Rapò ane 2025 _ EPNU: Semans pou lespwa - Se jodiya pou n bati lavni
... Rapò sa montre efò tèt ansanm ak rezilta Ekip NasyonZini an Ayiti bay sou tèren nan avantaj ak enterè popilasyon an. Malgre pwoblèm sekirite ak lojistik, ekip yo rete mobilize sou tèren. Yo adapte jan yo travay nan lide pou reponn ak bezwen kominote yo jan sa di nan Kad koperasyon pou devlopman dirab 2023-2027 e an akò ak priyorite otorite peyi a te defini pou peryòd tranzisyon.
Enpak yo, ki se rezilta travay ki fèt yo, parèt pi vizib toujou nan domèn devlòpman, ransfòsman lapè ak aksyon imanitè.
Biwo Kowòdonatè rezidan an Ayiti a eksprime rekonesans ak satisfaksyon li bay patnè ak aktè k ap travay san kanpe nan akonpaye peyi Ayiti nan efò l ap fè pou remanbre tèt li nan domèn ekonomi pou pemèt bon gouvènans ak estabilite politik ak enstitisyonèl tabli sou teritwa a, pou pote tou bon jan solisyon kont kriz ak katastwòf tout kalte peyi Ayiti ap fè fas jounen jodi a.An 2025, gras ak angajman nou chak, otorite Leta ayisyen, patnè teknik ak finansye, manb pèsonèl nasyonal ak entènasyonal plis volontè Nasyonzini yo, travay ekip peyi NasyonZini an ayiti rive fè enpak nan kominote li ap sèvi yo. Manb kominote yo eksprime satisfiksyon yo parapò ak rezilta travay ekip peyi NasyonZini an Ayiti a. Nòt remèsiman sa yo, se yon fason pou nou manifeste rekonesans nou devan pasyon, angajman nou chak pran ak swè nou fè pou nou wè Ayiti pran ray devlòpman dirab ak estabilite, pandan n ap kontinye mobilize pou n fè plis toujou epi pou n avanse ansanm pou lane 2026 la...
Nòt sou vèsyon kreyòl la pou lektè nou yo: Genyen kèk grafik nou pa tradui yon fason pou aleje dokiman an epi kenbe estrikti orijinal grafik sa yo ki mande anpil jimnastik pou jenere yo. Men esansyèl rapò a disponib an kreyòl. Menm si nou wè l make "FRENCH" nan lyen pou w klike pou w jwenn dokiman rapò a, se dokiman kreyòl la w ap jwenn.
Rapò konplè an kreyòl disponib nan lyen sa a 👇