Kominike laprès

Trajedi nan Sitadèl Laferyè : Kominike Biwo Kowòdonatris Rezidant ak Imanitè a

13 avril 2026

Aprè trajedi ki rive nan Sitadèl Henry, Biwo Kowòdonatris Rezidant ak Imanitè a koube li byen ba nan memwa viktim yo epi li reyafime angajman li bò kote Ayiti

Foto: © Organisation de Gestion de la Destination Nord d’Haïti (OGDNH)

Pòtoprens, 13 avril 2026 – Biwo Kowòdonatris Rezidant ak Imanitè Nasyonzini ann Ayiti eksprime gwo tristès li apre trajedi ki rive nan Sitadèl Laferyè nan dat 11 avril 2026. Selon dènye bilten pwovizwa Ministè Kilti ak Kominikasyon pibliye, yon foul moun ki te vin pa ka kontwole lakoz lanmò anviwon trant moun, epi blese plizyè dizèn lòt.

Nan non Kowòdonatris Rezidan ak Imanitè a, Madanm Nicole Boni Kouassi, Biwo a prezante sensè kondoleyans li bay fanmi ki viktim yo. Li eksprime tou solidarite li ak Gouvènman Ayiti a ansanm ak tout pèp ayisyen an.

Biwo Kowòdonatris Rezidant ak Imanitè Nasyonzini an koube l byen ba avèk respè devan memwa viktim yo epi li lanse apèl pou sivivan yo jwenn swen medikal apwopriye ak tout kalite sipò ki nesesè. Li reyafime angajman li pou kontinye apiye Ayiti nan moman sa a ki difisil anpil, nan yon kontèks ki deja chaje ak kriz tout kalite, ki pran anpil tan pou rezoud epi ki mete anpil presyon sou popilasyon an.

*FEN*

Jefferson Belizaire

Jefferson Belizaire

RCO
Ofisye asosye kòdinasyon devlòpman / Pwogram kominikasyon ak pledwaye

Antite LONI ki ap patisipe nan inisyativ sa a

RCO
Biwo Kowòdonatè Rezidan Nasyonsini a

Objektif nou ap sipòte ak inisyativ sa a