Premye moun: 'Obligasyon moral’ pou anplwaye ONG ayisyen yo kontinye travay malgre yo kidnape de timoun
Yon dam ki gen de timoun li yo te kidnape sou wout pou y al lekòl an Ayiti fè konnen li santi yon obligasyon moral pou l kontinye travay li ki se ede moun k ap deplase kite zòn yo malgre chòk fanmi an te sibi.
Zile Nasyon Karayibeyen an kontinye ap fè fas ak anpil ensekirite, ak vyolans toupatou ki pa janm sispann pandan gang yo ap goumen youn ak lòt epi ak polis pou yo rive pran kontwòl kapital la, Pòtopwens.
Se Vyolans kote y ap kidnape moun pou fè yo peye ranson se sa k ap jwe fas a yon seri kriz politik ak ekonomik san konte povrete ak sou devlopman.
Chantale Valcourt ap dirije CAPAC, yon òganizasyon non-gouvènmantal (ONG) an patenarya ak Pwogram Alimantè Mondyal (PAM), ap sipòte popilasyon vilnerab yo, espesyalman fanm ak tifi.
"De pitit fi m yo, ki gen 11 ak uit an, te kidnape sou wout Lekòl yo nan Pòtoprens jou 30 oktòb 2023 a. Yo te fè senk jou nan men kidnapè yo apre sa yo te lage yo apre nou te fin peye ranson an.”
Menm si yo te lage yo san pwoblèm epi kidnapè yo te byen trete yo avèk respè , sa rete yon eksperyans vrèman twomatik pou fanmi mwen, espesyalman pitit mwen yo.
Aprè ensidan an lekòl la pa janm ouvè ankò e se konsa nan mwa janvye, m t ap panse ak sak pi bon pou pitit fi m yo, mwen te voye yo pati kite peyi a.
Sa vin pi difisil pou m ale travay, epi mwen toujou an alèt pou kesyon danje, men mwen pa janm gen entansyon pou m abandone. Malgre tout bagay, mwen kontinye fè travay mwen poutèt mwen gen yon sans responsablite nan kominote mwen an anvè limanite.
Mwen santi m gen yon gwo obligasyon moral pou m ede lòt moun.
Sa a se reyalite pèp ayisyen an fè fas chak jou e se youn nan danje ki toujou la anfas moun k ap ede lòt moun ki vilnerab yo nan domèn imanitè e yo dwe fè fas avè l.
Nou te kite kay nou an nan ki nò Pòtoprens paske gang yo antre nan zòn nan, donk mwen se yon moun ki deplase kite zòn li tou.
Yon Sitiyasyon Dezespere
CAPAC se yon ONG Nasyonal e nou travay ansanm ak PAM. Misyon nou se asire jistis sosyal ak egalite sèksyèl epi elimine povrete a pa mwayen travay an kolaborasyon avèk popilasyon vilnerab yo.
Nou travay nan kèk zòn ki vrèman difisil ki anba kontwòl gang, tankou Cité Soleil, La Saline, Matisan, Kwadèbouke, Bas-Delmas ak kèk zòn anba lavil nan pòtoprens.
Aksè a trè difisil, espesyalman nan kontèks afwontman ant gang ak Polis Nasyonal Ayisyen an. Anpil nan moun nou ap eseye vizite yo rete kache andedan kay yo. Sa fè li enposib pou ba yo èd rapid vit nan katye gang ap kontwole yo.
Sitiyasyon an vrèman dezespere. Nan dènye jou yo, nou te temwen plis soufrans ak enstabilite ki lye ak deplasman fòse moun ki pi vilnerab yo.
Atak gang yo ak tire san rete nan zòn kote moun rete lakòz gwo destriksyon enfrastrikti sivil tankou lekòl, lopital ak kote ki gen rapò ak gwoup relijye yo.
Lidè Fanm alatèt
Antanke yon lidè fanm ki alatèt k ap kowòdone repons imanitè nan Pòtoprens, m eksperimante bagay mwen pat janm konn fè fas anvan sa. Yo rete grave nan memwa mwen.
Enpak travay nou fè sou lavi moun ki pi vilnerab yo nan kominote nou yo pa ka pase inapèsi.
Malgre sitiyasyon zòn yo, laperèz poutèt gang yo ak aksè limite nan domèn imanitè, distribisyon yon pla manje cho ak transfè lajan kach enpòtan anpil pou sove lavi.
Sitiyasyon sa a fè m vin pi detèmine pou m ede moun ki pi pòv yo. Anfèt, pafwa, mwen konn ale travay ak tibebe m nan paske m pat janm wè pou m ba l tete kòm obstak pou m ta sispann
Pozitivite nan mitan latwoublay
Sitiyasyon an Ayiti vrèman kawotik epi destriktif. Men, sa etone m paske m jwenn kèk aksyon pozitif.
Mwen te rankontre anpil fanm fò ki enpresyonan ki te ede m gen yon pi bon konpreyansyon sou sa nou ka fè pou pote chanjman. Mwen te aprann anpil nan men yo. Le mond antye ka aprann nan men yo.
Kèlkeswa sitiyasyon an, mwen rete motive pou m pran devan epi kontinye kase chèn povrete pou m bay sipò vital ak kominote ki pi vilnerab yo."