Pòtoprens
Yon ofisye nan lamarin k ap travay pou Pwogram Alimantè Mondyal an Ayiti esplike poukisa li vin pi mal pou yo fè livrezon èd imanitè a pa bato.
Kapitèn Madeleine Habib, ki soti Ostrali, te pale de eksperyans li nan okazyon Jounen mondyal èd imanitè a, ki fèt chak ane nan dat 19 dawout, kote tèm pou ane sa a se "Se tout moun ki pou met men".
"Mwen se responsab transpò maritim pou Pwogram alimantè mondyal an Ayiti. Se mwen k ap jere sèvis transpò pa bato a nan lide pou tranzit byen imanitè ki esansyèl yo, ki prale nan nò ak nan sid peyi a, ka fèt an sekirite", se sa li esplike.
Li nesesè pou gen yon altènativ maritim paske gang yo kontinye ap gen plis kontwòl sou wout pou w pase yo lè w ap kite kapital la. Sitiyasyon sa a anpeche popilasyon ayisyen an ak aktè imanitè yo gen libète mouvman yo ni nan kapital la ni lè yo pa nan kapital la.
Sitiyasyon sa a gen gwo konsekans sou revni popilasyon an ak sou aplikasyon pwojè imanitè ak pwojè devlopman ki ta dwe soutni kominote a.
Lejann: Farmers in the south of the country are struggling to get their goods to markets.
Sa a espesyalman vre sitou pou popilasyon ki nan gran sid la ki kontinye ap soufri akoz enpak mwa dayou out 2021 an.
Yon ane apre katastwòf la, mwen itilize vwa m pou plizyè milye moun ki toujou ap lite pou yo leve kanpe epi ki pa ka rekonstwi lavi yo paske ensekirite k ap grandi nan Pòtoprens la kraze tout previzyon ekonomik yo.
Kiltivatè yo ki nan zòn andeyò nan sid la pa ka al vann pwodui yo nan mache yo epi sa aji sou mwayen yo genyen pou yo viv.
Se tout moun nan kominote a ki pou met men epi lojistik la sipoze yon pati esansyèl nan kominote sa a. Nou gendwa pa devan, men rezo kamyon, bato ak avyon nou an pèmèt nou fè èd imanitè ki esansyèl yo rive jwenn benefisyè nou yo.
Nou dwe kontinye transpòte èd imanitè bay popilasyon vilnerab sa yo.