Kominike laprès

Nasyonzini ak patnè l yo lanse yon apèl pou jwenn 145,6 milyon dola pou ede Ayiti reponn ak kolera ak lòt ijans imanitè

15 novanm 2022

Pòtoprens, Ayiti, 15 Novanm:

Foto: © UNOCHA/Christian Cricboom

Gouvènman an, Nasyonzini ak patnè li yo lanse yon apèl jodi a pou chèche 145,6 milyon dola pou sipòte peyi a nan repons ijans kont nouvo vag kolera a epi pote èd ki nesesè bay 1,4 milyon moun k ap viv nan zòn ki pi touche yo.



Aprè plis pase twazan san yo pa rapòte okenn ka kolera an Ayiti, nan dat 2 oktòb 2022, otorite nasyonal yo te rapòte de nouvo ka konfime Vibrio cholerae nan zòn metwopolitèn lan, nan Pòtoprens. Depi 14 novanm, Ministè Sante Piblik ak Popilasyon rapòte 8,708 ka sispèk, 802 ka konfime ak 161 ka lanmò atravè peyi a. "Kolera se yon maladi ki ka prevni epi ki ka trete, chita sou eksperyans yo ak konesans yo, enstitisyon nasyonal yo te mete sou pye byen vit yon estrateji repons ak sipò ki efikas nan tèt kole ak kominote imanitè lokal ak entènasyonal la" selon Kòdonatris Rezidan Imanitè Nasyonzini an an Ayiti, Ulrika Richardson. Poutan,

ogmantasyon kantite ka yo nan dènye semèn yo ak pwopagasyon rapid maladi a nan peyi a bay kè sote.

Daprè OPS/OMS, 500,000 moun riske trape maladi a. Kriz kolera a frape anpil moun nan kominote ki deja nan bezwen yo. Dènye analiz ki fèt sou sekirite alimantè a, gen 4.7 milyon moun, prèske mwatye nan popilasyon an, k ap fè fas ak yon gwo nivo ensekirite alimantè, mete sou 19,200 moun nan sitiyasyon dezas, se pou premye fwa sa rive nan istwa peyi Dayiti. Ayisyen ak Ayisyèn ap fè fas tou ak yon ogmantasyon vyolans akòz aktivite gang ki gen zam yo.

Gang yo sèvi ak vyolans seksyèl an patikilye kòm zam pou teworize popilasyon an, epi konsa konkeri epi etabli kontwòl yo sou tout teritwa a. Prèske 100,000 moun deplase kounye a aprè yo te sove pou vyolans ki te anvayi peyi a depi jen 2021. Wout prensipal ki konekte kapital la ak rès peyi a twouve l anba kontwòl oswa enfliyans gang, ki limite oswa menm anpeche popilasyon an jwenn aksè jwenn ak sèvis debaz yo pandan plizyè mwa.

Nan kontèks sa a k ap vin pi mal chak jou pi plis, aktè repons lan depann de mwayen transpò altènatif ki koute pi chè pou kontinye bay asistans sou tout teritwa a, repons kont epidemi kolera a rantre ladann tou.

Nasyonzini ak patnè li yo ap mande finansman pou apèl sa a pou ede otorite nasyonal yo kwape pwopagasyon kolera a, atravè aktivite pou jwenn dlo potab, ijyèn ak asenisman ak swen sante, pandan y ap reponn ak bezwen ijan sekirite alimantè, nitrisyon ak pwoteksyon nan  zòn ki pi afekte yo.

Tout kominote imanitè a kanpe bò kote enstitisyon nasyonal yo pou fè fas ansanm ak defi kriz konplèks sa a Ayiti ap travèse.

Haïti 2022 Appel éclair Choléra (Novembre 2022) | ReliefWeb

-FEN-

Dekouvri kòman pou soutni apèl imanitè sa a: Ayiti 2022 Apèl imanitè pou kolera (Novanm 2022) | ReliefWeb

Pou plis enfòmasyon, kontakte: Elsa Bedouk elsa.bedouk@un.org | +509.3702.5769

Public Information and Reporting Officer, UNOCHA in Haiti

Antite LONI ki ap patisipe nan inisyativ sa a

OIM
ÒganizsyonEntènasyonal pou Migrasyon
OCHA
Biwo Nasyonzini pour kowòdinasyon Afè Imanitè
RCO
Biwo Kowòdonatè Rezidan Nasyonsini a
PNUD
Pwogram Nasyonzini pou Devlopman
UNICEF
Fon Nasyonzini pou Timoun
PAM
Pwogram Alimantè Mondyal
OMS
Òganizasyon Mondyal Lasante

Objektif nou ap sipòte ak inisyativ sa a