Pòtoprens, 30 oktòb 2025 –
Ekip peyi Nasyonzini an Ayiti a eksprime solidarite l ak pèp Ayisyen an ak lòt peyi nan Karayib yo, espesyalman Jamayik ak Kiba, epi prezante sensè kondoleyans li bay fanmi ki nan dèy apre ravaj ouragan Melisa fè pandan pasaj li.
An Ayiti, premye evalyasyon yo montre bilan an tèrib, kote gen pou pi piti 24 moun mouri, plizyè lòt blese epi gen lòt ki disparèt fanmi yo poko ka jwenn nouvèl yo, pami yo gen plizyè timoun. Otorite yo anrejistre tou dega materyèl ak agrikòl.
Ekip peyi Nasyonzini an Ayiti, nan kolaborasyon ak kowòdinasyon ak gouvènman Ayisyen an epi lòt patnè non etatik, rete mobilize pou apiye jefò k ap fèt pou pote repons ak asistans bay popilasyon ki plis afekte yo.
***FEN***