Jenès Ayisyen an gen espwa malgre ogmantasyon enstabilite a
Kriz la ann Ayiti lage timoun yo nan nan kategori moun ki pi vilnerab yo fas ak vyolans ekstrèm, malnitrisyon, povrete, ak sistèm sosyal la ki fin kraze, dapre Fon Nasyonzini pou Timoun (UNICEF).Kriz la ann Ayiti lage timoun yo nan nan kategori moun ki pi vilnerab yo fas ak vyolans ekstrèm, malnitrisyon, povrete, ak sistèm sosyal la ki fin kraze, dapre Fon Nasyonzini pou Timoun (UNICEF).
Ajans lan te fè ankèt ak plis pase 3500 jèn nan kòmansman mwa jen an, majorite nan yo rekonèt ke dwa yo pa prèske janm respekte.
"Lè mwen mande timoun yo si dwa yo respekte ann Ayiti, repons lan souvan se toujou: 'non'," selon Samarre Tercier Marcellin, Defansè Jèn pou UNICEF Ayiti.
"Timoun yo sibi abi, yo mouri akòz maladi ak malnitrisyon ke yo te ka swa anpeche oubyen geri, epi yo manke gen aksè ak bon kalite edikasyon. Sa a dwe chanje," li te ajoute.
Malgre reyalite konplike sa a, majorite jèn ki te reponn ankèt UNICEF la rete kwè nan yon avni miyò ke jan sa ye jodi a.
Ayiti kontinye soufri anba yon seri kriz politik, sosyo-ekonomik ak sekirite. Gang yo ap goumen youn ak lòt pou pran kontwòl zòn yo nan kapital la, Pòtoprens, sa ki lakòz plizyè milye moun kouri kite kay yo. Sa a vin plis agrave povrete ak gwo pwoblèm grangou nan peyi a.
Kriz la vin pi grav
Òganizasyon Alimantè ak Agrikilti (FAO) ak Pwogram Alimantè Mondyal (PAM) te ajoute Ayiti nan lis peyi ki gen "pi gwo enkyetid akòz ogmantasyon vyolans gwoup ame yo," nan dènye rapò yo pou mwa jen rive Oktòb 2024.
FAO ak PAM te idantifye Ayiti tou kòm yon "kote grangou ap gaye," ak plis pase senk milyon moun kounye a k ap soufri anba ensekirite alimantè grav, youn nan chif ki pi wo yo te konnen depi tranblemanntè 2010 la.
Kantite moun ki deplase ann Ayiti te ogmante tou anpil nan dènye mwa yo, soti nan 362,000 nan mwa mas rive nan 580,000 kounye a, dapre Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon an (OIM).
Plis pase 100,000 kite Pòtoprens pou kont yo akoz sitiyasyon sekirite a k ap fin deteryore.
Sitiyasyon sa a te gen gwo konsekans sou pitit Ayiti yo. Nan 2,500 moun ki te mouri oswa blese soti janvye rive mas, anpil nan yo se te timoun, selon UNICEF.
"Chak jou, timoun yo blese oswa mouri," selon sa Direktè Egzekitif UNICEF Catherine Russell te di Konsèy Sekirite Nasyonzini an nan mwa avril. "Gen kèk ladan yo yo fòse yo antre nan gang, oswa yo antre nan gang akoz yo pa gen lòt chwa.
Anviwon 600,000 nan 1.6 milyon moun ki fè fas ak gwo grangou se timoun epi anpil lekòl fèmen akòz atak, sa ki lage plizyè milye timoun san okenn dwa a edikasyon.
Kwè gen espwa
Malgre jèn yo ap pase anba move kondisyon, anpil jèn toujou gen espwa. Dapre ankèt UNICEF la, 24 pousan gen anpil espwa e 41 pousan omwen kwè gen yon ti kras espwa. Katòz pousan te di yo pa vrèmab gen espwa, e 10 pousan sèlman fè konnen yo pa gen espwa ditou.
Lè yo te mande yo sou sa ki ta plis pèmèt chanjman nan peyi a, 40 pousan te site pi bon aksè a edikasyon, 24 pousan di devlopman ekonomik epi konbat povrete a, 19 pousan te di sekirite nan tout peyi a epi sèt pousan mansyone pou yo amelyore sèvis sante yo.
Ogmantasyon èd imanitè
Efò imanitè yo ogmante lakoz jan kondisyon yo vin pi grav. PAM te delivre 43,600 pla cho bay prèske 13,500 moun ki deplase kite Pòtoprens depi 1ye jen. Yo te mete disponib 1 milyon dola kòm yon pati nan pwoteksyon sosyal ak sipò pou ede preske 65,000 moun nan peyi a.
Te gen tou efò otorite ayisyen yo te fè ansanm ak òganizasyon nasyonal ak entènasyonal yo pou yo ka prepare pèp ayisyen an pou sezon siklòn nan ki te kòmanse 1ye jen.
Atik sa a te pibliye nan nouvèl Nasyonzini.