Moun nasyonzini voye a ankouraje kominote entènasyonal la pou ini fòs yo pou ede Ayiti
Yon kote Zak vyolans gang yo fin kraze Ayiti rapye tèe yon lòt kote moun nasyonzini voye Ayiti a te ankouraje lendi kominote entènasyonal la pou yo ini fòs yo pou ede Ayiti
Maria Isabel Salvador ki se reprezantant espesyal sekretè jeneral pou ayiti deklare pandan l tap pran la pawòl douvan konsèy sekirite a: « Jounen jodi a, sa banm anpil lapenn lè m ap gade kèk nan pi move moman malouk ki te difisil pou moun ta imajine pou ayiti sot pase nan denye mwa e nan denyè senmenn sa yo ». Epi madanm kontinye pou l di : « Li vrèman pa posib ditou pou n ta ajoute kèk bagay dekripsyon ogmantasyon zak gang yo ap komèt nan pòtoprens ak nan lòt zòn ki anviwonnen l yo.E li vreman pa posib non plis pou n ta ajoute yon losyè nan jan nou montre sitiyasyon dwa moun ap deteryore e nan jan kriz imanitè a vin pi grav ».
Madam Salvador ki se chèf BINUH tou , biwo entegre Nasyon zini nan peyi Dayiti te pran not ki fè kwè se selman 8.1 % ki deja finanse nan 674 milyon dola ameriken ki prevwa pou yo te konsakre ak finansman plan repons imanitè pou Ayiti pandan lane 2024. Konsa, li mande tout lòt Leta ki manm yo pou kontinye finanse plan repons imanitè a.
Misyon miltinasyonal pou soutni sekirite a
Si n ta vle pale sou deplwaman misyon miltinasyonal pou soutni sekirite a ke konsèy sekirite a te dejà otorize nan mwa oktòb pase a pou te bay repons ak jan Aiyiti te mande Sa.Nan sans sa a , reprezantant espesyal la mande kominote entènasyonal la pou kenbe pwomès yo te fè sou kesyon deplwaman an.
Madanm Salvador fe sonje ke nan komansman mwa mas la gang yo te atake ansanm e nan menm moman enfrastrikti ki pi enpotan ke Leta a genyen tankou plizyè komisarya polis, 2 (de) pi gwoprizon nan pòtoprens yo ak anpil lòt lekòl,anpil kote yo konn bay swen lasante e ak anpil sit relijye.E gang yo te vin atake plizyè fwa palè nasyonal la e sa ki fè gen gwo afrontman ant yo menm ak polis nasyonal la e sa ki te la kòz tou plizyè viktim.
Depi nan dat 3 (twa) mas la afrontman nan mitan gang ame yo ozalantou ayewopò entènasyonal pòtoprens la te fose tout konpayi komesyal avyon yo, anana kou pengwen, pit kou mawon, kampe sou tout sèvis yo tap bay pou jis kaprezan.
Yo resanse 2500 moun ki mouri epi ki blese pou 3 premye mwa nan ane 2024 la
Nan 3 premye mwa ane 2024 la, zak vyolans gang yo te lakòz anviwon 2500 moun mouri epi blese .Sa te fè, kantite moun ki mouri epi blese nan afrontman gang yo te ogmante rive jiska 53% parapò ak peryòd kite pase anvan yo.E sa te vin fè 3 premye mwa ane 2024 tounen moman ki gen plis zak vyolans nan peyi dayiti soti depi lè seksyon dwa moun nan BINUH te komanse anrejistre estatistik nan mwa janvye 2022.
Reprezantant espesyal la montre byen klè ke gwo empak zak vyolans gang ame yo gen sou dwa timoun yo rete toujou yon sitiyasyon ki prewokipe n anpil.Zak vyolans gang yo rann sèvis esansyèl vin pi difisil pou jwenn tankou swen lasante ak moso ledikasyon e tout bagay sa yo vin rann pwoblèm ensekirite alimantè a pi grav netalkole.
Mete sou sa, move kondisyon sosyo ekonomik ke timoun yo ap viv rive fè anpil nan yo antre nan mitan gang yo kote yo genyen anpil ris nonsèlman pou yo mouri oubyen blese byen grav lè gang yo ap toke kòn yo ap lòt gang parèy yo oubyen lè gen afrontman ant lapolis ak gang yo. Men tou, timoun sa yo gen ris tou pou yo rive komèt zak vyolans tankou touye moun, fè kidnaping e menm rive fe vyòl.
Fanm yo e jenn ti fi yo kontinye viktim vyolans seksyèl tankou vyòl kolektif anba men gang ame yo ki sèvi ak pratik sa tankou mwayen ki pemèt yo kontwole tèritwa yo.
Madanm Salvador fè konnen nan moman sa a kote ensekirite a vin malouk anpil , polis nasyonal la ki jwenn èd nan men fòs lame dayiti a e ki jwenn tou anpil konsèy nan men BINUH epi nan men lòt patnè entènasyonal yo, te rive fe anpil gwo jèfò pou kase chenn vyolans lan nan peyi a pandan ke gang yo toujou pran lapolisla kòm advèsè prensipal e yo toujou vize atenn lapolis la nan tout atak yo fè yo.Madanm nan kontinye pou l di : jan kriz sa a vin grav jounen jodi a, sa montre byen klè estrikti nasyonal yo ki te la pou bay bon jan repons pa gen kapasite ankò akòz yo vin afebli e sa vin fè ke èd entènasyonal la tankou deplwaman mission miltinasyonal pou soutni sekirite a tounen yon gwo bezwen ki pa ka tann ankò.
Konsèy prezidansyèl tranzisyon an
Sou kesyon sitiyasyon politik la, li konstate ke aktè yo fè anpil efò pou rive mete kanpe byen lwen divejans yo genyen pou yo rive jwenn ansanm yon mwayen pou yo ka rive remete kanpe byen djanm enstitisyon demokratik yo tankou kreye yon konsèy prezidansyèl tranzisyon aprèpremye minis Ariel Henry te fin demisyone.Kòtatkòt ak konsèy sa a, plizyè lòt enstitisyon pral kreye tankou konsèy nasyonal sekirite a ak konsèy ekektoral pwovizwa a.
Madanm Salvador te ankouraje tout aktè ayisyen yo pou yo kontinye mete kanpe byen lwen yo tout divèjans pou yo chèche pito enterè Ayiti ak enterè pèp ayisyen an e pou yo chèche nonmen tou yon premye minis ak yon gouvènman enterimè epi chèche nonmen byen vit yon konsèy elektoral pwovizwa.
Dapre li menm, sa fè yon ane edmi depi Ayiti te mande asistans pou l ranfose sekirite l e sa fè plis pase 6 mwa depi konsèy sekirite nasyon zini an te otorize misyon miltinasyonal la deplwaye, « nou dwe toujou kontinye fè wè aklè ke deplwaman sa enpotan e li pa ka tann » .
Yon kriz ki pap rezoud vit
Madanm catherine Rusell ki se chèf UNICEF la te fè konnen devan manm konsèy la ke « ayisen nesesite yon pi gwo soutyen rejyonal ak entenasyonal.San sa, jwèt la ka gate nèt e li gen dwa pa ka ranje ankò ».
Daprè li, kriz la gentan tèlman deteryore, menm si nou ta fè tout sa nou dwe fè anreyalite tansyon kriz la ka bese nan yon titan men li pap ka rezoud byen vit. Pou n rezoud li, « nou dwe mete sou pye yon seri mezi ki la pou soutni politik la ak finans la ki pou bay rezilta depi kounye a e pou tout tan ».
Madanm Ghada Waly ki se direktris egzekitif (ONUDC) Ofis Nasyon zini kont Dwog ak Krim, bò kote pal menm, fè sonje ke « se koripsyon ki soutni epi ki bay vyolans ayiti a tete men li se rezilta anpil zam kap antre pa bann e pa makèt nan peyi a ».
Daprè li, « si entènasyonal la pa ta aji pou amelyore sekirite ayiti e pa ta gen yon solisyon politik bou anpil tan ka p vini yo e si entènasyonal la pa fè jèfò pou deplwaye misyon miltinasyonal soutyen sekirite pou amelyore sekirite ayiti ki jwenn manda nan men konsèy sa a, bagay yo pral makawon e malouk ».
Atik sa a te pibliye nan nouvèl Nasyonzini.