Diskou Mesye Fernando Hiraldo, Kowòdonatè Rezidan Nasyonzini a.i
Jounen Entènasyonal Fanm
Komemorasyon Gouvènman Ayisyen
8 mas 2022, lotel Montana, Sal Franck
Ekselans, Mesye Premye Minis Ariel Henry
Ekselans, Madam Minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm, Doktè Sofia Loreus
Medam, Mesye, Reprezantan sosyete sivil la, fanm kou gason
Chè Kòlèg Chèf Ajans Nasyonzini yo
Medam Mesye ki nan laprès ekri, odyovizyèl ak anliy yo
Medam Mesye, nan ran ak grad nou chak
Nan okazyon Jounen Entènasyonal Fanm sa a, nou ap onore fanm ak tifi an Ayiti ak tout kote nan monn la.
Nan lide sa a, mwen vle salye plizyè milyon fanm ak tifi nan Ikrèn ki oblije deplase poutèt konfli ki genyen nan peyi sa a, epi di yo mwen solidè ak yo.
Kèlkanswa kote ki genyen konfli nan monn la, sa ekspoze fanm ak tifi sitou ak yon risk tout kalite vyolans pi grav, ak lamizè ki pa genyen parèy, jan kòlèg mwen nan ONU Femmes la di li a.
Tèm ki chwazi pou komemorasyon ane sa a nan nivo entènasyonal, ki se “egalite ant fanm ak gason pou yon demen miyò dirab”, ki ankouraje nou analize kontribisyon fanm ak tifi nan lit pou adaptasyon ak chanjman klimatik, voye nou reflechi sou karaktè miltisektoryèl ak miltidimansyonèl devlopman dirab la ni tou dwa fanm ak tifi yo genyen.
Tèm la raple nou tou se medam yo ki toujou premye sibi efè chanjman klimatik ak degradasyon anviwonman an.
Prezans Premye Minis Ariel Henry maten an akote Son Ekselans Madam Minis Sofia Loreus la bay nou yon bèl temwayaj angajman wo nivo pou egalite ant fanm ak gason ak otonomizasyon fanm an Ayiti.
Nasyonzini an Ayiti felisite Gouvènman ayisyen a, epi li renouvle sipò li pou jefò ki ap fèt pou objektif sa a tounen reyalite pou asire yon demen miyò dirab pou peyi a.
Mwen salye prezans reprezantan, fanm kou gason, òganizasyon fanm ak òganizasyon feminis ki pou pi fò ladan yo aktif sou teren a san ki lit pou egalite ant fanm ak gason ta va yon batay pèdi davans.
Mwen rejwi deske yo pwal resevwa rekonesans jounen jodi a, e mwen ankouraje yo rapouswiv aksyon yo, pandanstan m’ap asire yo tout ekip peyi Nasyonzini a pwal kontinye ba yo sipò.
Wout la long toujou devan nou; men se yon nouvo jou ki ap louvri ak fanm ayisyèn alatèt mouvman ki ap fèt pou chanjman.
Repons dirab pou adaptasyon ak rediksyon kriz klimatik ak anviwònmantal yo pa ka trete san estrateji pou korije disparite ak inegalite ant fanm ak gason.
Pou Nasyonzini an Ayiti, estrateji sa yo prevwa atake premye kòz inegaite yo ak diskriminasyon ki baze, pami lòt eleman, sou diferans ki fèt ant fanm ak gason, ki vle di fè pwomosyon patisipasyon aktif ak reyèl fanm ak gason epi, sitou, aji pou redwi inegalite ant fanm ak gason pa mwayen otonomizasyon fanm ak tifi.
Ekip peyi Nasyonzini a an Ayiti adopte de apwòch konplemantè pou egalite ant fanm ak gason ak otonomizasyon fanm.
Pou kòmanse, mete an avan pèspektiv transvèsal egalite ant fanm ak gason nan Pwogeram 2030 la ak 17 ODD li yo, nan dimansyon ekonomik, sosyal ak anviwònmantal li yo; lèfini, objektif endepandan egalite ant fanm ak gason ak otonomizasyon fanm ak tifi a (ODD 5).
Apwòch sa yo enspire tou nouvo Plan-kad Kowoperasyon Nasyonzini a pou 2023-2027. Kidonk, plan sa a, ki nan pwosesis fòmilasyon li pou koulye a, e ki pretann pote inovasyon ak pwomès siksè nan zafè Egalite ant fanm ak gason, pwal kontribye nan rive jwenn yon demen miyò dirab pou peyi a.
Kite mwen ba nou kèk ekzanp kontribisyon Nasyonzini an Ayiti prevwa nan pwochen nouvo kad kowoperasyon an:
- Nan zafè Gouvènans, Jistis ak Dwa Fanm, entèvansyon sistèm Nasyonzini a antann sitou fè pwomosyon plis lidèship ak patisipasyon medam yo, ni tou amelyorasyon kondisyon fanm prizonye ak aksè yo ak lajistis
- Sèl jan pou byen konprann prevansyon vyolans seksis e sitou vyolans kont fanm ak tifi, se pou gen etid ki fèt nan sektè sa a ak etablisman yon katografi sèvis ki disponib yo.
- Sou plan ekonomik la, Sistèm Nasyonzini a pral travay tou pou ranfòse otonomizasyon fanm pa mwayen ranfòsman kapasite fanm antreprenè yo, sitou nan zòn riral yo.
- Devlopman patenarya ak sektè prive a.
Ekselans Mesye Premye Minis, Chè Patnè, Zanmi Ayiti; Chè kòlèg Nasyonzini mwen yo,
Tablo kòlèg mwen nan ONU Femmes la trase pou nou a sou sitiyasyon fanm ak tifi an
Ayiti frape nou tout.
Nou dwe pou nou aji ansanm pou pwomouvwa Egalite ant fanm ak gason jodi a an Ayiti, konsa nou va asire yon demen miyò dirab pou nouvo jenerasyon yo.
Pou sa, kondisyon Nimewo 1 a se volonte politik pouvwa piblik yo, pou adopsyon tèks tankou kota 30% patisipasyon medam yo ak etablisman mezi nesesè tankou ogmantasyon bidjè Ministè ki reskonsab dwa fanm.
Jounen komemorasyon sa a, se tou okazyon pou Nasyonzini fè nou sonje Ajanda 2030 la ak 17 ODD li yo se sitou yon tèks ki baze sou dwa moun.
Tèks sa a montre angajman klè tout Eta Manm yo, pami yo Ayiti, pran pou garanti dwa moun, ladan yo dwa sosyal ak ekonomik, ki ka elimine lamizè sou tout fòm, kaba ak diskiriminasyon ak esklizyon, epi redwi inegalite ak vilnerabilite.
Politik Egalite Fanm/Gason ak Plan nasyonal rediksyon vyolans kont fanm se dokiman kle ki dwe pou oryante ODD yo an Ayiti.
Malerezman, pou koulye a plan sa yo pa genyen kont finansman; Nasyonzini ap lanse yon vibran apèl bay patnè teknik ak finansye yo pou konble defisit sa a.
Nan finisman entèvansyon mwen an, kite mwen di nou ankò Ekip peyi Nasyonzini a an Ayiti disponib pou kontinye sipòte gouvènman an ak pèp ayisyen a pou rive korije diferan fòm eksklizyon, kontrent estriktirèl ak inegalite kelkanswa jan yo manifeste a.
Ansanm, nou ka fè tande vwa fanm yo.