Moun An Premye: Sove lavi epi anpeche kolera simaye nan peyi D Ayiti
20 novanm 2022
Pòtoprens, Ayiti:
Maladi kolera a se yon maladi ki mòtèl, men li kapab trete tou, dènye tan sa yo, li rekòmanse pwopaje nan peyi a, selon dènye chif gouvènman an pibliye nan dat 19 Novanm, gen anviwon 8,800 moun ki te entène lopital epi plis pase 184 ladan yo mouri.
Ajan Esterline Dumezil te resevwa fòmasyon nan Ministè Sante Piblik ak Popilasyon Peyi D Ayiti ak Òganizasyon Panamerikèn Sante Nasyonzini an (OPS/OMS).
"Depi 2014 m ap travay nan komin Site Solèy nan Pòtoprens, pandan dènye uit lane sa yo sitiyasyon yo vin pi detèryore, sa vle di lavi a vin pi di pou moun k ap viv nan zòn sa a. Yo pale mwens de pwoblèm sante yo genyen, men plis sou pwoblèm ekonomik ak sitiyasyon ensekirite a k ap ba yo anpil tèt chaje. Yo vrèman pè akoz maladi kolera a ki retounen an.
Djòb mwen se pou m pale avè yo epi sansibilize yo. Mwen ba yo anpil enfòmayson konsènan sante piblik, kounya pandan moman kolera a tounen an, mwen oblije fè pòt an pòt pou m vizite chak fanmi lakay yo. Mwen sansibilize yo sou enpòtans pou yo bwè dlo ki trete, kijan pou yo fè manje, lave men yo ak lòt mezi yo ka pran pou yo anpeche maladi kolera a simaye plis.
Moun nan zòn nan gen anpil preyokipasyon, yo vle rakonte m sa y ap konfwonte ansanm ak pwoblèm yo genyen. Mwen asire yo, epi mwen raple yo kolera pa ta sipoze dwe yon bagay ki fatal, se yon maladi yo ka trete. Si règ ijyèn debaz yo respekte, yo kapab konbat maladi a.
Lè m jwenn yon moun ki gen sentom tankou dyare, kit son w gwo oswa yon ti dyare, mwen refere l a yonn nan lopital ki nan kominote a, lopital sa yo te resevwa ekipman pou yo ka fè fas ak maladi a; kidonk mwen konnen y ap jwenn bon tretman.
Li enpòtan anpil pou mwen pou m kontwole ka ki sispèk yo epi pou m pran nòt sou sa moun ki nan zòn nan pataje ansanm avè m yo. Enfòmasyon sa yo mwen rapòte yo bay siperyè mwen yo nan Ministè a, sa ede epidemyolojis nou yo pou yo pi byen konprann jan kolera a ap afekte epi simaye nan peyi a.
Ede sila yo ki plis pa kapab yo
Nou toujou sou teren an, malgre difikilte sitiyasyon aktyèl peyi a. Ajan sante kominotè yo pa p chome, yo fòme nou pou nou ede sila ki pi pa kapab yo. Se yon devwa, e se yon fyète pou nou, pou nou kontribiye nan efò sa.
Pèsonèlman, mwen gen yon filozofi kote chak moun ka bay kontribisyon l pou li amelyore lavi nan kominote nou yo. Se rezon sa ki fè mwen te vle vin yon ajan sante kominotè, paske mwen pran plezi nan ede moun epi fè pati solisyon pou chanjman an. Anplis de sa, se yon djòb ki enpòtan tou ki ka sove lavi. Rankontre moun epi ede yo se sa ki met plis lajwa nan kè m nan travay sa. Mwen santi m byen lè m ap rantre de pòt an pòt, epi m santi m konfòtab nan zòn nan, malgre ensekirite gwoup gang yo lakoz la, paske moun yo konnen m epi yo gen konfyans nan mwen. Mwen pa janm regrèt karyè sa mwen te chwazi a. Mwen renmen rankontre moun lakay yo, e se lè sa mwen santi m plis an jwa.
Yon seri ajans Nasyonzini ki gen ladan l OIM, UNAIDS, UNFPA, UNICEF ak WFP ak Sèvis Ayeryen Imanitè Nasyonzini an, UNHAS, ap sipòte tou repons Nasyonzini an pou kolera.
Ajan kominotè yo, ki genyen sig yo an fransè ki se ASCP, jwe yon gwo wòl nan Estrateji Sante Kominotè Ministè Sante ak OPS/OMS mete sou pye. Yo konn zòn kote y ap travay la byen epi yo gen aksè avè l, sa vin fè yo jwe yon premye wòl nan entèvansyon kont kolera a sitou nan zòn tankou Site solèy kote li difisil pou moun ale kounya a. Jiska prezan gen 300 ajan ki te resevwa fòmasyon epi ki deplwaye sou teren an pou mennen aktivite sansibilizasyon ak angajman kominotè tankou pwogram WASH la, siveyans ak referans lè gen ka kolera. Nou ap modelize fason travay sa epi nou ap replike l nan lòt pati nan kapital la ak pi lwen toujou. An Fransè: ASCP - Agent de Santé Communautaire Polyvalent.