Malgre gwo tansyon ki genyen nan Pòtoprens, kapital Ayiti a, wout kontinye ap fèt pou èd imanitè a rive jwenn popilasyon ayisyen an ki ap sibi gwo tribilasyon anba men gang yo, se sa Biwo kowòdinasyon zafè imanitè nasyonzini an (OCHA) deklare lendi ki sot pase a.
Samdi pase, Fon Nasyonzini pou timoun yo (UNICEF) fè konnen, moun yo pa rive idantifye kase youn nan konntenè Òganizasyon an te genyen ladwàn Pòtoprens.Konntenè a te genyen ladann on seri materyèl ki enpòtan pou sante manman yo, sante neyonatal ak sante ti bebe. Pami materyèl sa yo te genyen reyanimatè ansanm ak ekipman pou devlopman ak edikasyon timoun piti ak veso pou pran dlo.
Yon konntenè kase.
Nan yon mesaj pou laprès ki te bay nan Nouyòk, pòtpawòl adjwen Sekretè jeneral la, Farhan Haq, fè konnen : «Kòlèg nou yo nan UNICEF kondane zak kote moun yo pa rive idantifye kase youn nan konntènè Òganizasyon an. Anpeche timoun jwenn medikaman ak pwodui ki fondamantal pou bay laswenyay nan yon sistèm sante ki fèb anpil, se yon vyolasyon dwa yo.
Adjwen Sekretè jeneral la eksplike, nan ladwàn pòtoprens, genyen plis pase 300 konntenè ki pou ajans Nasyonzini ak pou òganizasyon nongouvènmantal yo, chita pale ap rapousiv ak otorite ladwàn yo ansanm ak otorite nan Leta a pou mete konntenè sila yo an sekirite.
Zak sila yo pa t anpeche Pwogram alimantè mondyal (PAM) distribiye , nan kòmansman mwa mas la, 115,000 plat manje bay moun nan kapital la ki te oblije kite lakay yo.
Nan sa ki konsène laswenyay, Lopital Inivèsitè Lapè, sèl lopital piblik nan Pòtoprens ki genyen mwayen pou trete twomatis, kontinye ap fonksyone ak sipò Òganizasyon panamerikèn lasante (OPS) ak Òganizasyon mondyal lasante (OMS). Lopital la aktive plan ijans nan sitiyasyon kriz li a dekwa pou li kapab ogmante kapasite l pou li resevwa plis pasyan.
Moun ap kouri kite kapital la.
Nan sa ki konsène moun ki ap deplase yo, Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon (OIM) deklare nan rezilta yon ankèt li fèk fè, non sèlman atak yo ak klima ensekirite a ap fè moun ki anndan kapital la chèche lòt zòn nan Pòtoprens pou yo rete men, mete sou sa, sitiyasyon sa a fè anpil moun kouri kite kapital la pou yo ale nan pwovens pandan y ap riske lavi yo pou yo pase nan zòn gang yo ap kontwole yo.
Soti 8 pou rive 14 mas, OIM deklare genyen anviwon 17.000 moun ki kite kapital la.Plis pase mwatye nan yo pran wout depatman ki nan Gran Sid yo. Zòn sa a deja resevwa plis pase 116.000 moun ki kouri kite kapital la nan dènye mwa sa yo.
Atik sa a te pibliye nan nouvèl Nasyonzini.