Kominike laprès

Vizit Prensès Sarah Zeid ann Ayiti - Kominike pou laprès Biwo Kowòdonatris Rezidan Nasyonzini ann Ayiti

30 avril 2026

Lejann: Déclaration commune signée par (G à D): Nicole Kouassi (DSRSG/RC/HC), Princesse Sarah Zeid et Wanja Kaaria (CD PAM)
Foto: © Jefferson Belizaire / UN Haïti

Ann Ayiti, Prensès Sarah defann byennèt timoun yo ak otonomizasyon fanm yo kòm motè pou relans peyi a

Altès Wayal la Prensès Sarah Zeid fini yon misyon wo nivo Nasyonzini ann Ayiti, epi li lanse yon apèl pou ogmante envestisman nan sante manman ak tibebe ki fèk fèt, nan manje lekòl yo, ansanm ak nan rezilyans ak opòtinite ekonomik pou fanm yo.

·       Fanm ayisyèn yo jwe yon wòl santral nan sekirite alimantè ak revni fanmi yo, men y ap fè fas ak pi plis vyolans epi mwayen pou yo viv ap vin pi difisil.

·       Yon envestisman entegre esansyèl pou relans Ayiti, ki konsidere laj soti nan timoun ki pi piti pase nan laj adolesans jouk rive granmoun.

·       Yon pwopozisyon pou mete sou pye yon fon estratejik k ap la pou ranfòse efò kowòdone pou mobilize resous yo, epi pou garanti yon sipò entegre pou sante manman ak timoun, nitrisyon, edikasyon, pwoteksyon sosyal ansanm ak mwayen pou yo viv.

PÒTOPRENS, Ayiti – Prensès Sarah Zeid fini yon misyon kat jou ann Ayiti avèk yon apèl fò pou aksyon ijan pou ranfòse akonpayman pou fanm yo ki se motè esansyèl pou relans ekonomik lan, yon fason pou reponn ak agravasayon kriz imanitè ak kriz alimantè peyi a.

Se Nicole Boni Kouassi (Reprezantan Espesyal Adjwen Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Kowòdonatris Rezidant, Kowòdonatris Imanitè) ki te òganize vizit pledwaye wo nivo sila, ak akonpayman Direktris peyi Pwogram Alimantè Mondyal la, Wanja Kaaria. Vizit sa te vize pou mande plis angajman nasyonal ak entènasyonal, ogmante finansman yo epi ankouraje solisyon politik ki mete an priyorite sante manman ak tibebe ki fèk fèt, sekirite alimantè, ak otonomizasyon fanm ayisyèn yo ki se poto mitan ekonomi enfòmèl peyi a.

Prensès Sarah se Konseye Espesyal pou Inisyativ Kowòdonatè Sekou Ijans Nasyonzini an sou sante manman ak tibebe ki fèk fèt nan sitiyasyon kriz. Nan wòl sa a, li mete aksan sou kondisyon manman ak tibebe k ap viv nan zòn ki pi frape yo, yon fason pou yo pa bliye yo nan repons imanitè ak repons ijans. Depi anpil ane, li ap defann sante ak byennèt manman ak timoun nan tout kontèks.

Ann Ayiti, ogmantasyon vyolans, efondreman ekonomik, deplasman masiv ak feblès sèvis piblik yo plonje peyi a nan yon ijans imanitè kritik. Plis pase 6,4 milyon moun bezwen asistans imanitè epi plis pase mwatye Ayisyen yo ap fè fas ak yon ensekirite alimantè grav; fanm ak timoun yo se sila ki plis touche.

« Fanm yo se kolòn vètebral relans la ann Ayiti. Avni timoun yo depann de byennèt fanm yo ak otonomizasyon ekonomik yo », se sa Prensès Sarah di pandan rankont li ak responsab ayisyen yo, travayè imanitè ak kominote ki afekte yo. « Envesti nan fanm yo se pa charite; se fondasyon avni Ayiti. Sa ap bay pi bon nitrisyon, pi bon edikasyon, ak pi bon pwoteksyon pou timoun yo, pou yo ka siviv, grandi, aprann epi devlope. »

Nan fondasyon ajannda pledwaye sa a, envestisman soutni soti depi nan gwosès rive adolesans, nan sante, edikasyon ak nitrisyon, bagay sa yo esansyèl pou fòme avni timoun yo. Vizit la mete an evidans tou fondasyon sa a chita anpil sou zepòl fanm yo ki kontinye ap jere tout fanmiy yo ak tout kominote yo malgre ensekirite k ap ogmante ak majinalizasyon ekonomik.

« Nou dwe travay ansanm san pèdi tan pou soutni fanm yo pou yo reyalize chanjman ki enpòtan pou lavi; pou garanti sante manman ak timoun, yon nitrisyon adekwa, aksè ak edikasyon, swen sante ak sèvis pou timoun yo, fanm yo ak sivivan vyolans ki baze sou jan. Aksyon sa yo dwe kontinye nan menm liy ak efò pou pran an chaj ak fasilite aksè ak sèvis sosyal yo, epi yo ouvri chemen pou pwogrè dirab pou fanmi yo, yo retabli mwayen pou yo viv, yo bay fanm yo otonomi ekonomik epi yo kreye estabilite pou kominote yo », se sa Nicole Boni Kouassi, Kowòdonatris Rezidant ak Kowòdonatris Imanitè Nasyonzini an, deklare.

Misyon an te fini ak yon deklarasyon ki mande donatè entènasyonal yo, gouvènman yo ak patnè sektè prive a pou yo mobilize bò kote Ayiti nan moman desizif sa a. Pwopozisyon sa yo gen ladan mete sou pye yon mekanis dedye andedan fon estratejik yo prevwa a, pou finanse relans ekonomik fanm yo, pandan y ap devlope patenarya inovatif pou ranfòse pledwaye a epi garanti resous dirab pou benefis fanm ak timoun ayisyen yo.

Jefferson Belizaire

Jefferson Belizaire

RCO
Ofisye asosye kòdinasyon devlòpman / Pwogram kominikasyon ak pledwaye
Tanya Birkbeck

Tanya Birkbeck

PAM
Chèf kominikasyon

Antite LONI ki ap patisipe nan inisyativ sa a

RCO
Biwo Kowòdonatè Rezidan Nasyonsini a
PAM
Pwogram Alimantè Mondyal

Objektif nou ap sipòte ak inisyativ sa a