Kominike laprès

Jounen Entènasyonal Fanm 2026 - Kominike konjwen Nasyonzini an Ayiti

8 mas 2026

Nou dwe chwazi lajistis ak aksyon kolektif solid yon fason pou repare tò ki fèt yo, retabli espwa, diyite ak konfyans fanm ak tifi yo ki ap mande yon sèl bagay ki se : viv an sekirite epi jwi tout dwa yo nèt ale.

Pòtoprens, 8 mas 2026 – 

Nan okazyon Jounen Entènasyonal Fanm, tout antite ki fòme Sistèm Nasyonzini an Ayiti lanse yon apèl nan lide pou genyen bon jan aksyon tout bon vre anfavè dwa politik, ekonomik ak sosyal fanm yo jan sa koresponn ak tèm jounen an pou ane sa a : « Dwa. Jistis. Aksyon. Pou tout Fanm ak Tifi ». 

Tèm sa a jwenn yon gwo eko an Ayiti nan yon kontèks kote fanm ak tifi kontinye viktim vyolans: kit se vyolans seksyèl, fizik oswa sikolojik. Fanm ak tifi se gwoup moun ki plis viktim yo.

Dènye rapò Nasyonzini sou sitiyasyon dwa moun an Ayiti montre genyen plis pase 8 000 ka vyolans ki baze sou jan ki anrejistre an 2025. Plis pase mwatye nan ka sa yo se vyolans seksyèl kote prèske de tyè nan yo se vyòl kolektif. Timoun yo pa epaye non plis. Genyen 566 ka vyolans seksyèl sou minè ki dokimante ladan yo 160 ka vyòl kolektif.

Fanm ak timoun fè pati gwoup moun ki pi vilnerab yo. Yo ap fè fas ak ensekirite alimantè ki touche prèske 5.7 milyon moun an Ayiti. Sa vle di plis pase mwatye popilasyon an nan grangou. Ensekirite alimantè lakay fanm yo vin pi grav ankò akoz yo manke mwayen pou yo viv ak pou yo fè biznis.

Pandan tan sa, kriz deplasman entèn nan kontinye ap ogmante risk popilasyon an ap fè fas. Pami plis pase 1.4 milyon moun ki deplase, 54 % se fanm. Kriz la plis frape fanm yo ak timoun yo paske yo reprezante plis pase mwatye moun ki deplase yo. Sa lage gwo kè sote pou pwoteksyon dwa yo.

Dèyè chif sa yo, se lavi moun ki ap brize an miyèt mòso. Fanm, manman, tifi, jèn fi, pwofesyonèl fi, machann ki ap viv ak yon andikap, yo tout ap fè fas ak vyolans sistemik. Yon vyolans ki mande repons ki chita sou: prensip ak valè dwa moun, chwa klè pou lajistis ak aksyon kolektif solid yon fason pou repare tò ki fèt yo, retabli espwa, diyite ak konfyans fanm ak tifi yo ki ap mande yon sèl bagay ki se : viv an sekirite epi jwi tout dwa yo nèt ale.

Pandan li ap salye pwogrè ki fèt nan patisipasyon fanm yo epi rekonèt plas ak angajman medam yo nan domèn devlopman, Sistèm Nasyonzini ap fè konnen yon lòt fwa ankò tèm ane sa a — Dwa. Jistis. Aksyon. — dwe kontinye fè eko an Ayiti ak bon jan aksyon.

An Ayiti, fanm yo jwe yon wòl kle nan dinamik ekonomik kominote yo. Nan sans sa a, aksyon yo dwe fèt ak fanm, pou fanm selon priyorite fanm yo idantifye.

Nan yon moman kote sekirite ak òganizasyon eleksyon lib ak enklizif parèt kòm pi gwo defi nasyonal, fanm yo dwe jwe yon wòl santral nan konstriksyon yon sosyete ki pi an sekirite, pi jis ak plis demokratik pou garanti patisipasyon yo nèt ale nan tout nivo pwosesis desizyonèl la.

Nan yon peyi kote prèske pa gen fanm nan espas piblik ak desizyonèl yo; kidonk, li enpòtan anpil pou tabli lapè nan espas politik peyi a, rann li jis ak aksesib pou tout moun nan adopte bon jan politik piblik ki baze sou lalwa ak bon jan prensip ak mezi ki anfavè tout moun san paspouki.

Se sèlman nan kondisyon sa yo nou ka garanti yon patisipasyon total, efikas ak aktif fanm yo: pa sèlman nan lavi politik, men tou nan tout espas kote desizyon ap pran.

Pou reprann pawòl Sekretè Jeneral la, nou dwe elimine tout vye lwa ak move pratik paspouki patipri yon fason pou pèmèt tout fanm jwenn diyite ak libète yo merite epi fè yo jwenn opòtinite ki vini yo de dwa.

 

***FEN***

Jefferson Belizaire

Jefferson Belizaire

RCO
Ofisye asosye kòdinasyon devlòpman / Pwogram kominikasyon ak pledwaye

Antite LONI ki ap patisipe nan inisyativ sa a

BINUH
Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti
FAO
Òganizasyon Nasyonzini pour manje ak agrikilti
OIT
Òganizasyon Entènasyonal Travay
OIM
ÒganizsyonEntènasyonal pou Migrasyon
OCHA
Biwo Nasyonzini pour kowòdinasyon Afè Imanitè
OHCHR
Wo Komisarya Nasyonzini pou Dwa Moun
OPS
Òganizzasyon Panamerikèn Laante
ONIFANM
Antite Nasyonzini pou egallte ant sèks ak otonomizasyon fanm
ONUSIDA
Pwogram Konjwen Nasyonzini sou VIH/SIDA
PNUD
Pwogram Nasyonzini pou Devlopman
PNUE
Pwogram Nasyonzini pou Anviwonman
UNESCO
Òganizasyon Nasyonzini pou Edikasyon, Syans ak Kilti
UNFPA
Fon Nasyonzini pou Popilasyon
UNHCR
Wo Komisarya Nasyonzini pou Refijye
UNICEF
Fon Nasyonzini pou Timoun
UNODC
Biwo Nasyonzini kont dwòg ak Krim
UNOPS
Biwo Nasyonzini pou sèvis pwojè
PAM
Pwogram Alimantè Mondyal

Objektif nou ap sipòte ak inisyativ sa a