Sipò Pwogram Alimantè Mondyal (PAM) bay fanmi riral nan peyi DAyiti yo, ede yo ranfòse sekirite alimantè yo ak rezilyans yo.
"Kabrit yo reprezante lespwa," ap rakonte Sainteleine Ertilus, li se manman sis pitit epi se kiltivatèz nan komin Jean Rabèl, nan nòdwès peyi Ayiti. Pandan l kanpe bò kote yon rezèvwa dlo PAM te fèk konstwi, li ap eksplike nou kijan lavi l chanje gras ak pwogram ki te mete sou pye nan kominote li a pou sipòte mwayen pou moun viv.
Nan plizyè lokalite nan komin Jean Rabèl, nan nòdwès DAyiti, prèske 1,300 fanmi te resevwa yo chak de kabrit nan kad pwogram asistans kont travay PAM mete sou pye. Kabrit sa yo te achte nan mache nan zòn tou pre yo, yon fason pou ranfòse ekonomi lokal la. Anvan sa, sèlman fanmi ki gen mwayen te kapab posede yon kabrit.
Pou fanmi ki pi vilnerab Ayiti yo, posede yon bèt se yon garanti paske yo ka vann zannimo yo oubyen sèvi avè yo nan moman difikilte. Yon kabrit ka vann pou plis pase 150 dola ameriken nan mache.
"Mwen te toujou konn gade kabrit pou lòt moun, men kounye a mwen ka di, mwen resi genyen yon byen," ap kontinye rakonte nou Sainteleine, ki priye chak swa anvanl dòmi pou pitit li yo ak kabrit yo ret an sante epi pou yo gen anpil pitit. Li gen rezon, yo te tande lapriyè li yo: youn nan kabrit li yo gentan fè yon jenn ti kabrit epi lòt la ansent.
PAM fòme kominote yo nan tout aspè pou ka pran swen epi gade bèt yo, epi tou bay materyèl pou konstwi bon jan kay pou bèt yo rete.
Pou ede plis moun nan kominote a, yo vini ak sistèm ki rele pase kado a, kote yap bay yon lòt benefisyè pwojè a ki poko jwenn, premye pòte kabrit yo.
Edina Charles, yon kiltivatèz vèv, manman kat pitit ak grann yon pitit pitit, te konn gen kabrit nan tan lontan, men yo tout te mouri. Kounye a li pran swen kabrit li resevwa yo yon lòt fason. Li leve byen bonè, lè gen lawouze toujou, li al chache zèb fre pou yo manje, li ba yo manje de fwa pa jou, li ba yo dlo. "kabrit yo toujou kontan wè m '," ap rakonte Edina. Youn nan kabrit li yo gentan gen yon jenn ti kabrit, li ap ofri l bay vwazin li an lè l kòmanse grandi.
Gen veterinè ki disponib nan kominote a pou pran swen kabrit ki gen difikilte pou yon ti monnen. Lè yo mande Sainteleine si kabrit yo pa yon chay pou li, li di: "okontrè, nou fè sa ak kè kontan, se yon fyète pou mwen. Kounye a mwen konnen si mwen ta vin gen yon pwoblèm, mwen gen byen pa m ke mwen ka vann".
Anpil fanmi ki plante pou yo viv afekte akoz kondisyon metewolojik difisil nan rejyon an ki ap sibi efè chanjman nan klima. Daprè Alessandro Valorri, responsab nan inite rezilyans nan Pwogram Alimantè Mondyal an Ayiti, objektif prensipal pwojè sa a se ankouraje sekirite alimantè nan zòn riral yo an Ayiti. Pwojè a ede nan ogmante lajan rantre paske l manyen devlopman kap rete, nan makonnen elvaj bèt ak sipò agrikòl. Li amelyore teknik elvaj bèt, bay fòmasyon biznis, devlopman kominotè ak ranfòse kapital sosyal. "Entegrasyon tout pwogram sa yo ede popilasyon an gen plis resous pou kenbe tèt pou tèt ak chòk klimatik yo ak lòt danje," li ajoute.
Gras ak finansman ki sòti nan peyi Swis, twa mil ti kiltivatè ak lòt fanmi vilnerab te benefisye pwojè sa a ki gen objektif pou ogmante rezistans kominote a lè gen inondasyon ak sechrès.
Ane sa a, Swis, Kanada, Kore di Sid (KOICA) ak Ajans Etazini pou Devlopman Entènasyonal (USAID/BHA) sipòte pwogram rezilyans PAM an Ayiti yo.
Antite LONI ki ap patisipe nan inisyativ sa a
PAM
Pwogram Alimantè Mondyal
Lòt antite ki ap patisipe nan inisyativ sa a
KOICA
Korea International Cooperation Agency
SDC
Swiss Agency for Development and Cooperation
USAID
United States Agency for International Development