Press Release

Rekonstriksyon nan zòn sid kote tranblemanntè a te ravaje a dwe akselere

06 September 2022

Pòtoprens, Ayiti, 17 dawout 2022: Rekonstriksyon ak redrèsman nan zòn sid peyi Dayiti, yon tranblemanntè te devaste nan mwa dawout ane pase, dwe akselere daprè Kowòdonatris imanitè Nasyonzini an, pi gwo responsab imanitè òganizasyon an nan peyi a.  

Pandan l te pran lapawòl nan fen yon misyon ak lòt enstans Nasyonzini yo ki te dire de jou nan sid peyi a, Ulrika Richardson te rann omaj bay moun ki te pèdi lavi yo pandan l t ap ankouraje pou yo fè plis travay pou sipòte plan entegre pou rekonstriksyon ak redrèsman gouvènman an genyen pou zòn sid la, yo konnen sou non PRIPS, pou pèmèt tranzisyon èd imanitè ki nesesè pou rekonstriksyon ak redrèsman sa a fèt.

"Rekonstriksyon ak redrèsman gran sid Ayiti a dwe akselere pou pèmèt popilasyon an gen aksè total pou jwenn kay pou yo rete ak lòt sèvis sosyal epi pou revitalize ekonomi lokal la," se sa Madam Richardson te deklare. “Gouvènman an te bati yon plan senk lane pou rekonstriksyon ak redrèsman, PRIPS, nan mwa fevriye ane sa a. Kounye a yo dwe aplike plan sa a nan nivo lokal. Òganizasyon Nasyonzini an ap kontinye angaje l ak patnè teknik ak finansye yo pou sipòte efò sa yo. " 

"Plan sa a ta dwe tou ranfòse rezilyans pou pwochen chòk yo ak pou ensekirite alimantè k ap grandi yo," se sa a li te ajoute "alòske sitiyasyon ekonomik lan ap kontinye detèryore epi menase mwayen popilasyon an ki prensipalman ap viv andeyò a genyen pou yo viv la. "

Madam Richardson te ajoute nan kad pwosesis redrèsman an, ouvèti wout kominikasyon ant kapital la, Pòtoprens, ak sid la, ki bloke kounye a akoz ensekirite a, se yon bagay esansyèl, pou "moun yo, materyèl yo ak komès yo ka sikile nan tou de sans yo, konsa y ap sipòte mwayen moun k ap viv nan sid la genyen pou yo viv pi devan epi sa ap sipòte pwosperite yo tou. " 

Anviwon 2 250 moun te mouri epi anviwon 12 800 te blese nan tranblemanntè ki te frape gran sid peyi Dayiti a 14 dawout 2021 an. Plizyè milye kay, lekòl ak lopital, ansanm ak enfrastrikti kle tankou wout ak pon, te andomaje oswa detwi.

Nan 500 000 moun gouvènman an te vize yo gras ak sipò Òganizasyon Nasyonzini ak patnè lokal yo, omwen 484 000, swa apeprè 97%, te resevwa yon fòm asistans. Yon lane apre tranblemanntè a, laplipa nan 35 000 moun ki te deplase yo te al rete yon lòt kote oswa yo te retounen lakay yo epi majorite nan 340 000 timoun edikasyon yo te kanpe yo te retounen lekòl, menm si anpil nan yo p ap etidye nan bon kondisyon.

---FEN---

Pou plis enfòmasyon, tanpri kontake 

Daniel Dickinson, Biwo Kowòdonatris imanitè a: dickinsond@un.org





 

UN entities involved in this initiative

RCO
Biwo Kowòdonatè Rezidan Nasyonsini a

Goals we are supporting through this initiative