Pwoteksyon kont eksplwatasyon ak abi seksyèl (PEAS)

Klike la pou rapòte yon ka eksplwatasyon ak abi seksyèl (EAS)

Ou ka telechaje fòmilè plent konfidansyèl Nasyonzini an isit la. Depi w fin ranpli l, tanpri, voye l pa imel nan adrès sa a : pseacoord.haiti@un.org

Si ou gen lòt kesyon oswa si ou bezwen èd pou w depoze plent ou a, tanpri ekri adrès sa a : pseacoord.haiti@un.org   

Liy vèt gratis : 8811. Disponib, an kreyòl ak fransè, lendi pou rive vandredi soti 8tè nan maten pou rive 10zè nan aswè, ak nan wikenn (samdi ak dimanch) soti 8è nan maten pou rive 4è nan apremidi.

Kisa eksplwatasyon ak abi seksyèl la ye ? (EAS) ?

Eksplwatasyon seksyèl defini kòm nenpòt abi ki fèt oswa tantativ pou fè abi sou yon moun ki nan pozisyon vilnerab, kote gen diferans pouvwa, oswa ki nan yon pozisyon konfyans pou rezon seksyèl. Li gen ladan l, san li pa limite ak sa sèlman, lè yon moun fè pwofi finansye, sosyal ak politik nan eksplwatasyon seksyèl ki fèt sou yon lòt moun. 

Abi seksyèl se domaj fizik ki gen yon nati seksyèl, li kapab reyèl oswa yon menas ki fèt pa fòs oswa nan kondisyon ki pa egal oswa sou kontrent.

Pwoteksyon kont eksplwatasyon ak abi seksyèl (PEAS) se yon angajman fondalnatal Sekretè Jeneral Nasyonzini ak Komite Pèmanan Entè Ajans (IASC) lan, jan sa endike nan sis prensip fondalnatal IASC sou eksplwatasyon ak abi seksyèl ak nan Bilten Sekretè Jeneral Nasyonzini an sou "Mezi espesyal pou prevansyon eksplwatasyon ak abi seksyèl (PEAS)" (ST/SGB/2003/13).

Ki diferans ki genyen ant eksplwatasyon ak abi seksyèl (EAS) avèk asèlman seksyèl (AS) ?

EAS ak AS, toulède se vyolasyon dwa moun ki chita sou diskriminasyon sèks. Pou fè distenksyon ant yo, Nasyonzini itilize tèm « eksplwatasyon ak abi seksyèl » (EAS) nan ka kote se yon manm pèsonèl oswa patnè Nasyonzini, yon travayè imanitè oswa devlopman ki pwodui aksyon an kont yon benefisyè oswa kont yon manm kominote a. Nasyonzini itilize tèm « asèlman seksyèl » (AS) lè li rive ant manm pèsonèl nan menm òganizasyon an epi li enplike nenpòt avans seksyèl endezirab oswa konpòtman vèbal oswa fizik endezirab ki gen nati seksyèl.

Pou rapòte yon ka asèlman seksyèl nan òganizasyon w lan, ou ka kontakte biwo resous imèn enstitisyon w lan, oswa ale sou sit entènèt ajans konsène a. 

Nan ki sikonstans gen ka Eksplwatasyon ak Abi Seksyèl (AES) ?

Eksplwatasyon ak Abi Seksyèl (EAS) pa pèsonèl Nasyonzini oswa patnè yo ka rive nan yon pakèt sikonstans, souvan ki enplike yon dezekilib pouvwa enpòtan ant pèsonèl an kesyon an avèk popilasyon ki afekte yo.

Ka sa yo ka rive, pa egzanp, lè ajans Nasyonzini yo oswa patnè yo fè aktivite nan kominote yo epi yo mande favè seksyèl, swa dirèkteman an echanj byen ak sèvis esansyèl (tankou manje, abri ak swen medikal) oswa endirèkteman, nan kontèks kote dinamik pouvwa ant pèsonèl ki enplike yo ak manm kominote a patikilyèman make. Èd imanitè gratis e okenn travayè pa gen dwa mande oswa aksepte favè, ki genlandan l favè seksyèl, an echanj èd sila a. Ka EAS ka rive tou lè pèsonèl oswa patnè Nasyonzini yo eksplwate bezwen travay popilasyon lokal yo nan mande yo favè seksyèl an echanj opòtinite travay, patisipasyon yo nan apèl pou manifestasyon enterè, fòmasyon, oubyen tou sèvis kredi, pami anpil lòt ankò.

Relasyon seksyèl avèk minè ki poko gen laj 18 tan, kèlkeswa laj konsantman seksyèl yo defini nan peyi k ap akeyi a, entèdi pou pèsonèl Nasyonzini yo epi yo reprezante eksplwatasyon ak abi seksyèl.* Achte sèvis seksyèl nan men pwostitiye, fi kou gason, menm si pwostitisyon legal nan peyi ki resevwa yo a, sa entèdi pou manm pèsonèl Nasyonzini yo epi li reprezante tou ka eksplwatasyon ak abi seksyèl.

*Li entèdi pou pèsonèl Nasyonzini yo gen relasyon seksyèl ak minè ki poko gen 18 tan, kèlkeswa laj majorite seksyèl ki tabli nan peyi ki resevwa yo a. 

Kisa politik Zewo Tolerans lan ye?

Nasyonzini respekte yon politik zewo tolerans sou eksplwatasyon ak abi seksyèl (EAS), ki vle di li pran yon pozisyon fèm kont nenpòt akizasyon sou eksplwatasyon ak abi seksyèl pèsonèl li yo ta komèt, e l ap byen mennen ankèt sou tout akizasyon sa yo epi pran mezi apwopriye kont moun ki responsab zak sa yo. Politik sa a chita sou prensip responsablite, transparans ak pwoteksyon viktim yo.

Pèsonèl Nasyonzini ak lòt òganizasyon imanitè ak devlopman yo gen obligasyon pou rapòte ka EAS yo sispèk oswa yo konnen epi kolabore ak nenpòt ankèt ki gen bonjan otorizasyon. Plent yo dwe depoze ak bon entansyon; Li entèdi pou fè espre fè fo akizasyon.

Sou kilès politik Zewo Tolerans lan aplike ? 

Politik zewo tolerans kont EAS aplike a tout manm pèsonèl Sekretarya Nasyonzini an oswa nenpòt òganizasyon nan Sistèm Nasyonzini (SNU), Volontè Nasyonzini yo, konsiltan, moun ki deplwaye nan yon òganizasyon SNU, kèlkeswa metòd deplwaman an. Sa gen ladan l akò ki genyen avèk pèsonèl ranplasan oswa sou prè ranbousab, estajyè, moun ki deplwaye atravè yon ajans, ansanm ak fòs militè entènasyonal oswa rejyonal k ap travay nan kad yon misyon mentyen lapè Nasyonzini oswa anba yon manda Nasyonzini oswa ki asosye ak yon manda.

Li aplike tou pou patnè teknik ak finansye ajans Nasyonzini yo. Sila yo se enstitisyon kote yon biwo oswa yon antite nan Nasyonzini konfye yo responsablite pou reyalize yon pwogram ak/oswa pwojè espesifik nan yon dokiman ki siyen. Enstitisyon sa yo gen responsablite ak obligasyon pou yo bay rapò sou kijan yo itilize resous ak founi rezilta avèk efikasite. Patnè yo ka gen ladan yo - men se pa sa yo sèlman-:

  • Enstitisyon gouvènmantal yo;
  • Òganizasyon Entègouvènmantal yo;
  • Òganizasyon sosyete sivil, ki gen ladan òganizasyon nongouvènmantal yo (ONG);
  • Soutretan patnè teknik ak finansye Nasyonzini yo.

Ki moun ki kapab sèvi avèk fòmilè entèajans Nasyonzini an Ayiti pou l depoze yon plent? 

Nenpòt moun ki idantifye tèt li kòm yon viktim oswa ki temwen yon ka kote yon pèsonèl Nasyonizi, patnè Nasyonzini yo, oswa yon travayè imanitè oswa devlopman an Ayiti komèt yon EAS.

Nenpòt moun ki gen enfòmasyon sou yon ka EAS ki enplike pèsonèl Nasyonzini, patnè Nasyonzini yo, oswa yon travayè imanitè oswa devlopman an Ayiti.

Èske gen lòt fason ki egziste pou rapòte yon ka EAS?

Gen plizyè fason ki disponib pou rapòte eksplwatasyon ak abi seksyèl: 

  • Fòmilè plent la disponib isit la
  • Liy vèt gratis 8811, ki disponib an kreyòl ak franse, lendi pou rive vandredi soti 8tè nan maten pou rive 10zè nan aswè ak nan wikenn (samdi ak dimanch) soti 8è nan maten pou rive 4è nan aprèmidi.
  • Biwo ajans Nasyonzini an Ayiti ki konsène pa akizasyon an, gade lis la isit la
  • Biwo santralize jesyon plent òganizasyon Nasyonzini oswa patnè yo. Klike isit la pou jwenn lis lyen ki disponib yo. 
  • Kowòdonatè PSEA an Ayiti: pseacoord.haiti@un.org 
  • Si w pa konnen nan ki antite moun ou sispèk ki fè aksyon an ap travay, ou ka kontakte Biwo Sèvis Sipèvizyon Entèn Nasyonzini (OIOS). Klike isit la pou antre nan platfòm nan sou entènèt.

Eske li posib pou moun nan fè yon rapò anonim ? 

Ou gen posiblite pou rapòte yon ka EAS sou anonima, san ou pa revele idantite w oswa san w pa bay okenn enfòmasyon ki ka idantifye w. Si w chwazi rete anonim, tanpri bay tout detay ou genyen yo epi konsidere bay enfòmasyon kontak – pa egzanp yon adrès imel ki sèvi ak yon fo non ki pèmèt ou rete anonim.

Enfòmasyon yo resevwa yo pral trete avèk anpil konfidansyalite. Y ap pataje enfòmasyon konfidansyèl yo sèlman si plenyan/viktim nan bay konsantman l sou baz bonjan enfòmasyon epi se ap sèlman si sa nesesè pou rezon ankèt la avèk pou bay plenyan/viktim nan sipò pwofesyonèl ki ta nesesè.

Èske mwen pwoteje kont vanjans? 

Vanjans vle di nenpòt aksyon danjere, dirèk oswa endirèk, kont yon moun ki te dokimante move konduit oswa kolabore nan odit oswa envestigasyon ki te jwenn bonjan otorizazyon.

Nan Nasyonzini ak nan anpil lòt òganizasyon, vanjans reprezante yon move konduit ki kapab jwenn sanksyon, si yo ta revele se sa li ye. Pou plis enfòmasyon oswa pou rapòte yon vanjans, tanpri kontakte Biwo Etik la oswa pwen fokal òganizasyon Nasyonzini yo oubyen patnè li yo. Pèsonèl Nasyonzini yo kapab rapòte vanjans tou bay Biwo Etik Nasyonzini yo lè yo klike isit la.

Ki repons ak asistans yo prevwa bay pou rapò sou ka EAS yo?

Lè akizasyon move kondwit kont pèsonèl Nasyonzini yo rive konfime apre yon ankèt, yo rann pèsonèl la responsab zak sila a epi li sipoze sibi sanksyon ki koresponn ak gravite fot li an. Sa ka varye soti nan yon lèt blam pou rive nan revokasyon l. Nan ka kote reyalite yo ta reprezante yon zak kriminèl, Nasyonzini kapab mande Leta kote pèsonèl la soti a pou fè pousuit penal kont li.

Ekip Peyi Nasyonzini an Ayiti responsab pou mete an aplikasyon Pwotokòl Nasyonzini pou swen viktim eksplwatasyon ak abi seksyèl, ki vize asire tout moun ki viktim eksplwatasyon ak abi seksyèl yo jwenn swen ak
sipò selon bezwen yo. Swen ak sipò pou viktim EAS yo baze sou sèvis ak pwogram ki deja egziste, tankou sistèm oryantasyon ak sikui referansman ki etabli nan peyi a.