Kominike laprès

Jounen Entènasyonal Fanm selebre an Ayiti pou mande egalite ant fanm ak gason pou yon demen miyò dirab

7 mas 2022

  • Egalite ant fanm ak gason se youn nan 17 sib objektif devlopman dirab  (ODD) yo ki genyen antant sou yo tout kote nan monn la. ODD 5 la rekonnèt egalite ant fanm ak gason se pa yon dwa moun fondamantal sèlman, se yon fondman nesesè pou lapè ak pwosperite dirab nan monn la.
Lejann: Célébration Journée internationale des femmes le 8 mars
Foto: © ONU Femmes

Pòtoprens, 7 mas 2022 – Nan okazyon Jounen Entènasyonal Fanm ki selebre chak ane nan dat 8 mas la, Nasyonzini ak Gouvènman ayisyen an bat gwo bravo pou kontribisyon fanm ak tifi nan konstriksyon yon demen miyò pi dirab ak egalitè pou tout ayisyen fanm kou gason.

Tèm Jounen Entènasyonal Fanm 2022 a se: “Egalite ant fanm ak gason jodi a pou yon demen miyò dirab”, ki rekonnèt kokennchenn wòl fanm ak tifi jwe nan konstriksyon yon monn pi egalitè ak pi dirab, sitou nan zafè adaptasyon, rediksyon ak repons fas ak chanjman klimatik.

Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm (MKFDF) ap òganize, ak sipò LONI, yon evenman sou dwa moun ak devlopman dirab. Moun ki pral fè diskou nan evenman sa a se Premye Minis Ariel Henri, Minis Sofia Loréus, Kowòdonatè Rezidan a.i. Nasyon Zini a an Ayiti Mesye Fernando Hiraldo, Chèf Misyon ONI Fanm la Marie Goretti Nduwayo. epi Reprezantan FNUAP la Saidou Kabore. Genyen òganizasyon fanm ak lòt reprezantan sosyete sivil la, ni tou kèk patnè teknik, akademik ak finansye, ki pral kontribye nan diskisyon yo tou.

Pandan evenman sa a, yo pral onore 30 enstitisyon ayisyèn ki rekonnèt pou lidèship yo.

Egalite ant fanm ak gason se youn nan 17 sib objektif devlopman dirab  (ODD) yo ki genyen antant sou yo tout kote nan monn la. ODD 5 la rekonnèt egalite ant fanm ak gason se pa yon dwa moun fondamantal sèlman, se yon fondman nesesè pou lapè ak pwosperite dirab nan monn la.

LONI  di pwomosyon egalite ant fanm ak gason nan kontèks kriz klimatik ak rediksyon risk katastwòf la se youn nan pi gwo defi monn la gen pou leve nan 21èm syèk la, e li siyen dèyèl. Li kenbe tou kinalaganach fanm ak tifi se lidè efikas epi pisan ki ka mennen chanjman.

Lit pou egalite ant fanm ak gason se yon pwosesis ki pran tan. Ak sipò Nasyonzini ak lòt patnè, gouvènman an, sosyete sivil la, dwe pou mete men nan rive fè kèk refòm nesesè epi favorize patisipasyon fanm nan chèche yon demen miyò dirab pou Ayiti.

Yon gwoup ajans Nasyonzini ki fè pati Plan Wann LONI a an Ayiti, nan patenarya ak Asosyasyon Fanm Antreprenè Chanm Komès la ak Kad Entegre Nasyonal Finansman a, ap konsète sou enklizyon dimansyon fanm ak gason an nan sipò pou aplike politik piblik tankou Politik Nasyonal Pwoteksyon ak Pwomosyon Sosyal (PNPPS) la.

Tout kote nan monn la, Nasyonzini pral make Jounen Entènasyonal Fanm 2022 a nan kad yon evenman vityèl wo nivo ki pwal souliye ki jan “san egalite ant fanm ak gason jodi a, yon demen miyò dirab ak egalitè poko kapab posib”.

---FEN---

Pou plis enfòmasyon, pa ezite kontakte Daniel Dickinson, Chaje Kominikasyon, Biwo Kowòdonatè Rezidan Nasyonzini, Pòtoprens, Ayiti. dickinsond@un.org +509 4638 6636 

Antite LONI ki ap patisipe nan inisyativ sa a

RCO
Biwo Kowòdonatè Rezidan Nasyonsini a

Objektif nou ap sipòte ak inisyativ sa a