivo entènasyonal, te pibliye yon kominike pou laprès kote li te fè konnen manm Konsèy la ap fè sonje y ap bay tout sipò yo pou yon « pwosesis politik kote se Ayisyen yo ki pran responsablite peyi yo », Konsèy la te tou pwofite di kominote entènasyonal la li enpòtan pou li kontinye pote yon èd imanitè bay popilasyon an epi bay Polis nasyonal la sipò. Manm konsèy la pa t kache gwo kè sote yo genyen fas ak zam ilegal ansanm ak tout bal ki ap antre nan peyi Dayiti, dapre yo sitiyasyon sa a se youn nan eleman fondalnatal ki lakòz enstabilite ak vyolans.
Nan mwa oktòb 2023, Konsèy sekirite a te dakò pou yon misyon miltinasyonal ki pou ede lite kont ensekirite debake nan peyi Dayiti, yo te pran desizyon sa a pou reponn ak yon demann gouvènman ki te la nan moman an te fè. Desizyon sa a te fè moun bat bravo, yo te wè nan rezolisyon an yon jès istorik, menm si misyon an poko deplwaye.
4. Finansman : Anpil sipò nesesè
An menm tan genyen plizyè gran responsab nan sistèm Nasyonzini an ki ap mande yon bon jan ogmantasyon mwayen finansye pou èd imanitè a kapab deplwaye kòmsadwa.
Jedi, madan Richardson te fè konprann sou 674 milyon dola Ayiti bezwen pou plan repons imanitè a kapab deplwaye korekteman se 6 % selman nan kòb sa a ki disponib. Devan sitiyasyon sa a madam Richardson deklare « Jou yo ap mache sou nou ».
Nan kòmansman mwa mas la, Cindy McCain, ki se direktris PAM te fè konnen èd imanite a « prèske ap fonksyone sou woulib ».
5.Demen pa klè
Misyon miltinasyonal, ki ta dwe vini pou pote kole avèk lapolis nan peyi Dayiti ki pa genyen ase moun nan mitan li epi ki manke mwayen tou, ta dwe genyen nan tèt li peyi Kenya, genyen kèk moun ki ta dwe soti nan plizyè peyi nan Karayib la tou ki ap fè pati misyon sa a. Dapre sa laprès di, Etazini pwomèt anviwon 300 milyon dola.
Menm si se pa yon misyon Nasyonzini mete kanpe, misyon miltinasyonal la te jwenn otorizasyon nan men Konsey sekirite a.
Epi, menm si genyen anpil moun ki dakò pou yo di Ayiti bezwen yon sipò ijan pou tabli yon anviwonnman ki genyen sekirite, demisyon Premye minis Ariel Henry te pote yon gwo kou nan debakman misyon miltinasyonal sa a, sa vin lakòz peyi Kenya fè konprann l ap tann lè yon gouvènman tou nèf va monte anvan li vin bay kout men pa l nan sitiyasyon peyi Dayiti ap travèse a.
Dapre laprès, gwoup politik yo sanlè jwenn yon antant sou yon konsèy tranzisyon ki te ka pran responsabilite prezidans la jiskaske eleksyon fèt. Pa genyen moun ki konnen si konsey la ap pran pouvwa a epi kilè li t ap pran l, pèsonn poko konnen nonplis kilè misyon sekirite a ap rive nan peyi Dayiti.
Cet article a été publié dans ONU Info.