Press Release

Ajans Nasyonzini yo pote èd imanitè dirèkteman bay moun ki viktim nan zak vyolans nan Site Solèy 

06 September 2022

Pòtoprens, Ayiti, 25 jiyè 2022: Aprè monte zak vyolans yo k ap vale teren nan peyi a, ajans imanitè Nasyonzini yo kòmanse bay popilasyon yo èd imanitè dirèkteman nan komin Site Solèy ak nan kèk lòt katye ki nan Pòtoprens.

 

Livrezon yo te kòmanse madi 19 jiyè a epi yo te gen ladan yo atik premye swen, tankou:

  • 1400 kit ki te genyen ladan yo atik pou ijyèn ak atik pou bebe, prela, galon pou met dlo, dra, lanp solèy ak atik pou reparasyon kay. Se Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (Organisation Internationale pour les Migrations, OIM) ki te bay èd sa a.
  • 312 000 lit dlo potab, sa ki ka reponn a bezwen 20 000 moun pandan de jou, ak 300 kit ijyèn pou 1 500 moun. 780 timoun tou pa mwayen aktivite sikososyal, epi 110 nan yo te resevwa swen medikal atravè klinik mobil yo. Se Fon Nasyonzini pou Timoun yo (UNICEF) ki te bay èd sa a.
  • Pwogram Alimantè Mondyal (PAM) te distribye manje, an patikilye, diri, pwa ak luil, ki ka bay 7 000 moun manje pandan yon semèn.

Kowòdonatris Imanitè Nasyonzini an Ayiti, Ulrika Richardson, pi gwo responsab imanitè òganizasyon an nan peyi a, te deklare: "Bezwen imanitè nan Site Solèy yo anpil epi yo vin pi plis akoz lamizè, mank sèvis debaz yo, an patikilye sekirite, epi zak vyolans yo ki vin pi plis tou nan dènye jou yo. Òganizasyon Nasyonzini an angaje l pou l kontinye pote èd bay timoun yo, bay fanm ak gason ki pi vilnerab ki nan bezwen yo, an akò ak prensip imanitè, epi san fòs sou kote."

Pwoteksyon se pi gwo sousi a. Daprè Nasyonzini, ant 8 ak 17 jiyè 2022, se plis pase 471 moun yo touye, ki blese oswa ki disparèt. Yo te sinyale tou gwo ka vyolans seksyèl ki fèt sou fanm ak tifi, ak tout ti gason yo fè antre nan gang. Anviwon 3 000 moun te sove kite kay yo, pami yo plizyè santèn timoun ki te poukont yo, tandiske gen 140 kay pou pi piti yo detwi oswa boule. Mwayen pou jwenn swen sante yo limite oswa yo pa egziste, anpil sant sante fèmen epi li difisil pou pèsonèl medikal ale nan zòn nan, tandiske manke manje ak dlo. 

"Ajans imanitè Òganizasyon Nasyonzini yo pote èd nan menm moman an nan site solèy", se sa Ulrika Richardson, Kowòdonatris Imanitè a, te deklare, "men fòk yo jwenn yon apwòch ki pi dirab epi ki pran ankont tout bagay alafwa pou devlopmantoutbon nan zòn ki afekte yo, ki gen yon gwo potansyèl moun ladan yo, pou nou ka reponn a bezwen ki pa satisfè yo, an patikilye nan sa ki gen pou wè ak pwoteksyon epi pou abitan yo ka retounen viv kòmsadwa.".

Òganizasyon Nasyonzini te pote asistans dirèk bay moun ki pi vilnerab yo sou baz evaliyasyon bezwen OIM, UNICEF ak PAM te kowòdone epi te fè ansanm nan Site Solèy. Li travay ak Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil (Direction Générale de la Protection Civile, DGPC), ak Ofis Pwoteksyon Sitwayen (Office de la Protection du Citoyen, OPC), ak Fon Asistans Ekonomik ak Sosyal (Fonds d'Assistance Economique et Sociale, FAES), ak lòt ajans lokal ak ajans gouvènman yo ansanm ak lòt aktè pou yo ka pote yon repons ki pi konplè pou kominote vilnerab yo.

Site Solèy, ki gen yon popilasyon ki estime a 300 000 moun anviwon, se youn nan katye ki pi defavorize nan Pòtoprens ki bezwen èd imanitè ak devlopman li nesesite ki te deja anpil  menm anvan vag vyolans l ap fè fas kounya a.

Kowòdonatris Imanitè a mande tout gwoup yo pou yo mete yon bout nan vyolans kriminèl yo epi pou yo rete angaje pou kenbe yon koulwa imanitè ouvè nan Site Solèy pou pèmèt èd imanitè ak èd medikal ijans yo pase al jwenn popilasyon ki nan bezwen yo san pwoblèm.

 

---FEN---

Pou plis enfòmasyon, tanpri kontakte 

Daniel Dickinson, Biwo Kowòdonatris Imanitè a dickinsond@un.org







 

Jean-Martin Bauer

Jean-Martin Bauer

WFP
Country Director
Ndiaga Seck UNICEF

Ndiaga Seck

UNICEF
Chief of communications

UN entities involved in this initiative

OIM
ÒganizsyonEntènasyonal pou Migrasyon
OCHA
Biwo Nasyonzini pour kowòdinasyon Afè Imanitè
RCO
Biwo Kowòdonatè Rezidan Nasyonsini a
UNICEF
Fon Nasyonzini pou Timoun

Goals we are supporting through this initiative