Lansman Tab sektoryèl sou Jèn yo – 17 jiyè 2026 - Diskou Kowòdonatris Rezidant Nasyonzini an Ayiti
20 jiyè 2026
Jèn yo pa yon chay lou. Yo se yon dividann pou valorize. [...] jèn yo ap inove, antreprann, kreye, òganize tèt yo epi kontribye nan devlòpman kominote yo"
Lejann: La DSRSG/RC/HC, Nicole Boni Kouassi, prononce son discours lors du lancement de la Table sectorielle de la Jeunesse
Ekselans Mesye Premye Minis, Mesye Minis Jenès, Espò ak Aksyon Sivik, Medam, Mesye, manm Gouvènman an, Ekselans, Medam, Mesye Anbasadè ak reprezantan kò diplomatik la, Medam, Mesye, reprezantan enstitisyon nasyonal yo, Chè kòlèg nan Sistèm Nasyonzini an, Medam, Mesye, reprezantan asosyasyon, gwoupman ak lòt estrikti jèn yo, Medam, Mesye, reprezantan sosyete sivil la, Medam, Mesye, reprezantan medya yo, Medam, Mesye,
Lansman Tab sektoryèl sa a sou jèn yo se yon etap enpòtan, Sistèm Nasyonzini an Ayiti akeyi l ak anpil enterè.
Mekanis dyalòg ak konsètasyon sa a montre angajman otorite nasyonal yo pou yo pi byen kwòdone enstitisyon yo, patnè yo ak resous yo, yon fason pou yo bay rezilta konkrè pou jèn ayisyen yo. Li montre tou yon volonte klè pou mete jèn yo nan kè politik piblik yo ak priyorite nasyonal yo.
Mwen vle salye lidèchip Gouvènman ayisyen an, sitou lidèchip Ministè Jenès, Espò ak Aksyon Sivik la, ansanm ak angajman Mesye Minis Pythagore Dumas ak ekip li a.
Medam, Mesye,
Nou tout konnen Ayiti ap travèse jodi a yon peryòd ki difisil anpil, ki make ak gwo defi nan domèn sekirite, ekonomi ak enstitisyon. Men reyalite sa a pa dwe fè nou bliye yon verite fondamantal : lavni peyi a depann anpil de kapasite li genyen pou l envesti nan jèn li yo.
Mwen t a renmen pataje twa mesaj jodi a.
Premyèman, jèn yo se pi gwo avantaj Ayiti genyen.
Nan nivo mondyal, limanite pa t janm genyen tout jèn sa yo, prèske 1,9 milya moun ki gen ant 10 ak 24 lane.
An Ayiti, reyalite sa a parèt pi klè toujou. Plis pase youn sou chak de Ayisyen gen mwens pase 25 lane, epi plis pase 5 milyon moun gen ant 15 ak 39 lane, sa ki reprezante anviwon 43 % popilasyon nasyonal la.
Jèn sa yo se yon fòs ekonomik enpòtan yo ye tou. Prèske 35 % antrepriz nan peyi a se jèn ki gen mwens pase 35 lane k ap dirije yo. Men, sèlman 9 a 11 % ladan yo ki rive anrejistre ofisyèlman, sa ki montre obstak jèn antreprenè yo toujou ap fè fas.
Chif sa yo fè nou sonje yon reyalite senp :
Jèn yo pa yon chay lou pou pote. Yo se pito yon dividann pou valorize. Toupatou an Ayiti, jèn yo ap inove, antreprann, kreye, òganize tèt yo epi kontribye nan devlòpman kominote yo.
Kesyon an se pa pou konnen si jèn ayisyen yo gen talan, enèji ak kreyativite ki nesesè pou yo reyisi. Kesyon an se : konnen ki jan pou nou kreye kondisyon ki pou pèmèt yo eksprime tout potansyèl yo.
Dezyèmman, envesti nan jèn yo se envesti tou nan estabilite ak lavni peyi a.
Defi jèn yo ap fè fas yo rete anpil. An 2025, chomaj te touche prèske 38 % jèn ki gen ant 15 ak 24 lane yo, pandan plis pase nèf travayè sou dis t ap evolye nan ekonomi enfòmèl la.
An menm tan, degradasyon sitiyasyon sekirite a afekte jèn yo dirèkteman. Daprè Nasyonzini, rekritman timoun nan gwoup ame yo ogmante 200 % pandan sèlman lane 2025 lan.
Chif sa yo se pa senp estatistik. Yo fè nou sonje envesti nan edikasyon, fòmasyon pwofesyonèl, travay, antreprenarya, patisipasyon sitwayen, kilti ak espò se envesti tou nan prevansyon vyolans, nan solidarite ak nan estabilite peyi a.
Se egzakteman apwòch sa a Sistèm Nasyonzini an ap ankouraje atravè estrateji Youth 2030 la, ki mete jèn yo pa kòm senp benefisyè politik piblik yo, men kòm patnè konplè nan konsepsyon, aplikasyon ak swivi politik sa yo.
Twazyèmman, Tab sektoryèl sa a dwe vin yon mekanis kwòdinasyon, patisipasyon ak rezilta.
Valè inisyativ sa a pa p mezire daprè kantite reyinyon ki fèt. Men l ap mezire selon kapasite li pou pi byen kwòdone entèvansyon yo, idantifye bezwen ki poko jwenn ase repons, mobilize resous ki nesesè yo epi akonpaye aplikasyon pwochen Politik nasyonal jenès la.
Nou deja konnen rezilta yo posib.
Nasyonzini ap soutni anpil inisyativ an favè jèn yo atravè diferan pwogram ak ajans li yo. Plizyè milye jèn te deja benefisye aktivite fòmasyon, patisipasyon sitwayen, pwomosyon lapè, edikasyon sou medya ak devlopman konpetans. Eksperyans sa yo montre, avèk bon jan patenarya ak envestisman byen vize, rezilta konkrè ka jwenn.
Men kounye a, nou dwe ale pi lwen. Nou dwe transfòme inisyativ ki reyisi yo an politik piblik dirab, ki kapab rive jwenn plis jèn nan tout rejyon peyi a.
Medam, Mesye,
Tab sektoryèl sa a ofri nou egzakteman okazyon pou pase de inisyativ pafwa ki gaye a yon vizyon nasyonal ki klè, kwòdone epi dirab. Li dwe pèmèt nou pi byen aliyen efò nou yo, ranfòse patisipasyon jèn yo epi tradui entansyon nou yo an aksyon konkrè.
Jèn Ayiti yo pa sèlman mande pou yo tande yo.
Yo mande pou yo patisipe, pou yo kontribye epi pou yo konstwi.
Responsablite kolektif nou se kreye kondisyon ki pral pèmèt yo fè sa.
Sistèm Nasyonzini an ap kontinye rete mobilize bò kote otorite ayisyen yo pou akonpaye volonte sa a.
Mèsi anpil!
Diskou fèt pa
Dr. Nicole Boni Kouassi
RCO
Reprezantant espesyal adjwent Sekretè jeneral la pou Biwo entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH) | Kowòdonatris rezidant | Kowòdonatris imanitè