Temwanyaj manman pitit fas ak kolera
Timoun ki fè malnitrisyon gen twa fwa plis chans pou yo mouri nan kolera
Pandan sa vin pi difisil pou majorite moun nan peyi a jwenn manje pou yo manje, timoun ki fè malnitrisyon yo pi an danje paske yo gen yon sistèm iminitè ki fèb, ki rann yo twa fwa plis an danje pou mouri nan kolera. Sa lakoz ijans pou nou evite maladi a gaye tout kote. Soti 2 oktòb 2022 pou rive jodi a, selon sa ki rapòte nan sant sante ak lopital yo, maladi kolera a gentan lakoz 22 moun mouri. Depi nan dat 13 oktòb, te gentan genyen 425 ka sispèk, pifò ladan yo se timoun ki gen mwens pase 14 lane. Timoun piti ki gen yon lane a 4 lane yo gen plis malè ki pandye sou tèt yo.
Sant tretman gwo dyare (CTDA) ki nan Gheskio ki sou Bisantnè a, sitiye l tou prè Matisan, Kafoufèy ak Site solèy, katye sa yo se katye nèg ak zam fin detwi, moun ki rete la yo se sila ki pa gen mwayen pou y al abite lòt kote, kidonk gen anpil lamizè ak malnitrisyon nan kominote sa yo. Nan sant lan gen yon gwo sal ki gen 74 moun ki ap soufri ak sentom kolera. Majorite ladan yo se fanm ak timoun.
Men temwanyaj yo:
Roseline Céus, ki gen 18 lane se manman 2 timoun ki se marasa, yo apèn gen yon lane.
Mwen rele Roseline Céus, mwen gen 18 lane, mwen soti Site plis,
Sa fè deja 3 jou pitit mwen an malad, men mwen pa t gen lajan pou m mennen l lopital ni moun pou akonpanye m. Pitit la te gen yon dyare dlo dlo sou li. Mwen te oblije pran wout la avè l. Se la yon zanmi wè mwen epi li mennen mwen nan lopital sa a.
Lè m te rive la, mwen pa t vrèman konnen sa pou m fè. Mwen pa t konn nan ki sèvis pou m ale. Mwen t ap tounen an won ak timoun nan nan menm. Men lè m wè timoun nan ap mouri nan menm, mwen mande yon doktè èd li an ijans. Li te ede m mete timoun lan nan sewòm. Doktè yo potko di m anyen men yo te kòmanse pran swen pitit mwen an. Ti gason m lan t ap soufri paske m pa t gen anyen pou m ba li. Depi lè l vin la a li poko manje, e m pa gen anyen pou m ba li. Yè, m te fè ti bannann pou li men li pa t vle manje l. Li gen sèlman yon lane. Tifi m lan gen dyare tou, men ka li a pa grav.
Mwen enkyete pou pitit mwen yo anpil. M pè pou yo pa trape maladi ki grav paske m pa gen pèsòn pou ede m. Ti gason m lan te malad deja, li te entène la a deja. Li te dezidrate.
Kote m rete a pa bon. Tout jounen gen tire, moun pa ka sot lakay yo. Li difisil pou w jwenn dlo trete pou w bwè. M ta renmen yo ede m ak 2 timoun mwen yo paske m pa gen onkenn moun pou ede m.
Lounas Etienne gen 43 lane, li se manman yon timoun ki malad
Mwen rele Lounas Etienne, mwen gen 43 lane e mwen abite souwaf (Waf Jeremi).
Nou la depi lendi aprèmidi, vè dezè. Ti gason m lan t ap vomi epi li te gen dyare.
Mwen te remake ke l te gen maladi a depi nan lendi maten blòk 4 è. Mwen te ale avè l kay sè yo, yo te ba li sewòm epi aprè nou vin la. Lè m rive nan sant lan, yo mete l sou sewòm epi medsen yo te banm sewòm oral pou m ba li.
Pitit mwen an pa bon. Li pa manje. Li toujou gen dyare men mwen pa pè pou li menm jan an. Tout bagay sou kontwòl paske l deja nan men doktè yo. M ta renmen yo ede m pou m achte medikaman yo paske m pa gen anyen. Pitit mwen an pa gen papa. Se mwen menm k ap bat dlo pou m fè bè pou m viv avè l.
Edrige Antoine, 31 lane, ansent 7 mwa
Mwen rele Edrige Antoine, mwen gen 31 lane, m ap viv Site plis.
Depi mèkredi maten mwen pa santi m byen. Mwen t ap vomi. Se vwazinaj ki kouri mennen m lopital paske m pa t ka kanpe. Yo mennen m dwat nan lopital la. Lè m rive, doktè yo mete m sou sewòm paske m pa t bon menm. Kounya, mwen kòmanse fè mye.
Mwen ansent, mwen gen 7 mwa, mwen pa vle pèdi timoun nan.
Kote m rete a konn gen tire, men mwen pa vrèman rankontre difikilte pou m te vini lopital la.
Nan Site solèy kote yo te remake premye ka kolera a, gen plis pase 8 000 timoun ki gen mwens pase 4 lane ki riske mouri akoz malnitrisyon, anplis pwoblèm kolera a si yo pa mete prese prese kèk mezi an ijans pou kwape maladi a. Gen plizyè milye fanmi ki pa menm ka rive jwenn anyen pou yo manje, mete sou sa, katye sa yo se katye vyolans ravaje. Ensekirite ak laperèz gang yo anpeche popilasyon an jwenn aksè a sèvis sante debaz yo. Sitiyasyon kote moun pa ka jwenn manje pou yo manje sa a ap vin pi mal akoz pwoblèm enflasyon an. Pri manje yo vin pi chè, moun yo vin pi pòv, kidonk yon epidemi kolera ap mete lavi plizyè milye timoun plis an danje sitou pou sa ki soufri malnitrisyon yo.
"Kriz ki an Ayiti a prèske fin tounen yon kriz kote se timoun yo ki prensipal viktim", selon deklarasyon reprezantan UNICEF an Ayiti a, Bruno Maes. "Sou chak 3 moun ki gen kolera gen yon timoun ki gen mwens pase 5 lane ladan yo. Nan ka kote timoun ki deja afebli akoz yo pa jwenn manje ki gen bon vitamin pou yo manje yo, si yo vin gen kolera epi pou yo kòmanse sibi efè yo tankou dyare ak vomisman, se tankou yo kondane pou yo mouri. Yo sipoze priyorize timoun sa yo nan repons kolera a, trete yo an ijans, epi pran bon jan mezi pou anpeche lòt ka kolera miltipliye nan kominote yo. "