Ann Mete kominote yo Devan Poun ka Gen Batay pou KWAPE SIDA a an Ayiti
1 dsanm 2023
Communiqué de presse conjoint du système de l'ONU en Haiti
Pòtoprens, premye Desanm 2023 - Nan okazyon Jounen Mondyal SIDA, selebre premye desanm, ONUSIDA ap lanse yon apèl an aksyon pou ranfòse lidèchip kominotè an Ayiti, yon eleman enpòtan pou mete fen ak pandemi an nan lane 2030.
Ane sa a, Jounen Mondyal SIDA a ap selebre anba tèm "KOMINOTE YO DEVAN NAN BATAY POU KWAPE SIDA". Nouvo rapò ONISIDA nan okasyon an fè konprann ke objektif 2030 la ki vle mete fen ak SIDA kòm yon menas sante piblik sèlman posib si kominote yo ki toujou devan nan konba sa a jwenn bon jan sipò nan men gouvènman an ak donatè yo.
Ak yon to 1.7% pami moun ki gen ant 15 ak 49 ane kap viv ak viris sida a an 2022, Ayiti fè gwo pwogrè ant 2010 ak 2022.Pousantaj moun ki fèk trape viris la diminye de 21%, e lanmò ki gen rapò sida redwi a 75%. Travay san pran souf òganizasyon ak asosyasyon kominotè yo men nan men ak travayè sosyal yo ak aktivis kap batay kont stigmatizasyon ak diskriminasyon ki fasilite viris la taye banda nan peyi a.
Sistèm Nasyonzini an Ayiti plede pou yon sipò san parèy ak gwoup moun kap viv ak viris sida a oubyen ki rapwoche de yo, e ki bay tout yo menm pou kwape viris la. Nan sans sa a Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an Ayiti, Maria Isabel Salvador, deklare “Se gras ak angajman yo n ap kapab elimine menas SIDA reprezante pou sosyete a. Elimine inegalite yo gen menm enpotans pou chanje lavi moun k ap viv ak viris sida a ak lòt moun ki pi mal nan sosyete a. ",
“Òganizasyon kominotè yo se kolòn vètebral repons VIH la. Ba yo bon jan sipò enpòtan anpil pou elimine pandemi SIDA a ak reyalize Objektif Devlopman Dirab yo,” dapre Ulrika Richardson, Kowòdonatris Rezidan Sistèm Nasyonzini an Ayiti. Li te pwofite mete aksan sou wòl enpòtan la sante genyen nan devlopman Ayiti.
Pou rekonèt 20yèm anivèsè Plan Ijans Prezidan Prezidan Etazini pou lite kont viris SIDA nan mond la – PEPFAR –, Doktè Christian Mouala, Direktè Peyi ONUSIDA an Ayiti, mete aksan sou enpotans PEPFAR ki se yon patnè kle pou Ayiti, e k ap travay chak jou atravè patenarya solid. Li dekare, « Nou ap selebre kolaborasyon sa a epi mande pou nou kontinye ranfòse l nan lide poun atenn objektif nou gen ansanm yo »
Depi premye komemorasyon Jounen Entènasyonal SIDA an 1988 pa Asanble Jeneral Nasyonzini an, premye desanm senbolize yon jou refleksyon mondyal, evalyasyon pwogrè ak reyajisteman estratejik nan batay kwape SIDA. Gwo objektif 95-95-95 te fikse pou 2025 yo, mete aksan sou enpòtans ke chak moun kap viv ak viris SIDA a konn sa, epi pou yo kapab jwenn trètman antiretwoviral san diskriminasyon ak stigmatizasyon e pou nivo viris la vin ba nan kò yo yon fason poul pa detektab e pou yo paka transmèt li bay lòt moun.
Tout Sistèm Nasyonzini an Ayiti pou yon rekonesans ofisyèlman wòl ak angajman kominote yo nan lit kont SIDA. Poutèt sa, li mande pou sa tradwi nan plan, pwogram ak bidjè tout entèvansyon sou SIDA. Pou gen batay kont SIDA a fòk barikad ki anpeche patisipasyon tout tip kominote yo nan lit la tonbe. Tip esklizyon sa yo ak yon ansanm estereyotip lokal kreye espas pou viris la vale tèren. Nou dwe pwofite ekspètiz tout kominote yo pou akselere batay kwape SIDA nan yon lide pou atenn objektif 2025 ak 2030 yo.
*****
En savoir plus sur la Journée mondiale 2023 (ONUSIDA)
Pou plis enfòmasyon, tanpri kontakte:
Wegbert Chery, Konseye Egalite ak Dwa tout Group Moun (ERA) nan ONISIDA en Haïti ; Nimewo telefòn : +509 46512125; Imel : cheryw@unaids.org
Igor Rugwiza, Manadjè Kominikasyon pou Biwo Koòdonatris Rezidan an; Nimewo telefòn : +509 48084749 ; Imel : rugwiza@un.org
Béatrice Nibogora, Manadjè Kominikasyon Biwo Integre Nasyonzini an Ayiti; Nimewo telefòn : +509 36537043 ; Imel : nibogorab@un.org