Pwosesis validasyon Pwogram Nasyonal pou Estabilizasyon ak Relans Ekonomik, Sosyal ak Teritoryal-PNSREST la ap vanse
28 septanm 2026
Kominike konjwen - Ministè Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn - NasyonZini
Pòtoprens, 28 septanm 2026 – Ministè Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn (MPCE) te òganize, lendi sa a, yon atelye pou egzamine ak valide oryantasyon estratejik Pwogram Nasyonal pou Estabilizasyon ak Relans Ekonomik, Sosyal ak Teritoryal (PNSREST) 2026-2030, anba prezidans Doktè Sandra PAULEMON, Minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn.
Minis Ekonomi ak Finans lan, Mesye Serge Gabriel Colin; Minis Komès ak Endistri a, Mesye James Monazard; Minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm yo, Madam Pedrica Saint-Jean; Minis Agrikilti, Resous Natirèl ak Devlòpman Riral, Mesye Marcelin Aubourg; Minis Afè Sosyal ak Travay la, Mesye Marc-Elie Nelson; Kowòdonatris Rezidan ak Imanitè Nasyonzini an, Madam Nicole Boni Kouassi; Responsab Operasyon Bank Mondyal ann Ayiti pou rejyon Amerik Latin ak Karayib la, Madam Anne-Lucie Lefebvre; Reprezantan Gwoup Bank Entèameriken pou Devlòpman (BID) la, Madam Corinne Cathala; ansanm ak reprezantan plizyè antite nan Sistèm Nasyonzini an, te patisipe nan atelye sa a.
PNSREST la te prepare anba lidèchip Gouvènman Ayiti a, atravè MPCE, avèk sipò teknik Sistèm Nasyonzini an. Li se kad estratejik nasyonal pou estabilizasyon ak relans pou peryòd 2026-2030 la. Li vize retabli prezans ak kapasite enstitisyon piblik yo nan teritwa kriz la afekte yo, retabli aksè ak sèvis esansyèl yo epi kreye opòtinite ekonomik, espesyalman nan zòn kote deplasman popilasyon an afekte. Gwoup sib yo gen ladan yo sitou fanm ak jèn, yon fason pou rezilta yo kapab pi konkrè ak vizib pou popilasyon an.
Pwogram nan chita sou uit pilye estratejik ki konekte youn ak lòt:
Gouvènans, sekirite ak administrasyon teritoryal;
Relans ekonomik ak mwayen pou viv;
Sèvis sosyal debaz;
Enfrastrikti esansyèl;
Anviwònman ak jesyon risk;
Sekirite kominotè ak retou dirab;
Jan, pwoteksyon ak enklizyon;
Pilotaj, analiz ak kowòdinasyon.
PNSREST la mete aksan tou sou inisyativ ki kapab pote kwasans enklizif, kreye travay desan epi diminye faktè vilnerabilite kominote yo.
« Anbisyon Gouvènman an klè: pase soti nan yon lojik repons ponktyèl pou antre nan yon demach estriktire, kowòdone ak dirab, ki ap prepare depi jodi a relans peyi a. Popilasyon ayisyen an montre yon rezilyans ekstraòdinè. Repons nou an dwe nan nivo kouraj sa a. Pwogram nan pral vize kreye, nan zòn akèy yo, sitou andeyò zòn metwopolitèn nan, kondisyon ki pral pèmèt moun ki vle yo rete la yon fason dirab: sèvis, travay ak sekirite. Epi n ap fè sa ansanm ak kolektivite lokal yo, ki nan premye liy lan. PNSREST la se angajman kolektif nou pou pote espwa tounen kote li te disparèt, retabli prezans Leta kote li te efase, epi ofri chak Ayisyèn ak chak Ayisyen, kèlkeswa kote li ap viv, pèspektiv yon lavi ki diy ak an sekirite. » Doktè Sandra PAULEMON, Minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn
« Pou Nasyonzini, pwogram sa a mande yon angajman kolektif: ranfòse aliyman entèvansyon nou yo sou priyorite nasyonal yo, pi byen kowòdone kontribisyon ajans nou yo epi rann kont ansanm sou rezilta nou jwenn yo. Nan kapasite mwen kòm Kowòdonatris Rezidan, mwen lanse yon apèl pou plis mobilizasyon resous, nan kolaborasyon sere ak Gouvènman an ansanm ak tout patnè yo. » Doktè Nicole Boni KOUASSI, Kowòdonatris Rezidan ak Imanitè Nasyonzini ann Ayiti
Apre minis sektoryèl yo fin valide oryantasyon estratejik yo, pwochen etap yo pral gen ladan travay teknik pou presize definisyon pwogram ki anba diferan pilye yo, ansanm ak pwojè konkrè ki gen yon enpak vizib pou popilasyon an.
Mobilizasyon MPCE, Sistèm Nasyonzini an, enstitisyon finansye entènasyonal yo ansanm ak tout patnè teknik ak finansye yo bò kote kad estratejik sa a pral kontribye nan estabilizasyon ak relèvman dirab kominote kriz la afekte yo.