Pandan gang yo kontinye sèvi ak vyolans seksyèl pou simaye laperèz ann Ayiti e fin pran kontwòl yon peyi ensekirite ap fin depafini, ajans imanitè Nasyonzini yo enkyete yo poutèt "gwo ogmantasyon" vyolans seksyèl nan peyi Karayib la.
Lakoz jan kondisyon lavi a ye nan nan sant moun ki kouri kite kay yo, se plis medam ak tifi yo ki plis riske sibi vyolans seksyèl ak vyolans ki baze sou sèks yo.
Dapre Biwo Nasyonzini pou Kowòdinasyon Afè Imanitè a (OCHA), kantite ka vyolans ki baze sou sèks yo rapòte te atenn yon "gwo ogmantasyon".
Anons OCHA a te rive pandan gwo vyolans ki gen rapò ak aktivite gwoup ame yo nan Pòtoprens depi 29 fevriye, plizyè milye moun te mouri, blese oswa oblije deplase kite kay yo pou chèche sekirite ak pwoteksyon.
Kantite ka yo te vin senk fwa plis pase twa premye mwa nan ane a
Kantite moun ki se sivivan vyolans ki baze sou sèks yo te vin senk fwa plis ant de premye mwa nan ane a ak mwa mas la, soti nan 250 pase a 1,543. Vyolans seksyèl yo reprezante 75% ensidan yo rapòte. Pami moun ki sivivan yo, 80% se fanm epi 16% tifi.
Antou, prèske 80% nan sivivan yo se moun ki deplase yo e plis pase 70% nan ensidan yo se moun ki ta atake yo ki komèt zak sa yo.
Fas a ogmantasyon sa yo, òganizasyon imanitè yo kontinye òganize aktivite prevansyon ak konsyantizasyon. Konsa, yo bay èd sikososyal ak swen medikal.
Yon milye timoun, ki gen plis pase 600 tifi, te jwenn èd sikososyal pa mwayen patnè Fon Nasyonzini pou Timoun yo (UNICEF) nan Pòtoprens, nan Delmas, Petyon-vil ak nan yon sant nan komin Tabarre soti 8 pou rive 15 me.
OCHA remake vyolans lan kontinye ap gaye kò l nan plizyè katye Pòtoprens kote atak ki byen kowòdone yo kontinye afekte plizyè milye moun. Jounen 10 me a, yon atak nan vil Gressier te lakòz deplasman anviwon 4,400 moun.
Relansman distribisyon manje nan Cité Soleil
An total, 10 000 moun te deplase apre kèk atak yo te fè nan komin Delmas ak Gressier depi 25 avril pase.
Nan domèn imanitè, apre yon blokaj de mwa pou rezon sekirite, Pwogram Alimantè Mondyal la (WFP) rekòmanse distribisyon manje nan Cité Soleil, yon zòn ki trè vilnerab nan Pòtoprens, depi semèn pase a. Nan fen operasyon an, semèn sa a, 95,000 moun pral jwenn asistans.
Bò kote pa l, depatman sèvis lojistik la te lwe yon bato jounen 15 me a pou transpòte 11 kamyon ki gen 220 tòn bagay pou manje pote ale bay yon ONG yon fason pou ede plizyè sant distribisyon manje soti Pòtoprens rive nan rejyon sid peyi a.
N ap note ke pwogram pou bay repons imanitè a k ap koute 674 milyon dola jiska prezan se sèlman 17% yo finance ladan l. Se sèlman 111 milyon dola yo resevwa.
Atik sa a te pibliye nan nouvèl Nasyonzini.