Yon maten nan yon sant tretman kolera
Yo rapòte 9 317 ka sispèk kolera nan peyi Dayiti. Plis pase mwatye nan yo gen mwens pase 14 lane.
Antre a bay sou yon gwo sal, kote gen yon santèn ti kabann ak chèz. Tout gen moun sou yo. Sant tretman gwo dyare (Centre de Traitement de Diarrhées Aigües, CTDA) ki nan Gheskio (Groupe Haïtien d’Étude du Sarcome de Kaposi et des Infections Opportunistes) ki anba lavil la, resevwa yon dizèn gason, fanm ak timoun pa jou depi apre li relouvri pòt li, sa gen apèn yon mwa.
"Sant sa a te fèmen depi nan fen dènye epidemi kolera an Ayiti a. Pou kounye a, nou apèn relouvri l pou n ka fè fas ak kriz sa a" se sa Marie Marcelle Deschamps, Direktris adjwen Gheskio a di.
2 oktòb ki sot pase a, gouvènman ayisyen an te deklare nouvo aparisyon kolera a an Ayiti apre twa lane san yo pa t sinyale okenn ka, sa ki menase byennèt ak sante 1,2 milyon timoun k ap viv nan vil Pòtoprens, kapital peyi D Ayiti. Epidemi an te premye parèt nan Site Solèy, youn nan katye ki plis nan bezwen an Ayiti, pandan peyi a ap fè fas ak gwo afwontman ant gang ak zam ak gwo manifestasyon kont lavi chè, depi nan mitan mwa septanm nan.
Nan dat 15 Novanm la, Ministè Sante ak Popilasyon an (MSPP) te siyale 807 ka pozitif ki konfime, 9317 ka yo sispèk ak 57 ka lanmò nan etablisman sante yo. Yo rapòte ka sa yo nan plizyè komin nan depatman Lwès la tankou Pòtoprens, Site Solèy, Dèlma, Petyonvil ak Kwadèboukè epi nan Mibalè nan depatman Sant lan.
Kolera plis mete lavi timoun ki mal nouri yo an danje
Doktè Deschamps ap prezante defi sant lan bay Bruno Maes, Reprezantan UNICEF an Ayiti, pandan y ap mache nan koulwa yo pou yo pale ak pasyan yo. Yon mo rekonfò ak yon ti mo dous pasi pala pou yo pa abandone. Anpil manman kontinye ap debake nan gwo sal la, pitit yo sou lestomak yo. Sant lan twouve l pa twò lwen plizyè katye defavorize tankou Matisan, Kafou Fèy ak Site Solèy, kote afwontman ant gang ak zam fin ravaje epi kote lamizè ak malnitrisyon ap taye banda. Maes fè nou remake "Pifò pasyan yo se timoun epi yo tout malnouri. Si yo gen dyare epi si y ap vomi akoz kolera a, lavi yo an danje”. Plis pase mwatye nan moun ki devlope sentom kolera yo gen mwens pase 14 lane, epi timoun ki gen ant youn ak kat lane yo se yo ki pi grav.
Dapre dènye done ki disponib sou malnitrisyon nan vil Site Solèy, ki anrejistre premye ka kolera nan peyi a, yon timoun sou senk ki pa ko gen senk lane soufri malnitrisyon grav oswa modere. Akoz mank sèvis debaz yo nan katye defavorize sa yo, nou pè pou anpil timoun pa mouri nan vag kolera sa a.
UNICEF te sipòte Gheskio ak medikaman ak materyèl medikal epi ak ekipman pwoteksyon pèsonèl tankou gan, blouz ak mask. Gheskio gen kapasite pou l pwodui 300 lit dlo ki trete ak klò pa jou. Men, defi yo ap pèsiste epi gen anpil chans pou yo fè ladènye sou sant la nan jou kap vini yo. “Nou gen gwo pwoblèm pou nou jwenn gaz ak pou nou rekrite nouvo ajan. Pou tout kantite moun n ap resevwa chak jou, nou gen sèlman uit ajan. Nou debòbe. "Dam sa pase nwit la isit la epi li tou kontinye pase jounen an", se konsa Doktè Deschamps ap esplike, pandan l ap lonje dwèt sou yon enfimyè ki gen yon blouz ble, kote tout fatig yon nwit san dòmi make aklè nan figi l.
Kolera ka gaye tankou dife nan kann
Nan lakou a, nan antre batiman an, yo te fè yon reyinyon kowòdinasyon byen rapid pou yo te kapab rezoud pwoblèm gaz la. "Taz, nou bezwen 3 000 galon gaz nan Gheskio," se sa Maes te di Chèf Sèvis Ijans lan Dorica Tasuzgika Phiri nan telefòn. "Li t ap pi bon pou yo vin ba nou gaz la dirèkteman," se sa li te ajoute, paske gaz la toujou difisil pou jwenn depi lè gwoup gang ak zam te bloke aksè pou ale nan pò prensipal kapital peyi a. Taz ak Doktè Deschamps kontinye pale sou fason ki pi an sekirite pou bay gaz la.
Gheskio planifye tou pou l bay plizyè ajan sante kominotè travay ki kapab ale kay fanmi yo epi aprann yo kijan pou yo prepare sewòm oral pou yo bay pasyan yo depi nan premye èdtan yo. Anpil pasyan rive nan sant la tou dezidrate epi yo riske mouri si yo pa trete yo an ijans. "Kolera ka gaye tankou dife nan kann byen fasil nan tout peyi a si moun yo kontinye pa gen aksè oswa gen yon aksè limite pou yo jwenn sèvis sante, dlo ak sèvis ijyèn debaz yo akoz ensekirite a." , se sa Maes di. "Pou redui risk pou gen yon gwo epidemi, enkyetid ki pi ijan nou genyen an se pa sèlman achte epi distribye dlo potab, klò ak savon, men se jwenn mwayen pou nou rive jwenn fanmi ki pi pòv ki nan zòn gang yo kontwole yo".
UNICEF te bay patnè li Médecins du Monde (MDM) Ajantin, Centre Hospitalier Fontaine, Médecins San Frontières (MSF), Depatman Sante Lwès (DSO) ak Gheskio, divès kalite pwovizyon ki gen ladann: senk tank ki kapab sere 40,000 lit dlo pou bwè, 2,500 woulo papye twalèt, 13,000 savon lesiv ak savon twalèt, 1,700 galon plastik, 2,800 sèvyèt sanitè, 20 pake pou teste klò ak 4,700 pake ki gen yo chak 50 tablèt pou pirifye dlo.
Nan fen ane 2021, UNICEF te lanse yon apèl $97 milyon dola ameriken pou rive sèvi 950,000 moun, ladan yo 520,000 timoun an Ayiti ak asistans imanitè. Jiska dat, UNICEF te resevwa sèlman yon tyè nan fon sa yo.